LAVI NOU ANTANKE KRETYEN
Nou menm jèn, se pou n ‘zele pou n fè bèl travay’
Nan lèt Bondye te enspire apot Pòl ekri voye bay Tit la, Pòl te ankouraje tout jèn gason yo pou yo fè tout sa yo kapab pou yo “se yon egzanp nan akonpli bèl travay”, e Tit te pami jèn gason sa yo (Tt 2:6, 7). Pi devan nan menm chapit la, Pòl te fè konnen Jezi t ap netwaye pèp Jewova a, konsa, pèp la t ap ka “zele pou l fè bèl travay”. (Tt 2:14.) Bèl travay sa a gen ladan l preche epi anseye moun yo konsènan Wayòm Bondye a. Si w se yon jèn, èske w ka itilize fòs ou genyen pandan w jèn nan pou w pwofite pran sèvis pyonye oksilyè oubyen pyonye pèmanan? — Pw 20:29.
Si w ta renmen sèvi kòm pyonye, òganize vi w yon fason pou w antre nan sèvis la (Lk 14:28-30). Pa egzanp, ki jan w ap rive fè fas ak depans ou yo pandan w nan sèvis aplentan an? Ki jan w ap kapab fè kantite lè yo mande nan sèvis la? Priye Jewova, mande l pou l ede w (Sm 37:5). Pale de objektif ou genyen an ak paran w e ak frè ak sè ki reyisi nan sèvis pyonye a. Epi fè sa ki nesesè pou w atenn objektif ou a. Jewova pap manke pa beni efò w ap fè pou w montre w zele nan sèvis li a!
GADE VIDEYO YON SERI JÈN K AP BAY JEWOVA GLWA, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:
Ki difikilte konsa kèk jèn te venk pou yo te ka vin pyonye, e ki jan yo te rive fè sa?
Ki jan paran yo ka ede pitit yo pran sèvis pyonye pèmanan?
Poukisa li enpòtan pou yon pyonye gen yon bon pwogram predikasyon?
Ki jan moun nan kongregasyon an ka ankouraje yon pyonye epi ede l?
Ki benediksyon pyonye yo jwenn?
Ki jan m ka atenn objektif mwen genyen pou m pyonye?