TREZÒ KI NAN PAWÒL BONDYE A | JENÈZ 40-41
Jewova delivre Jozèf
Jozèf te soufri antanke esklav e prizonye pandan anviwon 13 an anvan Jewova te delivre l. Olye Jozèf te vin fache anpil, li te aprann anpil bon bagay nan sa k te rive l la (Sm 105:17-19). Li te konnen Jewova pa t janm abandone l. Ki jan Jozèf te fè tout sa l kapab nan sitiyasyon l te ye a?
Li te montre l renmen travay e se yon moun yo ka fè konfyans, konsa li te bay Jewova yon rezon pou l beni l. — Jen 39:21, 22
Li te montre l enterese nan lòt moun olye l te chèche tire revanj sou moun ki te maltrete l yo. — Jen 40:5-7
Ki jan egzanp Jozèf la ka ede m andire anba pwoblèm mwen yo?
Annatandan Jewova delivre m nan Amagedon, ki jan m ka fè tout sa m kapab nan sitiyasyon m ye a?