Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Prepare premye pawòl nou pral di yo
Rezon ki fè sa enpòtan: Si entwodiksyon nou fè a pa enteresan, sa ka fè moun n al preche a kanpe konvèsasyon an anvan menm nou ba l yon temwayaj. Kidonk, pou anpil pwoklamatè, premye pawòl yo di nan entwodiksyon yo fè se pawòl ki pi enpòtan nan prezantasyon y ap fè a. Se vre yo ban nou kèk modèl prezantasyon nan Ministè Wayòm nan ak nan liv Comment raisonner a, men, yo pa toujou gen yon entwodiksyon ki tou fèt pou chak sitiyasyon nou ka rankontre nan tèritwa a. Menmsi yo ban nou yon modèl prezantasyon ki tou fèt, pwoklamatè yo ka chwazi fè kèk ti chanjman ladan l oswa yo ka prepare pwòp prezantasyon pa yo. Donk, lè n al preche yon moun lakay li, n ap rive fè yon pi bon travay si nou pran san nou pou nou prepare premye pawòl n ap di yo olye nou di nenpòt sa k ta vin nan lespri nou. — Pwo. 15:28.
Eseye sa a pandan mwa a:
Pandan n ap fè adorasyon an fanmi, pran yon ti tan pou nou prepare premye pawòl nou pral di lè n ap patisipe nan travay predikasyon an. Apre sa, fè repetisyon.
Lè nou nan predikasyon, pale ak lòt pwoklamatè yo sou sa w prepare pou w di (Pwo. 27:17). Nou dwe chanje entwodiksyon n ap fè a si nou wè l pa t byen mache.