Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa me
“Yon bagay nou gen lakay nou sèke nou tout konn fè erè. Dapre ou menm, èske Bondye ka padone yon moun si l fè peche ki vrèman grav?” [Kite moun nan reponn.] Montre moun nan sijè ki nan paj 15 nan Toudegad 1ye me a, egzamine premye paragraf la avè l epi pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
La Tour de Garde 1ye me
“Nou ta renmen konn opinyon w sou vèsè sa a. [Li 1 Jan 4:8.] Anpil moun dakò ak pawòl sa yo, poutan gen lòt moun ki panse Bondye se yon mechan piske, selon yo menm, se li ki lakòz katastwòf natirèl yo oubyen se li ki kite yo fèt. E ou menm, ki sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Peryodik sa a montre bonjan rezon nou genyen ki fè nou pa dwe jije Bondye kòm yon mechan.”
Réveillez-vous! Me
“N ap vizite tout vwazen yo pou nou fè ti pale avèk yo sou yon pwoblèm ki bay anpil moun kè kase. Se pwoblèm krim nan. Gen moun ki panse pou yo rive rezoud pwoblèm sa a se pou yo mete plis polis nan lari. E ou menm ki sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Èske w konnen Bib la pwomèt nou Bondye pral mete fen nan pwoblèm krim nan? [Li Sòm 37:10, 11.] Peryodik sa a pale sou bèl asirans sa a nou jwenn nan Bib la e li bay kèk bagay pratik nou ka fè pou nou pwoteje tèt nou kont krim.”