BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 9/13 p. 1
  • Pran pwofèt yo kòm egzanp: Amòs

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pran pwofèt yo kòm egzanp: Amòs
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Pale Pawòl Bondye a avèk kran
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Jewova ap egzekite jijman l sou mechan yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Chèche Jewova, Bondye ki konn egzamine kè a
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Pinga nou ezite !
    Ministè Wayòm nan — 2007
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2013
km 9/13 p. 1

Pran pwofèt yo kòm egzanp: Amòs

1. Poukisa nou ka jwenn ankourajman nan egzanp Amòs?

1 Èske w konn panse ou pa kalifye pou w preche moun yo paske w pa t fè gwo klas? Si w konn panse sa, ou ka jwenn ankourajman nan egzanp Amòs. Amòs se yon moun ki te konn gade mouton e li te konn travay nan jaden kèk sezon byen presi nan ane a. Jewova te ba l misyon pou l pwoklame yon mesaj pisan (Amòs 1:1; 7:14, 15). Menm jan an tou, jodi a, Jewova sèvi ak moun ki pa fè gwo klas e ki pa gen gwo mwayen pou l fè travay li (1 Kor. 1:27-29). Ki leson nou ka aprann nan egzanp pwofèt Amòs ki ka itil nou nan ministè a?

2. Poukisa nou ka kenbe fèm lè nou jwenn opozisyon nan ministè a?

2 Kenbe fèm lè nou jwenn opozisyon: Lè Amatsya, yon prèt ki te nan wayòm dis tribi ki te nan nò Izrayèl la, yon prèt ki t ap adore ti bèf, te tande pwofèt Amòs ap pwofetize, se tankou l te reponn pwofèt la, li di l: ‘Al fè wout ou. Ba moun repo yo! Nou deja gen relijyon pa nou!’ ​(Amòs 7:12, 13). Amatsya te tòde sans pawòl Amòs te di yo lè li t al mande wa Yawobam pou l entèdi travay pwofèt la t ap fè a (Amòs 7:7-11). Men, Amòs pa t kite sa dekouraje l. Jodi a, gen kèk manm klèje ki konn chèche sipò nan men politisyen pou yo ka pèsekite pèp Jewova a. Sepandan, Jewova ban nou asirans pa gen zam yo fòme kont nou k ap reyisi pou lontan. — Iza. 54:17.

3. Site de pati ki gen nan mesaj n ap fè moun konnen jodi a.

3 Fè moun yo konnen jijman Bondye a ak benediksyon Bondye pral bay: Malgre Amòs te pwofetize kont wayòm dis tribi Izrayèl la, nan fen liv ki pote non l nan Bib la, li te pale sou pwomès Jewova fè pou l rebati peyi a e pou l vide benediksyon sou pèp li a (Amòs 9:13-15). Nou menm tou, n ap fè moun yo konnen “jou jijman” Bondye a ki gen pou vini. Men, mesaj sa a se sèlman yon pati nan ‘bon nouvèl konsènan wayòm nan’ nou dwe fè moun konnen an (2 Pyè 3:7; Mat. 24:14). Jewova pral detwi mechan yo nan Amagedòn, konsa l ap prepare teren an pou tout tè a ka tounen yon paradi. — Sòm 37:34.

4. Ki sa k fè nou sèten nou ka fè volonte Jewova?

4 Lè n ap preche mesaj Wayòm nan nan yon monn ki gen anpil opozan konsa, sa ka mete detèminasyon nou pran pou n viv ann amoni ak ve nou te fè Jewova a e pou nou fè volonte l la aleprèv (Jan 15:19). Sepandan, nou sèten Jewova ap kontinye kalifye nou pou n fè volonte l menm jan li te fè sa pou Amòs. — 2 Kor. 3:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje