BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/13 p. 8
  • Kèk modèl prezantasyon

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Kèk modèl prezantasyon
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2011
  • Poukisa m dwe evite pònografi?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Pònografi — Li san danje oubyen li se pwazon?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Poukisa m dwe rejte pònografi?
    Kesyon jèn yo konn poze
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2013
km 7/13 p. 8

Kèk modèl prezantasyon

Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa out

“Prèske tout moun konn priye Bondye nan yon moman nan lavi yo. Menm moun ki di yo pa kwè nan Bondye yo konn priye lè yo nan pwoblèm. Èske w panse Bondye koute tout priyè?” Kite moun nan reponn. Montre moun nan do Toudegad 1ye out la, egzamine repons yo bay pou premye kesyon an avè l epi pale sou omwen youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.

Nòt: Nou dwe itilize prezantasyon ki pi wo a pou nou fè yon demonstrasyon nan reyinyon predikasyon 3 out.

La Tour de Garde 1ye out

“Nou pase wè w pou yon ti moman pou n fè yon ti pale sou yon pwoblèm ki gaye toupatou kounye a e ki chaje tèt anpil moun, se pònografi. Poutan, gen moun ki panse pònografi se yon distraksyon ki pa gen okenn danje ladan l. E ou menm sa w panse? [Kite moun nan reponn.] Jezi te di nou ka verifye si yon bagay bon oubyen si l pa bon grasa fwi li bay. [Li Matye 7:17.] Peryodik sa a egzamine fwi pònografi bay. Li bay konsèy pratik sou sa yon moun ka fè pou l sispann gade pònografi.”

Réveillez-vous! Out

“Pifò nan nou ta renmen viv pi lontan posib. Èske w panse yon jou moun ap ka viv pou tout tan grasa gwo pwogrè yo fè nan domèn syantifik? [Kite moun nan reponn.] Gade yon bèl pwomès Bondye fè nou. [Li 1 Korentyen 15:26.] Men, ki jan Bondye pral reyalize pwomès sa a? Èske se lasyans l ap itilize oubyen èske se yon lòt mwayen? Ansuit, poukisa kounye a nou vyeyi e nou mouri? Peryodik sa a montre fason Bib la reponn kesyon sa yo.”

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje