BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp21 no 1 p. 3-4
  • Sa kèk moun konn di sou lapriyè

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Sa kèk moun konn di sou lapriyè
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • “ Fè Bondye konnen demann nou yo ”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
wp21 no 1 p. 3-4
Moun toupatou nan monn nan ap priye e y ap chèche direksyon nan men Bondye.

Sa kèk moun konn di sou lapriyè

“Lè m ap priye, se kòmsi m santi Bondye bò kote m, li kenbe men m e l gide m lè m santi m pèdi.” — MARÍA.

“Madanm mwen mouri apre l fin pase trèzan ap goumen ak yon kansè. M sonje m te konn priye Bondye chak jou, m te santi li te vrèman konprann doulè m. M te santi m anpè.” — RAÚL.

“Lapriyè se yon bèl kado Bondye bay lèzòm.” — ARNE.

Pou María, Raúl, Arne ak anpil lòt moun, lapriyè se yon kado espesyal. Grasa lapriyè, yo santi yo ka pale ak Bondye, di l mèsi epi chèche èd nan men l. Se ak tout kè yo, yo kwè nan asirans ki annapre a Bib la bay konsènan priye Bondye: “Men asirans nou gen nan Bondye: kèlkeswa sa nou mande l selon volonte l, li tande nou.” — 1 Jan 5:14.

Yon lòt bò, anpil moun twouve li difisil pou yo dakò ak sa Bib la di sou lapriyè. Men sa Steve rakonte sou sa l santi anrapò ak lapriyè: “Lè m te gen 17 an, twa nan zanmi m yo te mouri nan de aksidan diferan. Youn te mouri nan yon aksidan machin, e lòt de yo te mouri nan lanmè.” Ki sa Steve te fè? “M te priye Bondye pou m te ka konnen repons yon seri kesyon tankou: Poukisa tout bagay sa yo rive?, men m pa t jwenn okenn repons. Donk, m te mande tèt mwen: ‘Poukisa pou m priye?’” Menm jan an tou, anpil moun santi pèsonn pa reponn priyè yo, sa fè yo mande tèt yo: ‘Poukisa nou dwe priye?’

Gen lòt rezon ankò ki fè kèk moun santi yo pa bezwen priye. Gen moun ki di, kòm Bondye deja konn tout bagay, li konnen sa nou bezwen, li konn pwoblèm nou yo, nou pa bezwen di l bagay sa yo ankò.

Gen lòt moun ki kwè Bondye pa vle koute priyè yo fè poutèt peche yo te fè lontan. Men sa Jenny di: “Pi gwo pwoblèm mwen, sèke m santi m pa gen valè. M fè anpil bagay mwen regrèt annapre, donk, m rete kwè m pa merite pou Bondye tande priyè m.”

Yon dam nan yon legliz k ap gade anlè pandan l ap priye pandan lòt moun yo bese tèt yo pou yo priye.

Ki sa w panse sou lapriyè? Si w pa gen bon pwennvi sou lapriyè oswa w gen dout sou li, ou ka santi w byen lè w konnen Bib la bay bonjan repons k ap itil ou anrapò ak lapriyè. Ou ka gen konfyans nan sa Labib di sou lapriyèa. Bib la ka ede w jwenn repons yon seri kesyon tankou:

  • Èske Bondye koute priyè nou yo toutbon?

  • Poukisa Bondye pa reponn kèk priyè?

  • Ki jan pou w priye Bondye pou l koute w?

  • Ki sa lapriyè ka fè pou ou?

a Nan Bib la, nou jwenn priyè anpil nan sèvitè Bondye yo te fè, sa gen ladan l priyè Jezi te konn fè yo tou. Gen plis pase 150 priyè nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Moun yo konn rele liv sa yo Ansyen Testaman.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje