BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb23 septanm p. 7
  • Yon seri bèje k ap travay pou byen pèp Jewova a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon seri bèje k ap travay pou byen pèp Jewova a
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Sou menm sijè a
  • “Rele ansyen yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Fason ansyen yo demontre lanmou ak mizèrikòd pou moun ki peche yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Frè n yo, èske n ap chèche vin ansyen?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
mwb23 septanm p. 7

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Yon seri bèje k ap travay pou byen pèp Jewova a

Anpil moun mal wè moun ki gen otorite. E nou ka konprann yo! Istwa lèzòm chaje ak moun ki mal sèvi ak otorite yo nan enterè pa yo (Mi 7:3). Ala nou rekonesan poutèt ansyen yo nan kongregasyon an te pran fòmasyon pou yo sèvi ak otorite yo pou byen pèp Jewova a! — Est 10:3; Mt 20:​25, 26.

Kontrèman ak moun ki gen otorite nan monn sa a, ansyen yo chèche vin siveyan paske yo renmen Jewova ak pèp li a (Jn 21:16; 1P 5:​1-3). Anba direksyon Jezi, bèje sa yo ede chak pwoklamatè pou yo santi yo lakay yo nan mitan fanmi adoratè Jewova yo fòme a, e pou yo rete pwòch ak Jewova. Yo pa pran tan pou yo ede twoupo Jewova a ki bezwen èd espirityèl e pou yo ede lè gen ijans medikal oswa lè yon katastwòf frape. Si w bezwen èd, poukisa w pa pran inisyativ pou w kontakte yon ansyen nan kongregasyon w lan? — Jk 5:14.

Yon sèn nan videyo “Ansyen yo byen pran swen twoupo a”. Yon ansyen ki kontan bay Elias akolad pandan y ap salye youn lòt.

GADE VIDEYO KI GEN TIT ANSYEN YO BYEN PRAN SWEN TWOUPO A, EPI REPONN KESYON KI ANNAPRE YO:

  • Ki jan Mariana te jwenn byenfè nan èd ansyen yo te ba li?

  • Ki jan Elias te jwenn byenfè nan èd ansyen yo te ba li?

  • Ki jan eksperyans sa yo gen efè sou fason w wè travay ansyen yo ap fè a?

Pran inisyativ pou w kontakte yon ansyen...

  • si adrès ou oswa nimewo telefòn ou chanje

  • si w ap fè fas ak yon sitiyasyon difisil

  • si w ap kite kay ou pou yon bout tan

  • si w ap fè fas ak yon gwo pwoblèm medikal oswa w dwe rete lopital

  • si w te fè yon peche grav

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje