BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 4/15 p. 4
  • Yon envitasyon dirèk

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon envitasyon dirèk
  • Ministè Wayòm nan — 2015
  • Sou menm sijè a
  • Yon envitasyon espesyal
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Yon kanpay ki bay bon rezilta
    Ministè Wayòm nan — 2013
  • Kanpay pou n envite moun yo nan kongrè
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon ak kote pou n ekri — 2016
  • N ap kòmanse distribye fich envitasyon pou Memoryal la 2 avril
    Ministè Wayòm nan — 2011
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2015
km 4/15 p. 4

Yon envitasyon dirèk

1. Ki lè n ap kòmanse kanpay pou n envite moun yo vin asiste kongrè a?

1 Si w t ap planifye pou w prepare yon repa espesyal pou fanmi w oubyen pou kèk zanmi w, yon repa ki mande pou w fè anpil efò e pou w fè anpil depans, sandout ou t ap chofe pou w envite moun yo. Menm jan an tou, gen anpil travay ki te fèt pou prepare festen espirityèl ki pral genyen nan kongrè k ap vini an. Twa semèn anvan kongrè pa nou an kòmanse, nou pral gen privilèj pou n al envite lòt moun vin asiste kongrè a. Ki sa k ap fè nou chofe pou n bay moun yo fich envitasyon yo?

2. Ki sa k pral pouse nou patisipe nan kanpay la ak tout kè nou?

2 Si nou reflechi sou kantite byenfè nou jwenn grasa bonjan enstriksyon Jewova ban nou nan kongrè nou yo, sa ap pouse nou patisipe nan kanpay la ak tout kè nou (Iza. 65:13, 14). Nou ta dwe sonje tou, kanpay nou fè chak ane yo toujou bay bon rezilta. (Gade kare ki gen tit: “Sa bay bon rezilta.”) Gen kèk nan moun nou envite yo k ap vin asiste kongrè a avèk nou. Sepandan, kèlkeswa kantite moun ki vini, gwo efò nou fè pandan kanpay la ap fè Jewova jwenn louwanj, e sa ap montre jan Jewova renmen bay. — Sòm 145:3, 7; Rev. 22:17.

3. Ki jan nou pral distribye fich envitasyon yo?

3 Chak gwoup ansyen dwe detèmine ki fason kongregasyon an ka distribye fich envitasyon yo bay plis moun posib. Yo dwe deside ki lè pwoklamatè yo dwe kite yon fich nan kay kote yo pa jwenn moun yo oubyen ki lè yo dwe distribye yo nan tèritwa a nan kad temwayaj an piblik. Lè wikenn, nou dwe ofri peryodik yo ansanm ak fich envitasyon an lè sa apwopriye. Apre kanpay la, se pa ti kontan n ap kontan dèske nou te chofe pou n patisipe ladan l e lefètke nou konnen nou te envite kantite moun nou kapab vin patisipe nan festen espirityèl Jewova prepare pou nou an!

Ki sa n ap di?

Apre nou fin salye moun nan, nou ka di l: “N ap patisipe nan yon kanpay k ap fèt toupatou sou tè a pou nou envite tout moun vin asiste yon kongrè nou pral genyen, se yon evènman ki enpòtan anpil.” [Di moun nan dat kongrè a, lè a ak kote y ap fè l la epi montre l ki kote nan fich envitasyon an l ap jwenn enfòmasyon sa yo.]

Sa bay bon rezilta

  • Gen kèk ane, pandan yon sè t ap patisipe nan kanpay pou l envite moun nan yon kongrè, li t ap mande tèt li si l vo lapèn pou l fè tout efò sa yo. Li te di: ‘Èske moun yo ap vin asiste kongrè a ak nou vre?’ Nan samdi maten li te remake yon mesye ki nan relijyon sik ki chita toupre a, konsa, li te deside fè konesans avè l. Sanble mesye a te vin asiste kongrè a paske li te resevwa yon fich envitasyon. Li te gen yon pakèt kesyon e sè a te reponn yo. Li te esplike jan li te apresye pwogram nan e jan aparans frè ak sè yo ak bon konduit yo te genyen te enpresyone l. Pita nan jounen an, sè a te kòmanse yon konvèsasyon ak yon koup marye ki te chita toupre l. Yo toule de te resevwa yon fich envitasyon e yo te vin nan kongrè a nan bis. Yo te renmen kongrè a anpil e yo te pran dispozisyon pou yo vini nan dimanch. Lè sa a, sè a te rann li kont jan kanpay nou fè pou nou envite moun nan kongrè chak ane a enpòtan.

  • Nan yon kongrè yo te fè pa gen twò lontan, gen yon mari ak madanm li ki pyonye pèmanan ki te fè konesans ak yon koup marye ki granmoun. Koup la te esplike yo se premye fwa yo vin asiste yon kongrè. Pyonye yo te mande yo: “Kiyès ki te envite nou?” Yo te reponn yo: “Yon jou, lè nou te rive lakay nou, nou te jwenn yon fich envitasyon anba pòt la.” Yo te li envitasyon an e yo te menm ranpli koupon ki nan do fich la. Gen lòt moun ki te vin nan kongrè a ki te ba yo nan manje yo te pote. Yo tèlman te renmen pwogram nan yo te deside pou yo tounen nan demen. Frè yo te pran dispozisyon pou yon moun vizite yo pou yo ka pousuiv enterè yo demontre a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje