Yon envitasyon espesyal
1. Ki lè n ap kòmanse kanpay pou n envite moun yo vin asiste kongrè pou ane 2014 la?
1 Si w te planifye pou w prepare yon repa espesyal pou kèk zanmi w oswa fanmi w, yon kalite repa ki mande pou w fè anpil efò epi pou w fè anpil depans, sandout ou t ap chofe pou w envite moun sa yo. Menm jan an tou, gen anpil travay ki te fèt pou prepare festen espirityèl ki pral genyen nan kongrè distri ak kongrè entènasyonal pou ane 2014 la. Twa semèn anvan kongrè pa nou an rive, nou pral gen privilèj pou n al envite lòt moun vin asiste kongrè a. Ki sa k ap fè n chofe pou n distribye fich envitasyon yo?
2. Ki sa k pral pouse n patisipe nan kanpay la ak tout kè nou?
2 Lè n reflechi ak kantite byenfè nou jwenn nan festen espirityèl Jewova ban nou nan kongrè nou yo, sa ap pouse n patisipe nan kanpay la ak tout kè nou (Iza. 65:13, 14). Nou ta dwe sonje tou, kanpay nou fè chak ane yo toujou bay bon rezilta. Gen kèk nan moun nou envite yo ki pral asiste kongrè a avèk nou. Sepandan, kèlkeswa kantite moun ki vin asiste kongrè a, gwo efò nou fè pandan kanpay la pral fè Jewova jwenn louwanj, epi, yo pral montre jan Jewova renmen bay. — Sòm 145:3, 7; Rev. 22:17.
3. Ki jan nou pral distribye fich envitasyon yo?
3 Chak gwoup ansyen dwe chèche wè ki fason kongregasyon an ka distribye fich envitasyon yo, sa ki gen ladan l ki lè pwoklamatè yo dwe kite yon fich nan kay yo pa jwenn moun yo oswa ki lè yo dwe distribye yo nan tèritwa a nan kad temwayaj nan lari. Lè wikenn yo, nou dwe ofri peryodik yo ansanm ak fich envitasyon an lè sa apwopriye. Si premye samdi nan mwa a tonbe nan dat n ap ofri moun yo fich envitasyon an, nou dwe plis konsantre sou bay fich envitasyon yo olye n konsantre sou kòmanse etid biblik ak moun yo. Apre kanpay la, se pa ti kontan nou pral kontan pou n wè jan n te chofe pou n patisipe ladan l, epi pou n konnen nou te envite kantite moun nou kapab vin patisipe avè n nan festen espirityèl Jewova prepare pou nou an!