TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JEREMI 44-48
Sispann “chèche gwo bagay pou tèt ou”
Petèt Bawouk te yon fonksyonè enstwi ki t ap travay nan palè wa a. Byenke Bawouk t ap adore Jewova e li t ap ede Jeremi fidèlman, li te vin anbalan pandan yon tan. Li te kòmanse “chèche gwo bagay”. Petèt sa li t ap chèche yo se te vin yon moun ki pi enpòtan nan palè wa a oubyen vin gen plis bagay nan domèn materyèl. Li te bezwen chanje fason l wè bagay yo pou l pa t pèdi lavi l nan destriksyon ki t ap vin sou Jerizalèm nan.