BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/14 p. 2
  • Annou ede moun n ap preche avè l la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Annou ede moun n ap preche avè l la
  • Ministè Wayòm nan — 2014
  • Sou menm sijè a
  • Se pou nou yon bon patnè lè n ap preche kay an kay
    Ministè Wayòm nan — 2010
  • Annou youn bati lòt lè nou nan ministè a
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Ann kontinye preche avèk zèl
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Se pou w yon bon patnè
    Ministè Wayòm nan — 2014
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2014
km 1/14 p. 2

Annou ede moun n ap preche avè l la

1. Lè n ap preche ak yon pwoklamatè, kòman nou ka imite bèl etadespri apot Pòl te genyen an?

1 Apot Pòl te wè moman li te pase ak kretyen parèy li yo kòm yon posiblite li te genyen pou ‘youn ankouraje lòt’. (Wom. 1:12.) Lè n ap preche ak yon pwoklamatè, èske n pwofite okazyon sa a pou n ankouraje l e pou n ede l? Olye nou rete san nou pa pale ak moun n ap preche avè l la, poukisa n pa fè yon ti pale avè l sou kèk bagay nou fè ki ede n vin yon pwoklamatè ki efikas?

2. Ki sa nou ka fè pou n ede pwoklamatè n ap preche avè l la gen plis konfyans nan tèt li, e poukisa sa enpòtan?

2 Ede yo gen konfyans nan tèt yo: Gen kèk pwoklamatè ki konn pa gen twòp konfyans nan tèt yo. Nou ka wè sa sou figi yo oswa nan fason yo pale. Nou ka ede yo gen plis konfyans nan tèt yo lè nou felisite yo ak tout kè nou. Ki lòt bagay ankò nou ka fè? Gen yon siveyan itineran ki pa gen pwoblèm pou l fè pwoklamatè l ap preche avè l konnen jan l konn santi l pè. Li fè l konnen jan l priye Jewova souvan pou ede l fè fas ak santiman sa a. Men sa yon lòt frè di konsènan sa k ede l pou l gen konfyans nan tèt li: “Mwen souri bay moun nan. Pafwa, mwen oblije priye Jewova pou l ede m fè jès toupiti sa a.” Èske gen yon bagay ki ede w gen plis konfyans nan tèt ou lè w ap patisipe nan travay predikasyon an? Pale sou sa ak pwoklamatè w ap preche avè l la.

3. Sou ki sa w ka pale ak pwoklamatè w ap preche avè l la pou w ede l vin pi maton nan travay predikasyon an?

3 Pataje kèk metòd nou konn itilize: Èske w gen yon entwodiksyon oswa yon kesyon ki senp, petèt ki gen rapò ak yon evènman ki te rive nan zòn ou an, lè w itilize l pou w kòmanse yon konvèsasyon ou wè sa byen mache? Èske w te pran yon modèl prezantasyon yo te bay epi w prezante l nan pwòp mo pa w, e prezantasyon sa a efikas? Pale sou sa ak pwoklamatè w ap preche avè l la (Pwo. 27:17). Pandan n ap tounen al wè yon moun nou te preche, nou ka pale sou objektif nou genyen pou vizit la ak sa nou pral fè pou n rive atenn objektif sa a. Apre w fin fè yon etid, ou ka esplike pwoklamatè a rezon ki fè w te chwazi esplike yon pwen, oswa li yon vèsè oswa itilize yon metòd byen presi pou w ede etidyan an pwogrese.

4. Poukisa nou dwe chèche ede kretyen parèy nou yo?

4 Kretyen ki t ap viv nan premye syèk la pa t annik enterese nan ede moun ki pa kwayan yo. Men, yo te wè enpòtans pou yo ankouraje ak fòtifye youn lòt tou (Tra. 11:23; 15:32). Lè Timote te jèn, apot Pòl te fòme l. Li te ankouraje Timote pou l pale sou sa l te aprann yo ak lòt moun (2 Tim. 2:2). Lè nou pa bliye ede kretyen parèy nou yo lè n ap patisipe nan travay predikasyon an, nonsèlman nou ajoute sou lajwa yo genyen epi nou ede yo vin pi maton, men nou fè Papa nou ki nan syèl la kontan tou. — Ebre 13:15, 16.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje