BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 me p. 7
  • Disiplin se prèv ki montre Jewova renmen nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Disiplin se prèv ki montre Jewova renmen nou
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Disiplin: Yon prèv ki montre Bondye renmen nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Ki jan w dwe disipline pitit ou?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • “Koute lè y ap ban nou disiplin pou nou ka gen sajès”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Disiplin se yon prèv ki montre Jewova renmen nou
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 me p. 7
Paran yo k ap kriye nan papòt kay la pandan y ap gade pitit yo a ki gran e ki pa repanti k ap kite kay la.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Disiplin se prèv ki montre Jewova renmen nou

An jeneral, lè y ap pale de disiplin sa gen ladan l enstriksyon ak fòmasyon, men tou li gen koreksyon ak pinisyon. Jewova ban nou disiplin pou nou ka adore l fason ki fè l plezi a (Wm 12:1; Eb 12:10, 11). Pafwa, li ka difisil pou nou aksepte disiplin, men li mennen nan yon wout ki dwat e li fè nou jwenn benediksyon (Pw 10:7). Ki sa moun k ap bay disiplin nan ak moun k ap resevwa disiplin nan ta dwe sonje?

Moun k ap bay disiplin nan. Ansyen yo, paran yo ak lòt moun k ap bay disiplin yo fè gwo efò pou yo fè sa ak bonte ak lanmou menm jan Jewova fè sa a (Jr 46:28). Menmsi y ap disipline yon moun yon fason ki fèm, yo dwe bay disiplin nan selon bezwen moun nan, e yo dwe fè sa avèk lanmou. — Tt 1:13.

Moun k ap resevwa disiplin nan. Kèlkeswa fòm disiplin yo ban nou an, nou pa dwe rejte l, men pito nou dwe eseye aplike l tousuit (Pw 3:11, 12). Antanke enpafè nou tout bezwen disiplin, e disiplin sa yo ka vini sou plizyè fòm. Nou ka jwenn disiplin pa mwayen sa nou li nan Bib la ak sa nou tande nan reyinyon ki fèt nan kongregasyon an. Oubyen, kèk nan nou konn bezwen pou yon komite disiplin disipline nou. Si nou aksepte disiplin nan, n ap gen yon pi bon vi e n ap viv pou toutan. — Pw 10:17.

GADE VIDEYO KI GEN TIT “JEWOVA DISIPLINE MOUN LI RENMEN,” EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Yon sèn nan videyo ‘Jewova disipline moun li renmen.’ Lè l te timoun, Canon te konn preche ak paran l yo.

    Ki jan lavi Canon te kòmanse, e ki jan l te chanje?

  • Yon sèn nan videyo ‘Jewova disipline moun li renmen.’ Lè Canon te fèk vin yon adilt, ansyen yo te reyini avè l.

    Ki disiplin ki demontre lanmou Jewova te ba li?

  • Yon sèn nan videyo ‘Jewova disipline moun li renmen.’ Pi devan, Canon ap pale ak lòt jèn nan yon reyinyon kongregasyon an.

    Ann aprann renmen disiplin Jewova ban nou

    Ki leson nou ka aprann nan eksperyans li an?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje