ATIK ETID 15
KANTIK 30 Papa m, Bondye m, Zanmi m
“Pwoche bò kote Bondye bon” pou nou!
“Kanta pou mwen, pwoche bò kote Bondye bon pou mwen.” — SÒM 73:28.
PWEN KLE
Fason n ka vin pi pwòch ak Jewova ak byenfè n ap jwenn lè n fè sa.
1-2. a) Ki sa n bezwen fè pou n vin bon zanmi yon moun? b) Sou ki sa n pral pale nan atik sa a?
ÈSKE W gen yon bon zanmi? Ki jan w te fè vin zanmi l? Petèt ou te pase tan avè l, ou te vin konn difikilte l te jwenn nan lavi l e w te vin konn sa l renmen ak sa l pa renmen. Ou te vin wè li gen anpil bèl kalite ou ta renmen imite. Ou te vin renmen zanmi w lan.
2 Pou w vin bon zanmi yon moun, sa mande tan ak efò. Se menm bagay la tou pou n vin gen yon relasyon pèsonèl ak Jewova Dye. Atik sa a pral montre ki jan nou ka vin pi pwòch ak Bondye nou an ak byenfè n ap jwenn lè n fè sa. Toudabò, ann wè poukisa li bon pou n pwoche bò kote Jewova, li menm ki pi bon Zanmi nou.
3. Poukisa nou dwe medite sou byenfè n ap jwenn lè n pwoche bò kote Jewova? Bay yon egzanp.
3 Se sèten w dakò li bon pou n pwoche bò kote Jewova. Men, lè w medite sou jan sa bon pou w pwoche bò kote Bondye, sa ka pouse w kontinye chèche vin pi pwòch avè l (Sòm 63:6-8). Pa egzanp, nou konnen lè n veye sa n ap manje, nou fè egzèsis, nou byen repoze n e nou bwè ase dlo, sa bon pou nou. Aktout sa, gen anpil moun ki pa bay bagay sa yo twòp enpòtans e yo neglije sante yo. Sepandan, plis nou panse jan sa bon pou nou lè n gen bon abitid, se plis n ap fè efò pou n kenbe yo. Menm jan an tou, nou ka konnen pwoche bò kote Jewova bon pou nou, men, lè n medite sou byenfè n ap jwenn lè n fè sa, sa ka pouse n kontinye chèche vin pi pwòch ak Zanmi nou an. — Sòm 119:27-30.
4. Selon Sòm 73:28, ki sa moun ki te ekri sòm sa a te fè konnen?
4 Li Sòm 73:28. Moun ki te ekri Sòm 73 la se te yon Levit ki te yon mizisyen nan tanp Jewova a. Petèt, li te gen kèk tan depi l t ap adore Jewova fidèlman. Epoutan, li te toujou santi li bezwen sonje lè l “pwoche bò kote Bondye”, sa bon pou li e l te santi l bezwen fè lòt moun sonje sa tou. Ki byenfè n ap jwenn lè nou pwoche bò kote Bondye?
“PWOCHE BÒ KOTE BONDYE” FÈ MOUN GEN KÈ KONTAN
5. a) Sa k fè lè n chèche vin pi pwòch ak Jewova, sa fè n gen kè kontan? b) Selon Pwovèb 2:6-16, bay kèk egzanp sou fason sajès Jewova bay la ka bon pou nou e sa ka pwoteje n.
5 Plis nou pwoche bò kote Jewova, se plis n ap gen kè kontan (Sòm 65:4). Gen plizyè rezon ki fè n di sa. Pa egzanp, lè n li sa Jewova di nan Pawòl li a, Labib, e n obeyi yo, nou vin gen sajès. Sajès sa a pwoteje nou kont move enfliyans e li ede n pou n pa fè erè ki grav. (Li Pwovèb 2:6-16.) Se poutèt sa, men sa Bib la di: “Byennere moun ki jwenn sajès ak moun ki vin gen bon jijman.” — Pwo. 3:13.
6. Ki sa k te fè moun ki te ekri Sòm 73 la te pèdi kè kontan l te genyen an?
6 Nòmalman, menm zanmi Jewova yo konn tris pafwa. Moun ki te ekri Sòm 73 la te pèdi kè kontan l te genyen an lè l te vin gen panse negatif. Li te santi l kontrarye e l te vin gen anbisyon paske, dapre li menm, move moun ki pa t bay Bondye regle anyen pou yo oswa ki pa t respekte prensip Li yo t ap byen mennen. Men, li te nan erè lefètke l te panse moun ki vyolan e ki gen ògèy se yo ki te toujou pi rich, pi an sante e ki pa t menm soufri (Sòm 73:3-7, 12). Sitiyasyon sa a te tèlman bay moun ki te ekri sòm nan pwoblèm, sa te fè l ap mande tèt li si sa itil pou l fè efò pou l sèvi Jewova. Men sa l te di tou tris: “Vrèmanvre, se pou granmesi mwen te fè efò pou kè m ret pwòp e pou m pa t tranpe men m nan sa ki mal.” — Sòm 73:13.
7. Ki sa nou kapab fè lè nou tris? (Gade foto a tou.)
7 Moun ki te ekri sòm nan pa t kite tristès pote l ale. Li te aji. Li te “antre nan tanp Bondye a”, kote Jewova te korije fason l panse (Sòm 73:17-19). Lè nou tris, Jewova, pi bon Zanmi nou an, konn sa. Si nou priye l pou n mande l gide nou epi n aksepte èd li bay pa mwayen Pawòl li a e pa mwayen kongregasyon an, n ap vin gen fòs pou n andire lè nou tris. Menm lè nou santi enkyetid anvayi nou, Jewova ap konsole nou e l ap soulaje nou. — Sòm 94:19.a
Levit ki te ekri Sòm 73 la ki kanpe nan “tanp Bondye a”. (Gade paragraf 7.)
LÈ NOU “PWOCHE BÒ KOTE BONDYE”, SA BAY LAVI NOU YON SANS E SA BAN NOU ESPWA
8. Nan ki lòt domèn enpòtan pwoche bò kote Bondye bon pou nou?
8 Lè nou pwoche bò kote Bondye, sa bon pou nou nan de lòt domèn enpòtan. Premyèman, sa bay lavi nou yon sans. Dezyèmman, sa fè n gen bonjan espwa pou lavni (Jer. 29:11). Ann pi byen egzamine byenfè sa yo.
9. Lè nou pwoche bò kote Jewova, ki jan sa bay lavi nou yon sans?
9 Lè nou pwoche bò kote Jewova, sa bay lavi nou yon sans. Anpil moun jodi a ki di Bondye pa egziste panse lavi a pa gen okenn sans e lèzòm ap sispann egziste yon lè. Sepandan, lè n etidye Pawòl Bondye a, nou vin gen konviksyon Bondye “egziste e [...] li tounen Sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre”. (Ebre 11:6.) Depi jodi a, nou gen plis kè kontan nan lavi nou paske n ap fè sa Jewova te kreye n pou n fè a, sa vle di n ap sèvi Jewova, Papa nou ki nan syèl la. — Det. 10:12, 13.
10. Ki sa Sòm 37:29 fè konnen anrapò ak avni moun ki met espwa yo nan Jewova?
10 Anpil moun pa vrèman gen espwa pou lavni. Yo jis al travay, yo marye, yo fè pitit e yo fè ekonomi pou lè yo pa ka travay ankò. Yo pa panse ak Bondye. Yon lòt bò, sèvitè Jewova yo met espwa yo nan li (Sòm 25:3-5; 1 Tim. 6:17). Nou fè Bondye nou an ki Zanmi nou konfyans e nou kwè nan pwomès li fè n yo. N ap gen posiblite adore l pou toutan nan Paradi a. — Li Sòm 37:29.
