Pwogram pou semèn 30 desanm
SEMÈN 30 DESANM
Kantik 126 ak priyè
□ Etid biblik kongregasyon an:
jl leson 26-28 (30 min.)
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: Revelasyon 15-22 (10 min.)
Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik (20 min.)
□ Reyinyon sèvis:
10 min: “Ede yo pou yo ‘vin fèm nan lafwa.’” Diskou. Annapre, fè yon demonstrasyon ki tou kout, kote nou pral montre fason nou ka kòmanse yon etid biblik premye samdi nan mwa janvye a. Ankouraje tout moun pou yo soti nan predikasyon jou sa a.
10 min: Ede pitit ou pou l vin yon pwoklamatè. Diskou. Li baze sou liv Organisés a, soti nan paj 81, paragraf 4, rive nan paj 82, paragraf 1. Fè entèvyou ak yon paran ki bay bon egzanp ki gen yon timoun ki pwoklamatè e ki poko batize. Mande l sa l te fè pou l ede pitit li pwogrese pou l vin kalifye kòm pwoklamatè.
10 min: Nou pa janm poukont nou (2 Wa 6:16). Konvèsasyon. Li baze sou Annuaire 2013, paj 48, paragraf 1-3. Mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou leson yo te aprann.
Kantik 119 ak priyè