Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa fevriye a
“Anpil moun nou pale avè yo gen pwòp ide pa yo sou Bib la. Gen moun ki kwè Bib la se Pawòl Bondye, tandiske gen lòt ki pran l pou yon liv ki menm jan ak tout lòt liv. E ou menm, sa w panse de Bib la?” Kite moun nan reponn. Montre moun nan do Toudegad 1ye fevriye a, epi egzamine repons yo bay pou premye kesyon an avè l epi pale omwen sou youn nan vèsè yo bay kòm referans yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi pran randevou pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
Toudegad 1ye fevriye
“Anpil moun ta renmen wè pa gen lagè ankò. Dapre ou menm, èske yon moun ki panse li posib pou gen lapè nan monn nan se yon moun k ap reve je klè? [Kite moun nan reponn.] Gade pwomès Bondye fè nou nan Bib la. [Li Sòm 46:9.] Li enteresan pou nou konnen evènman ki te rive pandan Premye Gè mondyal la ak sa k te rive apre gè sa a fè nou kwè talè konsa Bondye pral reyalize pwofesi sa a e li pral fè lagè sispann pou toutan. Se sa peryodik sa a esplike.”
Réveillez-vous! Fevriye
“N ap pase wè moun nan zòn nan pou nou pale ak yo sou yon pwoblèm anpil moun genyen. Sanble moun pa janm gen ase tan pou yo fè tout sa yo gen pou yo fè. Dapre ou menm, èske w panse se paske nou gen twòp bagay pou nou fè, oswa èske w panse se paske nou gaspiye pifò nan tan nou? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil moun ki pa konnen Bib la bay bonjan konsèy pou ede nou jere tan nou. Gade yon konsèy li bay. [Li Filipyen 1:10a.] Peryodik sa a bay kat metòd ki ka ede anpil moun pi byen sèvi ak tan yo.”