BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 avril p. 14-19
  • Lè n chèche vin pwòch ak frè n ak sè n yo, sa bon pou nou!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè n chèche vin pwòch ak frè n ak sè n yo, sa bon pou nou!
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • REZON KI FÈ NOU DWE CHÈCHE VIN PI PWÒCH YOUN AK LÒT
  • ANNOU ONORE YOUN LÒT
  • “PA DWE GEN DIVIZYON NAN MITAN NOU”
  • “AJI AVÈK SENSERITE POU NOU MONTRE” NOU GEN LANMOU
  • Jewova gen afeksyon pou ou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Chèche jwenn repons kesyon sa yo
    Pwogram asanble sikonskripsyon avèk siveyan sikonskripsyon an 2025-2026
  • “Pwoche bò kote Bondye bon” pou nou!
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 avril p. 14-19

ATIK ETID 16

KANTIK 87 Vini, w ap rejwenn fòs!

Lè n chèche vin pwòch ak frè n ak sè n yo, sa bon pou nou!

“Ala bon sa bon e ala sa bay kè kontan lè frè abite ansanm e yo gen tèt ansanm!” — SÒM 133:1.

PWEN KLE

Kèk konsèy sou fason nou ka vin pi pwòch youn ak lòt ak pakèt benediksyon n ap jwenn lè nou zanmi frè n ak sè n yo.

1-2. Bay youn nan bagay ki enpòtan pou Jewova, e ki sa li vle nou fè?

FASON n aji ak lòt moun gen anpil enpòtans pou Jewova. Jezi te anseye nou dwe renmen pwochen nou menm jan nou renmen tèt nou (Mat. 22:​37-39). Sa mande pou n aji byen menm ak moun ki pa gen menm kwayans ak nou. Lè n fè sa, nou imite Jewova Dye, li menm ki “fè solèy li leve ni sou moun ki mechan ni sou moun ki bon e [ki] fè lapli tonbe ni sou moun ki jis ni sou moun ki pa jis”. — Mat. 5:45.

2 Menm lè Jewova renmen lèzòm an jeneral, li sitou renmen moun k ap fè sa ki dwat (Jan 14:21). Li vle nou imite l. Li mande pou n gen “anpil lanmou” pou frè n ak sè n yo e pou n montre “gwo afeksyon” pou yo (1 Pyè 4:8; Wom. 12:10). Se kalite lanmou ak afeksyon sa a nou genyen pou yon moun nan fanmi nou nou renmen oswa pou yon bon zanmi nou.

3. Ki sa nou dwe sonje anrapò ak lanmou?

3 Menm jan nou bezwen pran swen yon plant nou genyen pou l ka grandi, se konsa tou nou bezwen fè efò pou n vin gen plis lanmou pou lòt moun. Men konsèy apot Pòl te bay kretyen yo: “Se pou nou kontinye gen lanmou pou frè yo.” (Ebre 13:1). Jewova vle nou kontinye gen lanmou pou lòt moun. Atik sa a pral montre rezon ki fè nou bezwen vin pi pwòch ak frè n ak sè n yo ak fason nou ka kontinye fè sa.

REZON KI FÈ NOU DWE CHÈCHE VIN PI PWÒCH YOUN AK LÒT

4. Selon Sòm 133:​1, ki jan n ka toujou montre nou apresye bèl tèt ansanm ki gen nan mitan nou antanke frè ak sè? (Gade foto yo tou.)

4 Li Sòm 133:1. Nou dakò ak moun ki te ekri sòm nan ki te fè konnen lè n fè zanmi ak moun ki renmen Jewova, “sa bon” pou nou e “sa bay kè kontan”. Menm jan yon moun ka pa bay yon bèl pyebwa li abitye wè chak jou enpòtans, se konsa tou nou ka pa bay bèl tèt ansanm ki gen nan mitan nou antanke kretyen an enpòtans. Nou wè frè n ak sè n yo souvan, petèt plizyè fwa pa semèn. Ki jan n ka toujou montre nou apresye yo? Lanmou n gen pou frè n ak sè n yo ap kontinye grandi si n pran tan pou n reflechi ak jan chak moun enpòtan pou kongregasyon an e pou nou menm tou.

Foto ki ansanm: 1. Yon sè k ap admire yon pyebwa fèy li chanje koulè. 2. Annapre, l ap bay yon lòt sè akolad nan yon kongrè rejyonal. Lòt moun nan kongrè a ki kontan pale youn ak lòt.

Nou bezwen montre nou apresye bèl tèt ansanm nou genyen antanke kretyen an. (Gade paragraf 4.)


5. Ki efè lanmou ki gen nan mitan nou antanke frè ak sè ka gen sou lòt moun?

5 Gen moun ki asiste reyinyon pou premye fwa ki sezi wè lanmou nou gen youn pou lòt. Sa sèlman ka fè yo rann yo kont yo jwenn laverite. Men sa Jezi te di: “Tout moun ap konnen nou se disip mwen si nou gen lanmou nan mitan nou.” (Jan 13:35). Ann pran egzanp Chaithra, yon etidyan nan inivèsite ki t ap etidye Labib ak Temwen Jewova. Li te aksepte envitasyon pou l te asiste yon kongrè rejyonal. Apre l te fin asiste premye jou kongrè a, men sa l te di moun ki t ap etidye Labib avè l la: “Paran m pa janm ban m akolad. Men, nan kongrè a, nan yon sèl jou, yo te ban m 52 akolad! Mwen te santi lanmou Jewova nan mitan frè ak sè yo. Mwen vle fè pati fanmi sa a.” Chaithra te kontinye fè pwogrè e l te batize an 2024. Vrèmanvre, lè nouvo yo wè bèl aksyon nou fè, san wete lanmou nou gen youn pou lòt, souvan sa pouse yo vin sèvi Jewova. — Mat. 5:16.

