BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb19 out p. 3
  • Pase tan avèk moun ki renmen Jewova

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Pase tan avèk moun ki renmen Jewova
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
  • Sou menm sijè a
  • Sa k fè nou bezwen gen lakrentif pou Jewova?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • Jewova rekonpanse moun ki fè aksyon ki demontre kouraj
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Jewoyada te gen kouraj
    Leson ou kapab aprann nan Bib la
  • Nou menm jèn, ki jan nou ta renmen lavi n ye?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
mwb19 out p. 3

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Pase tan ak moun ki renmen Jewova

Poukisa nou dwe pase tan avèk moun ki renmen Jewova? Paske moun nou chwazi pase tan avèk yo ka ede nou fè bon bagay oswa yo ka pouse n fè yon seri bagay ki pa bon (Pw 13:20). Pa egzanp, wa Jewowas te “fè sa ki dwat nan je Jewova” toutotan li te konn pase tan ak Jewoyada, gran prèt la (2Kw 24:2). Apre lanmò Jewoyada, lefètke Jewowas te vin gen move frekantasyon, li te abandone Jewova. — 2Kw 24:17-19.

Nan premye syèk epòk nou an, apot Pòl te konpare kongregasyon kretyen an ak “yon gwo kay” e li te konpare moun ki ladan l yo ak “veso”, oubyen bagay yo itilize nan yon kay. N ap rete yon “veso ki la pou yon sèvis ki onorab” lè nou evite vin bon zanmi ak kèlkeswa moun k ap fè yon seri bagay ki pa fè Jewova plezi, menmsi se ta yon manm fanmi nou oubyen yon moun nan kongregasyon an (2Ti 2:20, 21). Kidonk, ann kontinye fè zanmi ak moun ki renmen Jewova e k ap ankouraje nou sèvi l.

GADE VIDEYO APRANN EVITE MOVE FREKANTASYON AN, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki jan, san nou pa rann nou kont, nou ka ap pase tan ak moun nou pa ta dwe frekante?

  • Ki sa k te ede frè ak sè nan videyo a kanpe tout move frekantasyon yo te genyen?

  • Ki prensip biblik ki kapab ede w byen chwazi moun w ap frekante yo?

John k ap sèvi kliyan diven nan yon restoran; Kristin ki sou rezo sosyal; Jayden k ap jwe jwèt videyo sou Entènèt; John ak fanmi l, Kristin ak Jayden k ap asiste reyinyon kongregasyon yo

Èske m se “yon veso ki la pou yon sèvis ki onorab”? — 2Ti 2:21

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje