BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 8/12 p. 2
  • Pwoteje lespri nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pwoteje lespri nou
  • Ministè Wayòm nan — 2012
  • Sou menm sijè a
  • Yon asanble sikonskripsyon k ap ede nou prezève espirityalite nou
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Pwoteje konsyans ou
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Yon dispozisyon pou minis kretyen yo
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Pawòl Bondye a itil pou anseye
    Ministè Wayòm nan — 2013
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2012
km 8/12 p. 2

Pwoteje lespri nou

1. Ki tèm asanble sikonskripsyon pou ane sèvis 2013 la, e poukisa yo fè pwogram nan?

1 Jezi te di disip li yo pou yo renmen Jewova ak tout kè yo ak tout nanm yo ak tou lespri yo (Mat. 22:37, 38). Ane sa a, yo fè kongrè distri a, asanble sikonskripsyon an ak jounen asanble espesyal la pou yo ede nou fè moun nou ye pa anndan an vin pi solid. Jan nou ka sonje sa, tèm kongrè distri a se te: “Pwoteje kè nou!” Jounen asanble espesyal pou ane 2013 la gen tèm: “Pwoteje konsyans ou.” E seri asanble sikonskripsyon yo, ki pral kòmanse mwa pwochen, gen tèm: “Pwoteje lespri nou.” Li baze sou Matye 22:37. Yo fè pwogram sa a pou ede nou chak egzamine panse nou dekwa pou nou ka fè Jewova plezi plis toujou.

2. Pou ki kesyon nou dwe chèche jwenn repons pandan pwogram nan?

2 Sa yo pral prezante nan pwogram nan: Pandan n ap koute asanble sikonskripsyon an, nou dwe chèche jwenn repons pou kesyon sa yo, se yo ki pwen prensipal yo:

• Ki sa nou ka fè pou nou pa gen ‘panse lèzòm’?

• Kòman nou ka ede moun ki pa kwayan yo retire vwal ki bouche lespri yo?

• Ki mantalite nou dwe genyen?

• Ki byenfè nou jwenn lè nou fè bonjan meditasyon?

• Kòman nou ka kite Jewova modle panse nou?

• Ki sa mari, madanm, paran ak timoun yo ka fè pou fanmi yo gen kè kontan?

• Ki sa nou ka fè pou nou pare pou jou Jewova a?

• Ki sa sa vle di pou nou prepare lespri nou pou nou aji?

• Ki byenfè moun ki aplike sa yo aprann yo ap jwenn?

3. Poukisa li enpòtan pou nou asiste toule de jou asanble a, pou nou koute avèk atansyon, e pou nou aplike sa nou aprann yo?

3 Satan ap fè tout sa l kapab pou l kòwonp panse nou (2 Kor. 11:3). Se sa k fè, nou dwe pwoteje panse nou e nou dwe metrize l pou nou ka fè Jewova plezi. Nou bezwen kontinye montre nou gen panse Kris e nou dwe lite kont enfliyans monn sa a ki san lwa (1 Kor. 2:16). Kidonk, nou dwe pran dispozisyon pou nou asiste toule de jou asanble sikonskripsyon an. Nou bezwen koute avèk atansyon. Si nou aplike enfòmasyon yo pral prezante yo, sa ap ede nou prepare panse nou pou nou aji nan sèvis n ap akonpli avèk zèl an favè Wayòm nan. — 1 Pyè 1:13.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje