Se pou nou dilijan : Annou “ bay yon temwayaj konplè ”
1, 2. Ki sa ki frape atansyon w sou fason Pòl te konsidere predikasyon bon nouvèl la ? Ki jan nou ka imite egzanp li kite nan fason li te konn fè pou li “ bay yon temwayaj konplè ” ?
1 Apot Pòl te yon predikatè zele ki t ap preche bon nouvèl la menm jan ak Jezi e menm jan ak pakèt lòt sèvitè fidèl ki t ap sèvi Bondye nan tan lontan. Li menm tou, li te konn “ bay yon temwayaj konplè ” nan kèlkeswa sitiyasyon an. Menm lè leta te entèdi l kite kay li, “ li te konn byen resevwa tout moun ki vin kote l, li te preche yo wayòm Bondye a e li te anseye yo bagay ki gen rapò ak Jezi Kris, Seyè a, li te fè sa avèk yon bèl franchiz ”. — Tra. 28:16-31.
2 Nou menm tou, nou bezwen dilijan, nou bezwen pwofite tout okazyon nou jwenn pou nou “ bay yon temwayaj konplè ”. Sa mande pou nou preche moun nou rankontre sou wout nou etan nou pral asiste kongrè distri “ Bay Bondye glwa ” a, e pandan nou nan vil kote kongrè a ap fèt la. — Tra. 28:23 ; Sòm 145:10-13.
3. Ki jan nou ka fè pou nou pa fè temwayaj enfòmèl la tounen temwayaj okazyonèl ?
3 Temwayaj okazyonèl oubyen temwayaj enfòmèl ? Èske gen yon diferans ? Wi, gen yon diferans. Yon bagay ki okazyonèl se yon bagay ki rive sou chans, san yo pa t prevwa fè l. Se tankou yo pa t planifye l oubyen li pa t gen anpil enpòtans. Definisyon sa a pa kadre ak aktivite predikasyon an. Bay Bondye glwa se yon bagay ki te gen tout enpòtans li pou Pòl e sa gen tout enpòtans li pou nou tou. Sa fè, pandan n ap vwayaje nan peryòd gran vakans lan, nou bezwen gen nan tèt nou pou nou preche tout kote li apwopriye. Sepandan, sa k fè nou di temwayaj enfòmèl, se paske nan moman nou abòde moun yo nou rilaks, nou amikal e nou pa nan predikasyon. Se yon metòd ki bay bon rezilta.
4. Sa k fè Pòl te ka preche kote l te rete a ?
4 Prepare nou pou sa : Lè Pòl te nan peyi Wòm li te oblije kreye okazyon pou l preche menm lè leta te entèdi l kite kay li. Sa l te fè, li te pran inisyativ envite Juif ki ret nan zòn nan lakay li (Tra. 28:17). Malgre te gen yon kongregasyon Wòm, Pòl te aprann sa kominote juif ki nan vil la te tande nan bouch kretyen yo dirèkteman sou kwayans yo pa t anpil (Tra. 28:22 ; Wom. 1:7). Li pa t manke pa “ bay yon temwayaj konplè ”, li te pale yo de Jezi e de Wayòm Bondye a.
5, 6. Ki okazyon nou ka jwenn pou nou bay temwayaj enfòmèl ? Ki jan nou ka prepare nou pou nou byen fè sa ?
5 Depi anvan w vwayaje reflechi sou tout moun ou ka gen posiblite pou w pale avèk yo. Gen ladan yo se apèn si yo tande pale de Temwen Jewova. Yo gendwa pa menm konnen si nou konn al lakay moun pou nou etidye Labib ak yo. Nou bezwen toujou ap veye tout okazyon pou nou preche moun nou rankontre lè n ap vwayaje, lè machin yo ap chaje, lè yo kanpe pou yo fè gaz oubyen pou pasaje yo manje, lè n al achte, lè nou nan otèl, lè n al nan restoran, eksetera. Nou ka pwofite okazyon nou jwenn menm lè nou nan machin prive. Prevwa ki sa w pral di pou w ka kòmanse yon konvèsasyon e pou w ka bay yon mesaj ki tou kout. Petèt nan jou k ap vini yo ou ka tou pwofite fè pratik. Ou ka bay vwazen w, fanmi w, kòlèg travay ou ak lòt moun ou konnen yon temwayaj enfòmèl.
6 W ap bezwen mache ak piblikasyon pou w bay temwayaj enfòmèl. Ki piblikasyon konsa ? Ou kapab sèvi ak feyè Aimeriez-vous en savoir plus sur la Bible ? Montre moun nan senk premye paragraf yo kote yo bay plizyè rezon ki pou fè yon moun li Labib. Montre l fòm ki nan do feyè a sou fason pou yon moun mande etid biblik. Lè w jwenn yon moun ki koute, ofri l bwochi Bondye vle a. Mache ak bwochi Une bonne nouvelle pour toutes les nations an pou si nou rankontre moun ki pa pale kreyòl. Nan paj 2 a, yo esplike ki jan nou ka sèvi ak bwochi sa a pou nou preche. Si w ap vwayaje nan machin prive, li ta bon pou w mache ak kèk piblikasyon apwopriye pou w kite nan men moun ki montre mesaj wayòm nan enterese yo toutbon vre.
7, 8. Ki prekosyon nou ta dwe pran ni nan aparans nou, ni nan konduit nou lè nou pral nan kongrè ak lè nou pa nan moman kongrè a ?
7 Veye sou aparans nou ak sou konduit nou : Nou bezwen asire nou jan nou kondui nou, jan nou abiye, jan nou penyen ak jan nou makiye pa bay moun yon move enpresyon ni fè yo pale òganizasyon Jewova a mal (Tra. 28:22). Sa pa valab sèlman pandan nou nan kongrè a, men sa valab tou ni lè nou prale, ni lè n ap tounen, ni lè nou nan moman kote jounen kongrè a fini. Toudegad 1ye out 2002 a [fransè] esplike nou kèk prekosyon nou bezwen pran. Men ki sa l di nan paj 18 paragraf 14 : “ Nan aparans nou, nou pa ta dwe estravagan. Rad nou pa ta dwe ni dekòlte ni twò sere ni twò kout ni twò klè. Yo pa ta dwe montre nou esklav mòd. Anplis, nou bezwen abiye yon fason ki montre nou gen ‘ respè pou Bondye ’. Sa mande pou nou reflechi, pa vre ? Nou pa ta dwe byen abiye sèlman lè n ap vin nan reyinyon [oubyen nan kongrè] epi nan lòt sikonstans pou nou ta penyen lage. Aparans nou dwe toujou montre nou gen respè pou Bondye, piske nou se minis Bondye 24 sou 24. ” — 1 Tim. 2:9, 10.
8 Nou dwe abiye yon fason ki modès e ki montre nou gen diyite. Si aparans nou ak konduit nou toujou ann amoni ak kwayans nou genyen nan Bondye, nou pap janm santi nou mal alèz pou nou bay temwayaj enfòmèl, jan sa ka rive yon moun ki pa gen yon aparans apwopriye antanke minis Bondye. — 1 Pyè 3:15.
9. Ki bon rezilta Pòl te jwenn lè l te preche nan peyi Wòm ?
9 Temwayaj enfòmèl bay bon rezilta : Pandan dezan Pòl te fè nan peyi Wòm, kote leta te entèdi l kite kay li, li te wè bon rezilta efò l te fè pou l te preche yo te bay. Dapre sa Lik rapòte, ‘ gen moun ki te vin kwè bagay li te di yo ’. (Tra. 28:24.) Kòm Pòl te gen posiblite “ bay yon temwayaj konplè ”, li te konstate pou kont pa l ki bon rezilta sa bay. Men sa l te di : “ Sitiyasyon m ye a ale nan sans pwogrè bon nouvèl la pito, olye l ale nan lòt sans. Konsa, tout moun pami gad pretoryen yo e pami rès moun yo vin konnen chenn ki mare m yo gen rapò ak Kris. E pifò nan frè yo, frè ki ann inyon avèk Seyè a, piske yo vin gen konfyans dèske m nan prizon, yo montre yo gen plis kouraj toujou pou yo bay pawòl Bondye a san yo pa pè. ” — Fil. 1:12-14.
10. Gen yon frè ak tout madanm li ki te preche yon dam nan peryòd vakans ane pase, ki rezilta yo te jwenn ?
10 Ane pase, nan peryòd gran vakans lan, gen yon frè ansanm ak madanm li, apre yo sot nan kongrè distri, yo te bay yon dam k ap travay nan yon restoran temwayaj enfòmèl. Yo te reponn kesyon dam nan te poze yo sou ensiy ki sou yo a, e sa te bay bon rezilta. Mesyedam yo te pale l de kongrè a e yo te pale l de espwa Bib la bay sou jan demen ap ye. Yo te fè l kado yon feyè Aimeriez-vous en savoir plus sur la Bible ? e yo te pale l de etid nou fè ak moun. Dam nan di li ta renmen pou yon moun vin vizite l. Li te ranpli fòm ki nan do feyè a e li te mande mesyedam yo pou yo planifye sa pou li. E ou menm, èske w konnen ki bèl rezilta w ap jwenn ane sa a si, avèk dilijans, ou “ bay yon temwayaj konplè ” ?
11. Ki kalite nou bezwen devlope lakay nou pou nou ka pwopaje bon nouvèl la nan peryòd vakans lan, etan n ap “ bay yon temwayaj konplè ” ?
11 Annou pwopaje bon nouvèl la kòrèkteman : Imajine jan Pòl te kontan lè l te tande jan kretyen parèy li yo imite egzanp li bay kòm moun ki zele ! Annou fè tout sa nou kapab pou nou pwopaje bon nouvèl la lè nou bay temwayaj enfòmèl sou kwayans nou ki chita sou Bib la pandan nou nan peryòd kongrè distri a, yon kongrè kote n ap tire pwofi.
[Kare nan paj 3]
Piblikasyon n ap bezwen pou nou bay temwayaj enfòmèl
■ Aimeriez-vous en savoir plus sur la Bible ? (feyè)
■ Ki sa Bondye vle nou fè ? (bwochi)
■ Une bonne nouvelle pour toutes les nations (bwochi)
■ Lòt piblikasyon ki apwopriye
[Kare nan paj 4]
Pa bliye yo !
Pa bliye kiyès ? Tout moun laverite enterese ki te vin nan Memoryal lanmò Kris la oubyen ki te asiste diskou espesyal la. Èske nou envite yo nan kongrè distri ane sa a ? Gen anpil ladan yo ki ka vini si, jantiman, nou ankouraje yo fè sa. Lè yo rasanble avèk nou, non sèlman prezans nou fòtifye yo, men tou yo benefisye yon pwogram espirityèl ki ankourajan, e sa ap fè yo vin pi pwòch Jewova ansanm ak òganizasyon l lan. Envite yo pou w wè si yo pap aksepte. Ba yo tout enfòmasyon yo bezwen sou kongrè a tankou dat l ap fèt, ki kote, a ki lè sesyon yo ap kòmanse e a ki lè y ap fini. Ou ka sèvi ak Réveillez-vous ! 8 jen 2003 a pou ba yo yon apèsi sou kongrè a.