11. Lè nou pwoche bò kote Bondye, ki efè sa gen sou nou e ki efè sa gen sou li?
11 Lè nou pwoche bò kote Bondye, sa bon pou nou plizyè lòt fason ankò. Pa egzanp, Jewova pwomèt l ap padone peche moun ki repanti e ki pwoche bò kote l (Eza. 1:18). Se sa k fè nou pa oblije kite konsyans nou kontinye ap kale nou akoz peche nou te fè lontan (Sòm 32:1-5). Epitou, nou fè kè Jewova kontan lè nou pwoche bò kote l (Pwo. 23:15). Se sèten gen anpil lòt benediksyon nou kapab jwenn lè nou gen bon relasyon ak Bondye. Donk, ki jan nou ka kontinye pwoche bò kote Bondye?
FASON POU N KONTINYE “PWOCHE BÒ KOTE BONDYE”
12. Ki sa w te fè pou w te pwoche bò kote Bondye?
12 Anvan w te batize antanke Temwen Jewova, ou te deja fè anpil efò pou w pwoche bò kote Jewova. Ou te aprann laverite sou Jewova Dye ak Kris Jezi, ou te repanti pou peche w te fè, ou te montre w gen yon lafwa solid nan Bondye e w te fè efò pou w aji ann amoni ak volonte l. Sepandan, pou n rete pwòch ak Bondye, nou dwe kontinye fè bagay sa yo. — Kol. 2:6.
13. Bay twa bagay nou dwe fè ki kapab ede n kontinye vin pi pwòch ak Jewova.
13 Ki sa k ap ede n kontinye vin pi pwòch ak Jewova? 1) Nou dwe kontinye li Labib epi etidye l. Pandan n ap fè sa, nou ta dwe gen objektif pou n pa jis aprann kèk bagay sou Bondye. Okontrè, nou bezwen chèche konprann sa Bondye vle nou fè epi kite prensip ki nan Pawòl li a dirije lavi nou (Efe. 5:15-17). 2) Nou dwe fè lafwa nou vin pi djanm lè nou medite sou pakèt prèv ki montre Bondye renmen nou. 3) Nou dwe kontinye rayi bagay ki fè Jewova lapenn epi pa fè zanmi ak moun k ap pratike bagay sa yo. — Sòm 1:1; 101:3.
14. Selon 1 Korentyen 10:31, bay kèk nan bagay nou kapab fè chak jou pou n fè kè Jewova kontan. (Gade foto yo tou.)
14 Li 1 Korentyen 10:31. Li enpòtan anpil pou n kontinye fè sa k ap fè Jewova plezi. Sa mande plis pase al preche epi al nan reyinyon. Fason n ap mennen lavi nou chak jou dwe fè Jewova plezi. Pa egzanp, lè nou aji yon fason ki dwat nan tout bagay e nou pataje sa nou genyen ak lòt moun, nou fè kè Jewova kontan (2 Kor. 8:21; 9:7). Epitou, li vle nou gen gwo respè pou lavi ki se yon kado. Nou vin pi pwòch ak Sila a ki ban nou lavi a lè n veye sou kantite manje n ap manje ak kantite bwason n ap bwè e lè nou pran swen sante nou lòt fason ankò. Chak efò nou fè pou n fè Jewova plezi, menmsi se nan bagay ki parèt toupiti, sa ap fè l renmen nou plis. — Lik 16:10.
Lè nou kondui avèk pridans, lè nou pran swen tèt nou, pa egzanp nou fè egzèsis epi nou manje manje ki bon pou sante nou, e lè nou renmen akeyi moun, se kèk fason nou ka fè kè Jewova kontan. (Gade paragraf 14.)
15. Ki jan Jewova vle nou aji ak lòt moun?
15 Jewova aji byen ni ak moun ki jis ni ak moun ki enjis (Mat. 5:45). Li atann pou nou menm tou nou montre konsiderasyon pou lòt moun. Pa egzanp, nou pa dwe ‘pale pèsonn mal, nou pa dwe renmen fè kont, nou dwe montre yon dousè total anvè tout kalite moun’. (Tit 3:2.) Se sa k fè nou pap meprize lòt moun senpleman paske yo pa gen menm kwayans avè n (2 Tim. 2:23-25). Nou vin pi pwòch ak Jewova lè n toujou aji byen ak tout moun e lè n gen konsiderasyon pou yo.
NOU KA “PWOCHE BÒ KOTE BONDYE” MENM LÈ NOU FÈ ERÈ
16. Ki jan moun ki te ekri Sòm 73 la te kòmanse santi l apre l te fin fè kèk tan ap sèvi Jewova?
16 Pafwa nou ka santi nou pa merite pou Jewova renmen nou. Jan n te wè sa, gen yon bagay menm jan an ki te rive moun ki te ekri Sòm 73 la. Men sa l te di: “Mwen te prèske kite bon chemen an, pye m te prèske glise.” (Sòm 73:2). Li te rekonèt li te vin “egri”, e “tankou yon bèt ki pa gen okenn bonsans” devan Jewova, li “pa t byen reflechi”. (Sòm 73:21, 22.) Èske akoz move atitid li te genyen an li te panse li te yon ka pèdi e li pa t merite pou Jewova renmen l?
17. a) Menm lè moun ki te ekri sòm nan te santi moral li ba nèt, ki sa l te fè? b) Ki leson nou ka aprann nan eksperyans li te fè a? (Gade foto yo tou.)
17 Si moun ki te ekri sòm nan te santi Jewova voye l jete, li dwe te santi l konsa pou yon ti tan sèlman. Sanble lè l te santi l kraze nèt, li te wè jan l enpòtan pou l chèche vin pi pwòch ak Bondye, jan sa parèt nan pawòl li te di annapre yo. Men sa l te di: “Men, kounye a, mwen avèk ou [Jewova] toutan. Ou kenbe men dwat mwen. Ou ban m konsèy pou w gide m e w ap fè m jwenn glwa.” (Sòm 73:23, 24). Nou menm tou, nou dwe mande Jewova pou l ban nou fòs lè n santi lafwa n febli oswa nou dekouraje akoz erè nou fè (Sòm 73:26; 94:18). Menmsi pye nou ta glise pandan yon tan, nou kapab retounen vin jwenn Jewova paske nou konnen li “dispoze padone”. (Sòm 86:5.) Nou bezwen chèche vin pi pwòch ak Bondye nou an, sitou lè nou santi moral nou ba nèt. — Sòm 103:13, 14.
Lè nou santi lafwa nou febli, nou bezwen chèche vin pi pwòch ak Jewova lè nou pran tan pou n priye l e lè n asiste reyinyon yo regilyèman. (Gade paragraf 17.)
“PWOCHE BÒ KOTE BONDYE” NÈTALE
18. Poukisa nou ka kontinye chèche vin pi pwòch ak Jewova pou toutan?
18 Nou ka kontinye pwoche bò kote Jewova pou toutan. Nou pap janm sispann aprann konnen l. Bib la di li enposib pou moun “rive jwenn tras” chemen Jewova yo e pou yo dekouvri kantite sajès ak konesans li genyen. — Wom. 11:33.
19. Ki asirans nou jwenn nan liv Sòm nan?
19 Sòm 79:13 di: “Nou menm pèp ou a, mouton ki nan patiraj ou yo, n ap remèsye w pou toutan, n ap fè louwanj pou ou jenerasyon apre jenerasyon.” Pandan w ap kontinye pwoche bò kote Bondye, ou menm tou ou kapab gen asirans w ap jwenn benediksyon nètale e w kapab di avèk konfyans: “Bondye pwoteje kè m. Se li ki mas wòch mwen, li se pòsyon pa m pou toutan.” — Sòm 73:26.
KANTIK 32 Pran pozisyon pou Jewova!
a Moun ki gen lontan anba strès oswa ki toujou tris kapab bezwen èd yon pwofesyonèl lasante. Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade Toudegad no 1 2023.