Pwogram pou semèn 27 out
SEMÈN 27 OUT
Kantik 100 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
ol chap. 4 § 1-9 (25 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Ezekyèl 35-38 (10 min.)
Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik (20 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: Anons. “Kèk chanjman nan reyinyon nou fè nan jou lasemèn nan.” Diskou. Apre diskou a, sèvi ak prezantasyon yo bay kòm modèl nan paj 4 la pou nou fè yon demonstrasyon kote nou pral montre fason nou ka kòmanse yon etid biblik premye samdi nan mwa septanm nan.
15 min: Bay temwayaj yon fason ki fasil pou lòt moun konprann. Konvèsasyon. Li baze sou liv Lekòl ministè teyokratik la, soti nan paj 226-229. Fè yon demonstrasyon sou youn oubyen de nan pwen yo pale nan sijè a.
10 min: Ki sa nou aprann? Konvèsasyon. Li Lik 10:1-4, 17. Egzamine fason vèsè sa yo ka ede nou nan travay preche ak anseye moun ki nan tèritwa a.
Kantik 57 ak priyè