N ap etidye liv Annou pwoche bò kote Jewova a apati semèn 6 janvye
1. Apati semèn 6 janvye, ki posiblite nou pral genyen pou nou pwoche bò kote Jewova pi plis toujou?
1 Jewova vle nou pwoche bò kote l (Jak 4:8). Pou nou ka rive fè sa, apati semèn 6 janvye, nou pral etidye liv Annou pwoche bò kote Jewova a nan etid biblik kongregasyon an. Men ki sa youn nan premye paj liv la fè konnen konsènan rezon ki fè yo te ekri liv sa a: “Lè nou pran tan pou n medite sou fason Jewova demontre chak kalite li gen lakay li, lè nou pran tan pou n reflechi sou fason Jezi te demontre kalite sa yo jan Papa l t ap fè sa e lè nou vin konprann sa pou n fè pou n devlope kalite sa yo tou, sa ap ede n pwoche bò kote Bondye plis toujou.” Se vre, kongregasyon yo te deja etidye liv sa a ant ane 2004 ak ane 2005, men, gen anviwon de milyon pwoklamatè ki te vin konn laverite depi lè sa a. Kidonk, se pral pou premye fwa pwoklamatè sa yo pral etidye bèl kalite Jewova yo an detay. Lefètke yo pral etidye liv sa a ankò, sa pral ede pwoklamatè ki te deja etidye l yo vin gen plis apresyasyon pou kalite Jewova gen lakay li yo. — Sòm 119:14.
2. Ki jan yo pral etidye liv Annou pwoche bò kote Jewova a?
2 Fason nou pral etidye l: Frè k ap dirije etid la ap fè yon entwodiksyon ki tou kout, petèt l ap di youn oubyen de fraz. Yo pa di nou ki vèsè nou dwe li nan liv la, donk, pandan etid la, frè a ap chwazi kèk vèsè kle pou kongregasyon an li. Frè a ka poze youn oubyen de kesyon nan fen chak etid pou fè revizyon. Si pati n ap etidye a gen kare ki gen tit “Kesyon pou nou medite sou yo” a, frè a dwe sèvi avè l pou l fè revizyon. Si gen tan pou sa, frè k ap dirije etid la ka mande pou yo li kèk nan vèsè yo bay kòm referans nan kare a, epi annapre, li ka poze kèk lòt kesyon ankò pou ede moun yo di sa k nan panse yo.
3. Toutpandan n ap etidye liv sa a, ki sa nou dwe fè, e poukisa?
3 Byen pwofite liv la: Menmsi nou te deja etidye liv sa a, nou dwe prepare l alavans. Lè nou fè kòmantè, sa ap fè nou bay Jewova louwanj, sa ap ede nou sonje sa nou te etidye a, e sa ap pèmèt nou ankouraje lòt moun ki nan reyinyon an (Sòm 35:18; Ebre 10:24, 25). Toutpandan n ap medite sou kalite san parèy Jewova yo, sa ap ede nou pwoche bò kote l pi plis toujou (Sòm 77:11-13). Konsa, n ap vin gen plis detèminasyon pou nou obeyi kòmandman Jewova yo, e n ap gen plis anvi pou nou pale sou Jewova ak lòt moun. — Sòm 150:1-6.