Kèk eksperyans
◼ Ostrali: Jan, yon moun ki fè gwo klas, te konn al legliz lè l te timoun. Men, pi devan li te vin “yon ate wouj”. Gen yon frè, ki pyonye, ki te kite bwochi La vie a-t-elle été créée? a nan men Jan. Lè frè a te tounen vizite Jan, li te kite bwochi ki rele Origine de la vie a nan men l. Pou frè a te ka ede mesye a vin pi enterese, li te pote nouvo peryodik ki te gen atik sou kreyasyon ak peryodik ki gen atik sou pwofesi biblik yo pou mesye a. Lè frè a te panse Jan te pare pou l li liv La Bible: Parole de Dieu ou des hommes? nan, li te ba l liv la. Apre Jan te fin li liv la, li te kòmanse pale de tèt li kòm yon moun ki yon ti jan kwè nan Bondye. Apre sa, frè a te bay Jan liv Sa Labib anseye a. Frè a te montre Jan paragraf 8 nan paj 20 an ak paragraf 13 rive nan paragraf 16 nan paj 23 ak paj 24 la. Vèsè yo te bay nan liv la kòm referans te enpresyone Jan. Li tèlman te enpresyone ak sa l t ap aprann, men sa l te di: ‘Petèt mwen dwe pran yon lòt chans pou m aprann sa k nan Bib la.’
◼ Meksik: Gen yon mesye ki te fè yon pwoklamatè konnen li pa kwè se Bondye ki enspire Bib la. Pwoklamatè a ofri mesye a pou l ba l prèv se Bondye ki enspire Bib la. Apre plizyè ti pale yo te fè, sa mesye a te aprann nan Bib la te kòmanse touche kè l. Sa k te plis touche mesye a se sa l te aprann sou prensip Bondye yo. Men sa l te di pwoklamatè a: “Okòmansman lè w te konn li Bib la avè m, mwen te pran konsèy ki nan Bib la pou konsèy ki nan nenpòt lòt liv, e sa pa t di m anyen. Men, kounye a lè w ap li Bib la avè m, sitou konsèy ki pale sou moralite yo, sa touche konsyans mwen anpil.”
◼ Etazini: Pandan yon mari ak madanm li t ap patisipe nan bay temwayaj an piblik nan yon gwo vil, jan yo te mande yo fè sa, yo te rankontre ak yon dam ki kwè nan Bondye men, ki panse Bib la fèt pou moun ki soti ann Oryan. Dam nan te vin devan tab ki te gen piblikasyon yo paske li te santi lavi l pa gen sans, malgre l te yon moun ki te gen anpil kòb. Li te swete Bib la te ka ede l mennen yon vi ki gen sans. Mari a ak madanm li te kòmanse yon etid Labib avè l nan liv Sa Labib anseye a ak bwochi La paix et le bonheur durables: comment les trouver. Olye yo te kòmanse etid la nan chapit 2 nan liv la, yo te egzamine pati nan bwochi a ki gen tit: “Un guide bénéfique pour tous les humains.” Apre yo te fin egzamine sis premye paragraf yo nan pati sa a, dam nan te di jan li te sezi aprann sa k ekri nan lòt liv relijye yo pa ka kanpe devan sa k ekri nan Bib la. Apre yo te fin egzamine avè l kèk pwofesi nan Bib la ki te reyalize, men sa dam nan te di: “Pa gen okenn lòt liv mwen panse ki pi egzat pase Bib la!”
◼ Japon: Malgre yon moun te di yon pwoklamatè li pa t kwè nan Bondye, pwoklamatè a te toujou retounen wè mesye a, e vizit sa yo te tou kout. Li te konn pale avè l sou atik nan Réveillez-vous! ki gen tit: “Hasard ou conception?” Tikras pa tikras, mesye a te kòmanse chanje fason li wè bagay yo e li te kòmanse admèt petèt gen yon Kreyatè. Jodi a, mesye a kwè nan Bondye, e pwoklamatè a ap etidye avè l nan bwochi Bon nouvèl Bondye bay la!
◼ Kanada: Pandan yon dam t ap kite lakay li e li t ap mache pou l al nan machin li, li te aksepte nouvo peryodik yo nan men yon sè. Lè sè a tounen vizite l, dam nan te fè l konnen kareman li pa enterese e li pa kwè nan Bondye. Sè a pa t deside bay vag, li te pote bwochi Une vie pleinement satisfaisante: comment? Èske w jwenn wout lavi ki pap janm fini an? bay dam nan. Lè sè a te jwenn dam nan lakay li, sè a te fè dam nan konnen, menm lè li konnen li pa kwè nan Bondye, li t ap panse ak li paske li konnen li se yon manman k ap leve pitit li poukont li. Sè a te montre dam nan paragraf 6 ki nan paj 4 nan bwochi a, ki montre ki kote moun ka jwenn bon konsèy. Apre sa, sè a te ankouraje dam nan pou l li sijesyon ki nan leson 2 a, ki pale sou leve timoun. Dam nan te kontan anpil pou l jwenn bwochi sa a.