BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb21 mas p. 5
  • Èske w ap prepare w pou Memoryal la?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w ap prepare w pou Memoryal la?
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Ki moun m ap envite?
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Jewova beni efò n fè pou n asiste Memoryal la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
  • “ Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m ”
    Ministè Wayòm nan — 2007
  • “Kontinye fè sa”
    Ministè Wayòm nan — 2012
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2021
mwb21 mas p. 5
Pyè ak Jan k ap mete pen ak koup diven sou yon tab.

Pyè ak Jan ap prepare pyès kay aletaj la pou fèt Pak la nan ane 33 epòk nou an.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Èske w ap prepare w pou Memoryal la?

Dènye fèt Pak Jezi te selebre a t apral enpòtan anpil. Piske li t apral mouri yon ti tan apre sa, li te planifye pou l manje manje Pak la avèk apot li yo e pou l mete sou pye yon nouvo selebrasyon yo t ap gen pou yo fè chak ane, ki se Soupe Seyè a. Se sa k fè li te mande Pyè ak Jan al prepare pyès kay aletaj la (Lk 22:7-13; gade foto ki sou paj kouvèti a). Sa raple n jan sa enpòtan pou nou fè preparasyon pou Memoryal 27 mas k ap vini an. Petèt kongregasyon yo deja fè aranjman pou yo gen yon oratè, pen an ak diven an, elatriye. Sepandan, ki sa nou chak ka fè pou nou prepare n pou Memoryal la?

Prepare kè w. Li epi medite sou lekti Labib pou Memoryal la. N ap jwenn yon pwogram nan bwochi Ann Egzamine Ekriti yo chak jou a. Epi n ap jwenn yon pwogram ki pi detaye nan Apendis B12 ki nan Labib — Tradiksyon monn nouvo a. (Gade tou Pwogram reyinyon Lavi nou ak travay nou fè avril 2020 an.) Pandan sware adorasyon an fanmi an, fanmi yo ka egzamine enfòmasyon yo jwenn sou enpòtans ranson an genyen lè yo ale nan Index des publications des Témoins de Jéhovah oswa nan Gid pou Temwen Jewova yo fè rechèch.

Yon fanmi k ap pale de Memoryal la pandan adorasyon an fanmi an.

Envite lòt moun pou yo asiste. Patisipe ak tout kè w nan kanpay envitasyon pou Memoryal la. Reflechi ak ki moun ou ta ka envite, tankou nouvèl vizit ou yo, ansyen etidyan Labib yo, lòt moun ou konnen ak fanmi w. Ansyen yo dwe asire yo yo envite tout moun ki inaktif yo. Sonje sa, si yon moun pap viv nan menm zòn avè w, ou ka jwenn lè ak kote Memoryal la ap fèt nan zòn moun nan ap viv la, lè w ale sou sit jw.org la nan ribrik ENFÒMASYON SOU NOU epi w chwazi “Memoryal”.

De ansyen k ap vizite yon inaktif, y ap envite l nan Memoryal la.

Ki lòt bagay nou ka fè pou n prepare nou?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje