Dizyèm pati : Annou kondui etid biblik k ap pwogrese
Fòme etidyan yo pou predikasyon kay an kay
1 Depi ansyen yo deside yon moun k ap etidye Labib ranpli kondisyon pou l sèvi antanke pwoklamatè ki poko batize, moun sa a ka kòmanse patisipe nan predikasyon ak kongregasyon an (Gade liv Organisés pour faire la volonté de Jéhovah, p. 79-81.) Ki jan nou ka ede yon moun k ap etidye pou l leve defi ki gen nan travay predikasyon kay an kay la ?
2 Prepare ansanm : Pa gen anyen ki ka ranplase yon bon preparasyon. Montre etidyan an ki kote li ka jwenn prezantasyon modèl nan Ministè Wayòm nan ak nan liv Comment raisonner a. Apre sa, ede l chwazi yon prezantasyon senp ki pratik pou tèritwa kongregasyon an. Depi okòmansman, ankouraje l sèvi ak Bib la nan ministè l. — 2 Tim. 4:2.
3 Seyans repetisyon yo vrèman itil pou yon nouvo pwoklamatè. Pandan etidyan an ap repete prezantasyon an, montre l kòman pou l fè fas avèk tak ak diferan objeksyon ki kouran nan tèritwa a (Kol. 4:6). Fè li konnen yon minis kretyen pa oblije konn repons tout kesyon moun ka poze. Souvan, pou reponn kesyon sa yo, li pi bon pou l di moun nan li pral fè rechèch, e l ap tounen vin pale sou sijè a ak li yon lòt fwa. — Pwo. 15:28.
4 Preche ansanm : Premye fwa etidyan an ap patisipe nan predikasyon kay an kay, kite li suiv pandan w ap fè prezantasyon nou te prepare ansanm nan. Apre sa, fè li patisipe. Nan kèk ka, li ka pi bon pou w kite nouvo pwoklamatè a fè sèlman yon pati nan prezantasyon an, tankou li yon vèsè biblik epi fè kòmantè sou li. Pran an konsiderasyon tanperaman etidyan an ak tout kapasite l (Fil. 4:5). Se pou nou toujou fè l konpliman pandan n ap fòme l etap pa etap nan divès aspè travay predikasyon an.
5 Li enpòtan pou nou ede nouvo pwoklamatè a etabli yon pwogram k ap pèmèt li patisipe regilyèman nan ministè a, pou li fè sa chak semèn si posib (Fil. 3:16). Pran randevou ki presi pou nou patisipe ansanm nan ministè a, e ankouraje l pou li akonpaye lòt pwoklamatè ki zele yo tou. Egzanp yo ansanm ak konpayi yo ka ede l vin maton nan predikasyon kay an kay, e sa ap ede l pran plezi nan sa.