BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 12/13 p. 1
  • Fason pou nou prepare entwodiksyon ki efikas

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou nou prepare entwodiksyon ki efikas
  • Ministè Wayòm nan — 2013
  • Sou menm sijè a
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Prepare premye pawòl nou pral di yo
    Ministè Wayòm nan — 2014
Ministè Wayòm nan — 2013
km 12/13 p. 1

Fason pou nou prepare entwodiksyon ki efikas

1. Poukisa li enpòtan pou nou fè bonjan entwodiksyon?

1 Menm jan yon bon ti sant manje ka fè yon moun anvi manje yon manje, se konsa tou yon bon entwodiksyon ka pèmèt nou vin gen yon bon konvèsasyon ak moun yo sou Bib la. Entwodiksyon ki efikas yo pa toujou gen menm longè, e yo pa toujou gen menm pawòl ladan yo. Men, menm jan ak yon ti manje ki gou, pou nou fè entwodiksyon ki efikas nou dwe toujou fè bonjan preparasyon alavans (Pwo. 15:28). Ki sa k ka ede n fè entwodiksyon ki efikas?

2. Kòman nou ka prepare yon entwodiksyon k ap enterese moun yo nan tèritwa a?

2 Chwazi sijè ki enterese moun yo: Entwodiksyon nou yo dwe fè moun k ap koute yo enterese nan sa n ap di yo, sinon yo ka pa koute nou. Kidonk, lè n ap prepare, nou bezwen panse ak sa k ap enterese moun yo nan tèritwa a. Ki sa ki enterese moun yo nan tèritwa a? Èske yo ta renmen pou yo gen yon bon gouvènman? Èske yo ta renmen pou yo gen yon lavi fanmi ki bay kè kontan? Oswa, èske se wè yo ta renmen wè lagè fini? An jeneral, moun yo renmen di sa yo panse. Donk, nou dwe pare nou pou nou poze moun yo yon kesyon k ap fè yo reflechi e k ap pouse yo di sa k nan panse yo. Èske w pa ta ka sèvi ak youn nan modèl entwodiksyon ki parèt nan Ministè Wayòm nan epi adapte l ak tèritwa w la? Detanzantan, poukisa w pa fè repetisyon entwodiksyon sa yo nan sware adorasyon an fanmi w lan?

3. Lè nou nan tèritwa a, kòman nou ka adapte entwodiksyon nou an selon kilti moun yo ak fason yo te leve?

3 Pran an konsiderasyon kilti moun yo ak fason yo te leve: Gen kèk kote, moun yo atann pou n pa pran tan pou n fè yo konnen rezon ki fè nou vin lakay yo. Tandiske, gen lòt kote, si n al lakay yon moun nou pa mande moun nan kòman l ye e nou pa ba l kèk enfòmasyon sou nou, petèt moun nan ka pran nou pou moun ki malelve. Nan kèk zòn, relijyon moun yo ban nou posiblite pou nou pale de Bib la san pwoblèm nan entwodiksyon n ap fè yo (Tra. 2:14-17). Sepandan, nan zòn kote moun yo nan yon relijyon ki pa yon relijyon kretyen, oswa yo pa fè pati okenn relijyon, li te ka pi bon si nou pale de Bib la lè nou tounen vizite moun nan, olye nou ta fè sa premye fwa nou pale avè l la. — Tra. 17:22-31.

4. Poukisa nou dwe veye sou premye pawòl n ap di nan entwodiksyon nou yo?

4 Premye pawòl n ap di yo: Nou dwe byen prepare premye pawòl n ap di yo. An jeneral, fraz ki kout e ki senp pi bon. Anplis de sa, li enpòtan anpil pou nou veye sou fason n ap di premye pawòl nou yo. Se pou nou mete vi nan sa n ap di yo. Nou dwe bay moun nan yon bèl souri pou nou montre l nou enterese nan li toutbon. Menm jan yon bon sant manje ka fè nou anvi manje yon bon ti manje, se konsa tou lè nou suiv sijesyon sa yo sa ka ede nou prepare entwodiksyon k ap ankouraje moun nan tèritwa a vin manje sou “tab Jewova” a. — 1 Kor. 10:21.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje