Ogmante posiblite n genyen pou n louwe Jewova
1. Ki nouvo dispozisyon yo pran k ap ede nou “fè anpil elòj pou Jewova”?
1 Nan mwa mas ki sot pase a, nou te kòmanse ak yon nouvo dispozisyon, kote tout pwoklamatè gen posiblite pou yo pran sèvis pyonye oksilyè pou 30 èdtan pou mwa mas, avril ak mwa siveyan sikonskripsyon an ap vizite kongregasyon an. Si semèn vizit siveyan sikonskripsyon tonbe sou de mwa, pwoklamatè ki te ranpli fich pou 30 èdtan yo ka chwazi youn nan de mwa yo pou yo sèvi kòm pyonye oksilyè. Tout pyonye oksilyè yo ka asiste tout reyinyon siveyan an ap fè ak pyonye pèmanan yo ansanm ak pyonye espesyal yo. Sa vle di, si 50 èdtan yo mande a twòp pou nou bay, nou ka toujou “fè anpil elòj pou Jewova” jiska kat fwa nan yon ane antanke pyonye oksilyè pou 30 èdtan! — Sòm 109:30; 119:171.
2. Ki posiblite moun ki pyonye oksilyè pandan vizit siveyan sikonskripsyon an genyen?
2 Pandan vizit siveyan sikonskripsyon an: Kounye a, plis moun ka pyonye oksilyè pandan vizit siveyan sikonskripsyon an. E lè yo patisipe nan ministè a ansanm ak li, youn ap ka ankouraje lòt (Wom. 1:11, 12). Petèt, anpil pyonye oksilyè ap aranje yo pou yo pran yon jou konje pandan semèn vizit la pou yo ka soti nan predikasyon avèk siveyan an. Pyonye oksilyè k ap travay nan jou lasemèn yo ka mande siveyan an si yo ka preche avè l oubyen si yo ka fè etid ak li samdi oubyen dimanch. Anplis de sa, se pa ti ankourajan sa ap ankourajan pou pyonye oksilyè yo asiste reyinyon pyonye a ak pyonye pèmanan yo ansanm ak pyonye espesyal yo!
3. Poukisa epòk Memoryal la se bon moman pou nou pyonye oksilyè?
3 Pandan mwa mas ak avril: Moun ki te konn pwofite dispozisyon yo pran pou pyonye oksilyè yo bay 30 èdtan pandan epòk Memoryal la ka double ‘lwanj y ap bay Bondye kòm sakrifis’ kounye a (Ebre 13:15). Mas ak avril se de bon mwa pou n ogmante patisipasyon nou nan ministè a, lè nou pran sèvis pyonye oksilyè. Chak ane, nan peryòd Memoryal la, nou patisipe nan yon bèl kanpay pou n envite moun vin asiste Memoryal la. Anplis de sa, piske anpil moun ogmante patisipasyon yo nan predikasyon pandan epòk sa a, nou gen posiblite pou n preche ak diferan pwoklamatè. Apre Memoryal la, nou pousuiv enterè moun ki te vin asiste Memoryal la demontre e nou te ankouraje yo pou yo vin koute diskou espesyal la. Èske kè w pa pouse w pwofite posiblite sa yo ou genyen anplis pou w pyonye oksilyè? — Lik 6:45.