Chèche vin pi maton nan travay predikasyon an: Fòme nouvo yo
Rezon ki fè sa enpòtan: Nouvo disip Jezi yo dwe aprann obeyi “tout bagay” Jezi te ba yo lòd pou yo fè yo, e sa gen ladan l anseye lòt moun laverite (Mat. 28:19, 20). Anpil nouvo deja kalifye pou yo enskri nan Lekòl ministè teyokratik e yo gendwa konn bay moun nan fanmi yo ak zanmi yo temwayaj enfòmèl. Men pandan y ap vin pi apresye bagay y ap aprann yo e y ap aprann konnen Jewova vle pou tout moun tande bon nouvèl la, yo ka fè nou konnen yo anvi patisipe nan travay predikasyon an (Wom. 10:13, 14). Apre yo fin agreye nouvo a kòm pwoklamatè ki poko batize, lè nou byen fòme yo sa ap ede yo gen plis konfyans pandan y ap franchi etap sa a ki nesesè nan pwogrè espirityèl yo. — Lik 6:40.
Eseye sa a pandan mwa a:
Patisipe nan predikasyon kay an kay ak etidyan w lan, epi mennen l fè yon nouvèl vizit oubyen yon etid biblik avè w. Si w pa gen yon etidyan ki pral preche, omwen envite yon pwoklamatè ki pa gen anpil eksperyans pou l patisipe nan ministè a avè w.