Yon frè k ap ofri feyè Moun mouri ka leve a nan lang touvalou.
Modèl prezantasyon
REVEYE N!
Kesyon: Poukisa li enpòtan pou nou prepare nou sizoka ta gen katastwòf?
Vèsè: Pw 27:12
Òf: Peryodik sa a montre ki sa nou dwe fè anvan, pandan e apre yon katastwòf natirèl.
ANSEYE LAVERITE
Kesyon: Ki jan nou ka montre nou renmen Bondye?
Vèsè: 1J 5:3
Verite: Nou montre nou renmen Bondye lè nou obeyi kòmandman l yo.
ÈSKE MOUN MOURI KA LEVE VRE? (T-35)
Kesyon: Toupatou sou tè a, gen anpil moun ki fè fèt chak ane pou onore mò yo, e pou yo menm, se yon bon bagay sa ye. Èske gen espwa pou n rewè moun nou renmen ki mouri yo?
Vèsè: Tr 24:15
Òf: Feyè sa a esplike byenfè esperans rezirèksyon an ka pote pou ou. [Si sa posib, pase videyo Èske gen espwa pou moun ki mouri yo?]
EKRI PREZANTASYON PA W
Sèvi ak menm metòd ki nan modèl sa yo pou w fè prezantasyon pa w.