“ Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m ”
N ap komemore lanmò Jezi 2 avril
1. Poukisa 2 avril 2007 se yon dat ki enpòtan ?
1 Nan dat k ap 2 avril 2007 la, plizyè milyon moun sou tout tè a pral rasanble pou yo komemore lanmò sakrifisyèl Jezi a. Jezi te mouri antanke moun ki te soutni souvrènte Papa l ki nan syèl la, e konsa, li te bay prèv se te yon fo akizasyon Satan Ledyab te lage sou do lèzòm lè li te di yo sèvi Bondye sèlman pa enterè egoyis (Jòb 2:1-5). Soupe Seyè a raple nou Jezi, antanke òm pafè ki san peche, te “ bay nanm li kòm ranson pou anpil moun ” pa mwayen lanmò l (Mat. 20:28). Se sa k fè Jezi te bay disip li yo lòd sa a : “ Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m. ” (Lik 22:19). Èske rekonesans pou kado presye Bondye bay la pouse w kòmanse fè preparasyon pou komemore kokenn aksyon sa a ki montre lanmou Bondye ? — Jan 3:16.
2. Ki jan nou ka prepare kè nou pou Memoryal la ?
2 Prepare kè nou : Si nou reflechi sou sa k te pase nan dènye jou lavi Jezi antanke imen, n ap kapab prepare kè nou pou selebrasyon Memoryal la (Ezra 7:10). Gen yon pwogram espesyal lekti Labib n ap jwenn, ni nan bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou — 2007, ni nan Calendrier 2007 la, k ap ede nou fè sa. Pwogram lekti sa a koresponn ak jou kote evènman ki te gen rapò ak lanmò Jezi yo te pase, selon kalandriye nou itilize jodi a. Jou ak dat ki mansyone nan pasaj biblik yo baze sou kalandriye juif la. Nan kalandriye sa a, jou yo kòmanse lè solèy la kouche. Nan pwogram lekti Labib pou Memoryal la, yo teni kont de diferans sa a. Lè nou reli enfòmasyon sa yo e nou medite nan lapriyè sou pwofondè lanmou Bondye, sa ap pèmèt nou tire pwofi nan selebrasyon Memoryal la.
3. Ki jan nou kapab ede moun ki enterese yo ak moun ki inaktif yo tire pwofi nan Memoryal la ?
3 Envite lòt moun vin asiste : Nan paj mitan Ministè Wayòm fevriye a, yo te anonse yon kanpay espesyal ki t apral fèt pou envite moun nan evènman espesyal sa a. Èske w fè aranjman pou w patisipe afon nan kanpay sa a ? Èske w fè yon lis non moun ou konnen ou ta renmen envite ? Èske w deja kòmanse kontakte yo ? Aranje w pou w la bonè nan sware Memoryal la pou w ka akeyi moun ou te envite yo ansanm ak lòt moun ki vini yo. Li t ap bon pou w chita bò kote yo. Asire w yo gen Bib ak kantik. Fè yo fè konesans ak lòt moun nan kongregasyon an. Lè Memoryal la fini, se pou w mete w disponib pou w reponn kesyon yo genyen. Envite yo vin koute diskou espesyal la k ap fèt 15 avril. Ansyen yo sitou ap asire yo moun ki te fè pati kongregasyon an ki vin inaktif resevwa yon envitasyon ni pou Memoryal la ni pou diskou espesyal la.
4. Apre selebrasyon Memoryal la, ki jan nou kapab ede moun yo kontinye pwogrese nan domèn espirityèl ?
4 Ede nouvo yo ak inaktif yo pwogrese : Oratè ki pral bay diskou Memoryal la ap fè yon ti pale sou dispozisyon ki genyen pou nou etidye Labib ak moun e l ap ankouraje nouvo yo pou yo kontinye aprann konnen Jewova. Sou baz sa oratè a te di yo, ou kapab pwopoze moun ou te envite yo pou w ede yo nan domèn espirityèl. Si yo poko ap etidye Labib, fè tout efò w pou w al vizite yo yon ti tan apre Memoryal la yon fason pou w ka montre yo ki jan nou fè etid biblik. Pou yo pwogrese espirityèlman, y ap bezwen asiste reyinyon kongregasyon an tou (Ebre 10:24, 25). Piske sa enpòtan, ankouraje yo pou yo asiste reyinyon yo regilyèman. Ansyen yo ap bezwen vizite moun ki inaktif ki vin nan Memoryal la. Lè y al vizite yo, yo kapab egzamine pi an pwofondè ide ki te devlope nan diskou a. Sa kapab ankouraje yo pou yo reprann aktivite yo nan kongregasyon an.
5. Ki efè selebrasyon Memoryal la kapab gen sou nou ?
5 Selebrasyon Memoryal la ban nou opòtinite pou nou reflechi seryezman sou sa Jewova ak Jezi fè pou nou. Yon meditasyon konsa ap fè lanmou nou pou yo vin pi pwofon e l ap enfliyanse konduit nou (2 Kor. 5:14, 15 ; 1 Jan 4:11). Se depi kounye a pou nou menm ak moun ki enterese yo kòmanse prepare nou pou okazyon enpòtan sa a kote nou “ anonse lanmò Seyè a ”. — 1 Kor. 11:26.