BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp21 no 1 p. 8-9
  • Poukisa Bondye pa reponn tout priyè?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa Bondye pa reponn tout priyè?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
  • Sou menm sijè a
  • Pwoche bò kote Bondye nan lapriyè
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
  • Lapriyè se yon privilèj
    Ki sa Labib kapab anseye nou?
  • Pwoche bò kote Bondye grasa lapriyè
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • 11yèm pati
    Koute Bondye
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2021
wp21 no 1 p. 8-9

Poukisa Bondye pa reponn tout priyè?

Jewova Dye, Papa nou ki nan syèl la, vle koute priyè sensè nou yo e li pran plezi fè sa. Men, gen bagay ki ka fè Bondye pa reponn priyè nou yo. Ki bagay sa yo, epi ki sa n ta dwe sonje lè n ap priye? Men kèk prensip nan Bib la ki ka ede n.

Yon gwoup moun nan yon legliz k ap resite yon priyè ki nan yon liv priyè.

“Lè n ap priye, pinga nou plede repete menm bagay yo.” — Matye 6:7.

Jewova pa vle nou plede repete priyè nou aprann pa kè oswa priyè nou li nan liv. Olye de sa, li vle nou di l sa ki soti nan kè nou. Imajine jan w t ap santi w si w gen yon zanmi w ki toujou ap repete menm bagay yo chak jou. Bon zanmi yo alèz pou yo pale e yo sensè. Lè nou priye Papa nou ki nan syèl la nan pwòp mo pa nou, sa montre nou wè l tankou Zanmi nou.

Yon mesye k ap gade anlè pandan l ap grate yon biyè lotri.

“Lè nou mande, nou pa resevwa, paske n ap mande nan move entansyon.” — Jak 4:3.

Anfèt, nou pa atann pou Bondye koute priyè nou si n ap mande bagay nou konnen li pa vle nou fè oswa li pa vle nou genyen. Pa egzanp, èske Jewova ap reponn priyè yon moun ki jwe aza fè pou mande l chans pou l ka genyen, alòske Jewova di byen klè pou nou evite tanta e pou nou pa kwè nan bagay ki pa reyèl, tankou chans (Ezayi 65:11; Lik 12:15)? Li pa lojik pou nou atann Jewova ap reponn kalite priyè sa yo! Pou Bondye ka koute nou lè nou priye l, nou dwe asire n sa n ap mande a ann amoni ak sa li di nou nan Bib la.

Yon prèt k ap priye pou yon gwoup sòlda.

“Yon moun ki refize obeyi lalwa, menm lapriyè l fè bay degoutans.” — Pwovèb 28:9.

Nan tan yo t ap ekri Bib la, Bondye pa t reponn moun ki te dezobeyi lwa l yo ki jis (Ezayi 1:15, 16). Bondye pa chanje (Malachi 3:6). Si nou vle Jewova reponn priyè nou yo, nou dwe fè tout sa n kapab pou nou viv ann amoni ak lwa l yo. Bon, e si nou te konn fè move bagay lontan? Èske sa vle di Jewova pap janm koute nou? Non, se pa sa! Bondye ap kontan padone nou si nou regrèt bagay mal nou te fè e n fè sa n kapab pou n fè l plezi. — Travay 3:19.

“Yon moun k ap pwoche kot Bondye dwe kwè li egziste e li dwe kwè li tounen Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre.” — Ebre 11:6.

Yon fi k ap li Labib.

Nou pa priye jis paske sa fè nou santi nou byen lè n strese oswa lè n gen tètchaje. Lè n priye, nou montre n gen lafwa nan Bondye, e sa fè pati adorasyon n ap ba li a. Disip Jak te di si yon moun pa “kontinye mande [Jewova] ak lafwa, moun sa a pa bezwen panse l ap resevwa anyen nan men Jewova”. (Jak 1:6, 7.) Pou lafwa nou gen nan Bondye a ka vin solid, nou bezwen pran tan epi fè efò pou n rive konnen Bondye lè nou etidye Labib. Lè nou fè sa, n ap rive konnen volonte Bondye e n ap priye l, toutpandan nou kwè l ap koute priyè nou yo.

PA BAY VAG!

Se vre Bondye pa tande tout priyè, men, li tande e li reponn priyè sensè plizyè milyon moun ap fè. Labib ede n konnen sa n dwe fè pou priyè nou yo ka fè Bondye plezi. Atik ki vin apre a pral pale sou sa.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje