BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb23 septanm p. 13
  • Ede moun ki pa enterese nan relijyon yo pou yo vin konnen Kreyatè yo a

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ede moun ki pa enterese nan relijyon yo pou yo vin konnen Kreyatè yo a
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Sou menm sijè a
  • Fason nou ka touche kè moun ki pa enterese nan relijyon
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Byen sèvi ak zouti nou genyen pou anseye yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2018
  • Ann kontinye anseye laverite
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Egzamine prèv yo
    Reveye n! — 2021
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
mwb23 septanm p. 13
Yon sè k ap bay yon dam Azyatik temwayaj.

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ede moun ki pa enterese nan relijyon yo pou yo vin konnen Kreyatè yo a

Èske w pa t janm santi w yon ti jan renka pou w bay moun ki pa enterese nan relijyon yon temwayaj, paske w panse moun nan pap koute? Si se wi, sonje anpil moun ki pa t enterese nan relijyon, sa gen ladan l moun ki pa t kwè nan egzistans Bondye, vin Temwen Jewova. Souvan, tout sa yo bezwen se yon ti èd pou yo egzamine prèv ki montre Bondye egziste. — Wm 1:20; 10:14.

GADE VIDEYO KI GEN TIT TOUJOU SONJE: MOUN KI PA GEN LAFWA YO KAPAB VIN GEN LAFWA! — MOUN KI PA ENTERESE NAN RELIJYON, EPI REPONN KESYON ANNAPRE A:

Ki jan eksperyans Tommaso a ede nou gen yon pwennvi pozitif sou kesyon bay moun ki pa enterese nan relijyon yo yon temwayaj?

Fason pou w fè sa

Si yon moun fè konnen li pa kwè nan Bondye, avèk jantiyès e avèk tak, montre w enterese toutbon nan panse l yo ak santiman l genyen sou sijè sa a (2Ti 2:24). Pale sou sijè ki ta ka enterese l. Èske moun nan dispoze pou l pale sou prèv ki fè anpil moun vin kwè nan yon Kreyatè? Si se wi, sèvi ak piblikasyon e ak videyo ki fèt nan objektif sa a. Yo te ajoute bwochi La vie a-t-elle été créée? ak bwochi Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie nan bwat zouti pou anseye a pou fè l pi fasil pou moun jwenn.

Okòmansman, jis panse w pral pale de laverite ak yon moun ki pa kwè Bondye egziste ka fè w pè. Poukisa w pa mande yon pwoklamatè ki gen eksperyans ede w? Epitou, sonje Jewova ka ede w touche kè moun ki nan bon dispozisyon yo, menmsi okòmansman moun sa a pa kwè li egziste. — Tr 13:48.

Bwochi “La vie a-t-elle été créée?”
Bwochi “Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie”.
    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje