Kèk modèl prezantasyon
Pou nou kòmanse etid biblik premye samdi nan mwa me a
“N ap vizite vwazen nou yo pou nou fè yon ti pale tou kout avè yo sou yon kesyon ki enterese anpil moun. [Montre moun nan premye kesyon ki nan do Toudegad 1ye me a.] Ki sa w panse?” Kite moun nan reponn. Egzamine enfòmasyon yo bay pou premye kesyon an avè l epi pale sou omwen youn nan vèsè yo site yo. Ofri moun nan peryodik yo, epi fè aranjman pou w retounen reponn kesyon ki vin apre a.
Toudegad 1ye me
“N ap rann vwazen nou yo yon ti vizit tou kout paske n remake gen anpil moun ki ta renmen konnen sa demen sere pou yo. Lè w ap reflechi ak jan demen ap ye, ki jan w santi w? Èske w kwè l ap pote kichòy oswa l ba w kè kase? [Kite moun nan reponn. Epi li youn nan vèsè ki nan kare “Sa Bondye di sou lavni” an avè l.] Peryodik sa a pale sou kèk bagay Bondye di ki pral rive, epi peryodik la esplike ki sa k fè n kapab gen asirans bagay sa yo ap rive vre.”
Réveillez-vous! Me
“N ap vizite vwazen nou yo pou nou fè yon ti pale tou kout sou sa k ka ede yo jere strès yo genyen. Jodi a, èske w pa wè moun yo sanble pi strese pase jan yo te ye anvan? [Kite moun nan reponn.] Gen anpil moun ki rive jere strès yo genyen yo grasa bonjan konsèy pratik yo jwenn nan Bib la. Ann wè youn nan konsèy sa yo. [Li Matye 6:34.] Peryodik sa a esplike kòman prensip ki nan Bib la ka ede n fè fas ak kat bagay ki lakòz anpil moun strese.”
Note sa: Peryodik sa a kapab enterese sitou moun ki nan biznis yo.