TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JEREMI 51-52
Jewova toujou reyalize tout sa ki nan Pawòl li
Avèk presizyon, Jewova te anonse yon seri evènman ki t ap gen pou vini
Sòlda ki konn manyen banza nan palè peyi Pès la.
“File flèch yo”
Moun peyi Medi yo ak moun peyi Pès yo te maton nan tire flèch e se flèch yo te konn itilize kòm prensipal zam yo. Yo te konn file flèch yo byen file pou yo ka antre pi fon
“Sòlda Babilòn yo sispann goumen”
Men sa ki ekri nan Kwonik Nabonid la, yon wòch yo te ekri yon seri evènman sou li: “Lame Siris antre Babilòn san batay.” Sanble sa vle di san gwo goumen e sa mache ak pwofesi Jeremi te bay la
Kwonik Nabonid la.
‘Babilòn ap tounen yon pil wòch e l ap rete vid pou toutan’
Nan ane 539 anvan epòk nou an, Babilòn te kòmanse pèdi glwa l. Aleksann Legran te gen entansyon fè Babilòn tounen kapital anpi li a, men li te mouri sanzatann. Nan kòmansman epòk kretyen an, gen yon gwoup Juif ki te toujou nan vil sa a, se sa k fè, apot Pyè te gen rezon al vizite Babilòn. Men, nan katriyèm syèk epòk nou an, vil la te vin kraze, e finalman, li pa t egziste ankò