LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Kontinye veye epi rete okipe lè sitiyasyon w chanje
Ap toujou gen chanjman sitou nan dènye jou sa yo (1Ko 7:31). Kit nou te atann nou ap gen chanjman kit nou pa t atann sa, kit yo bon kit yo pa bon, yo kapab gen efè sou adorasyon n ap bay Jewova a e gen gwo efè sou amitye nou ak Jewova. Ki sa ki kapab ede n kontinye veye epi rete okipe lè gen chanjman? Gade videyo Nou te rete djanm espirityèlman, toutpandan nou t ap demenaje a epi reponn kesyon ki annapre yo:
Ki konsèy yon frè te bay papa a?
Ki jan prensip nou jwenn nan Matye 7:25 lan te ede fanmi sa a nan sitiyasyon yo te ye a?
Ki preparasyon fanmi an te fè anvan yo deplase e ki jan sa te ede yo?
Ki sa k te ede fanmi an adapte yo ni nan kongregasyon an ni nan tèritwa a?
Ki gwo chanjman mwen te viv sa pa gen twò lontan?
Ki jan m ka aplike prensip mwen jwenn nan videyo sa a nan sitiyasyon pa m?