“Bay yon temwayaj konplè”
1. Ki bèl egzanp apot Pòl te bay nan fason l te akonpli ministè l?
1 “Akonpli ministè ou byen.” (2 Tim. 4:5, Bib Kreyòl La). Se sèten, lè apot Pòl t ap bay Timote konsèy sa a konsyans li te klè. Anfèt, ant ane 47 ak ane 56 epòk nou an, apot Pòl te gentan fè twa vwayaj misyonè. Nan liv Travay la, plizyè fwa yo di apot Pòl te bay yon “temwayaj konplè”. (Tra. 23:11; 28:23.) Kòman n ka rive fè menm bagay la jodi a?
2. Ki sa n ka fè pou n bay yon temwayaj konplè lè n ap preche kay an kay?
2 Kay an kay: Pou n ka rive kontakte moun ki poko janm tande bon nouvèl la, nou bezwen fè efò pou n al lakay moun yo nan lè ki diferan nan jounen an. Gason yo ka lakay yo ta nan aprèmidi oubyen nan wikenn. Nou dwe fè tout sa n kapab pou n pale ak yon moun nan chak kay. Pase plizyè fwa nan kay ki pa gen moun yo. Bon, e si malgre tout efò nou fè nou pa rive jwenn moun nan kay sa yo? Petèt si n kite yon lèt pou yo oubyen si n rele yo nan telefòn sa ka bay bon rezilta.
3. Ki posiblite ou genyen pou w bay temwayaj ni nan andwa piblik ni yon fason enfòmèl?
3 Nan andwa piblik, nan enfòmèl: Jodi a, Temwen Jewova yo fè tout moun ki vle tande konnen “vrè sajès la”. Pafwa, yo fè sa “nan lari” oubyen “sou plas piblik”. (Pwo. 1:20, 21.) Lè n ap soti pou n al nan aktivite n ap mennen chak jou, èske nou prevwa bay moun yo temwayaj? Èske n ka di nou “okipe anpil nan preche pawòl la”? (Tra. 18:5.) Si repons lan se wi, nou akonpli obligasyon nou genyen pou n “bay yon temwayaj konplè”. — Tra. 10:42; 17:17; 20:20, 21, 24.
4. Kòman lapriyè ak meditasyon ka ede n bay yon temwayaj konplè?
4 Pafwa, nou ka pè bay moun yo temwayaj akoz yon feblès pèsonèl nou genyen oubyen akoz timidite. Se sèten, Jewova konprann limit nou (Sòm 103:14). Sepandan, lè nou jwenn kèk okazyon pou n bay temwayaj, nou ka priye Jewova pou l ban nou kouraj pou n ka pale ak moun yo (Tra. 4:29, 31). Anplis de sa, lè n ap fè etid pèsonèl e lè n ap medite sou Pawòl Bondye a nou ka pran tan pou n ogmante apresyasyon nou pou kokenn enpòtans bon nouvèl la genyen (Fil. 3:8). Sa ap pouse nou pataje bon nouvèl la ak lòt moun avèk zèl.
5. Kòman nou ka patisipe nan akonplisman pwofesi Yowèl la?
5 Pwofesi Yowèl la te predi anvan gran jou Jewova a rive, yon jou ki bay lakrentif, pèp Jewova a t ap “kontinye” preche e yo pa t ap kite anyen dekouraje yo nan travay sa a (Yow. 2:2, 7-9). Se pou n fè tout sa nou kapab pou n patisipe nan travay sa a, yon travay moun pap janm fè ankò!