TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | EBRE 12-13
Disiplin se yon prèv ki montre Jewova renmen nou
Disiplin gen ladan l pinisyon, koreksyon, enstriksyon ak fòmasyon. Menm jan yon papa ki renmen pitit li anpil disipline l, se konsa tou Jewova disipline nou. Nou kapab resevwa disiplin:
lè n fè lekti Labib, etid pèsonèl, nou asiste reyinyon yo ak lè n medite
lè n resevwa konsèy ak koreksyon nan men yon frè oswa yon sè nan kongregasyon an
lè n sibi konsekans erè nou fè
lè n resevwa yon reprimann oubyen nou eskominye
lè n fè fas ak eprèv oswa pèsekisyon Jewova kite nou jwenn — w15 15/9 21 § 13; it-1-F 651