6. Lè n chèche vin pi pwòch ak frè n ak sè n yo, ki jan sa kapab yon pwoteksyon pou nou?

6 Lè n chèche vin pi pwòch ak frè n ak sè n yo, sa kapab yon pwoteksyon pou nou. Men konsèy Pòl te bay kretyen yo: “Se pou youn kontinye ankouraje lòt chak jou [...], dekwa pou pouvwa peche genyen pou l twonpe moun pa fè okenn nan nou ap fè tèt di.” (Ebre 3:13). Si nou vin tèlman dekouraje akoz nou wè l difisil pou n fè sa ki dwat, Jewova ka pouse yon kwayan parèy nou ki wè sitiyasyon nou ban nou èd nou bezwen (Sòm 73:​2, 17, 23). Ankourajman konsa bon pou nou anpil.

7. Ki rapò ki genyen ant lanmou ak tèt ansanm? (Kolosyen 3:​13, 14).

7 Nou fè pati yon gwoup moun k ap fè efò pou yo demontre lanmou youn pou lòt, se sa k fè nou jwenn anpil benediksyon (1 Jan 4:11). Pa egzanp, lanmou pouse “youn kontinye sipòte lòt”, e sa fè gen tèt ansanm nan mitan nou. (Li Kolosyen 3:​13, 14; Efe. 4:​2-6.) Se sa k fè, nan reyinyon nou yo, gen yon bèl anbyans nou pap jwenn okenn lòt kote sou tè a.

ANNOU ONORE YOUN LÒT

8. Ki jan Jewova ede n gen tèt ansanm nan mitan nou?

8 Se Jewova ki fè nou gen tèt ansanm nan mitan nou toupatou sou tè a malgre nou enpafè (1 Kor. 12:25). Bib la di: “Bondye anseye nou pou youn renmen lòt.” (1 Tes. 4:9). Sa vle di, nan Bib la, Jewova di nou egzakteman sa n bezwen fè pou n ka vin pi pwòch youn ak lòt. Nou kapab kite “Bondye anseye nou” lè n byen egzamine ansèyman l yo e lè n aplike yo (Ebre 4:12; Jak 1:25). E se egzakteman sa n ap fè efò pou nou fè antanke Temwen Jewova.

9. Ki sa n aprann nan Women 12:​9-13 anrapò ak onore youn lòt?

9 Ki jan Pawòl Bondye a anseye n pou n vin pi pwòch youn ak lòt? Ann egzamine sa Pòl te di sou sijè sa a, jan sa parèt nan Women 12:​9-13. (Li vèsè yo.) N ap remake li di: “Pran devan nan onore youn lòt.” Ki sa sa vle di? Nou dwe fè efò pou n montre “gwo afeksyon” pou lòt moun lè n dispoze padone, lè n renmen akeyi moun, lè n donan e lè n fè lòt bagay ankò (Efe. 4:32). Ou pa bezwen tann se yon frè oswa yon sè ki pou fè efò pou l vin pi pwòch avè w. Ou kapab “pran devan” lè w fè sa. Men sa Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Tra. 20:35.

10. Ki jan n ka fè efò pou n “onore youn lòt”? (Gade foto a tou.)

10 Li enteresan pou n wè, tousuit apre Pòl fin di pran devan nan onore youn lòt, li ankouraje n pou n “travay di, [e pou n] pa fè parès”. Yon moun ki travay di se yon moun ki chofe nan travay l ap fè e ki pa fè parès. Lè yo ba l fè yon travay, li met tout li menm ladan l. Men sa Pwovèb 3:​27, 28 di nou: “Pa refize fè byen pou moun ki bezwen w fè sa pou yo, depi w kapab fè sa.” Se sa k fè, lè n wè yon moun bezwen èd, nou fè sa n kapab pou n ede l. Nou pa di n a gen tan, oswa nou pa di tèt nou yon lòt moun ap ede l. — 1 Jan 3:​17, 18.

Yon jèn frè ki sou yon nechèl, l ap retire fèy sou do kay yon frè ki granmoun.

Nou dwe pran devan pou n ede frè n ak sè n yo ki bezwen èd nou. (Gade paragraf 10.)


11. Ki sa k ka ede n vin pi pwòch youn ak lòt?

11 Yon lòt fason nou ka onore lòt moun se lè nou padone yo byen vit lè yo fè n oswa di n yon bagay ki fè nou mal. Men sa Efezyen 4:26 di: “Pa kite solèy la kouche sou nou tou an kòlè.” Poukisa? Vèsè 27 la di, si n ta fè sa, nou t ap “kite jwen pou Dyab la”. Jewova mande n plizyè fwa pou n padone youn lòt. Kolosyen 3:13 mande pou “youn kontinye padone lòt ak tout kè l”. Lè n padone erè lòt moun fè, se youn nan pi bon fason pou n vin pi pwòch avè yo. Lè n fè sa, “nou kenbe inite lespri a, nan chenn inyon lapè a”. (Efe. 4:3.) Li klè, lè nou padone, sa kapab fè gen tèt ansanm ak lapè nan mitan nou.

12. Ki jan Jewova ede n pou n dispoze padone?

12 Se vre, nou ka twouve l difisil pou n padone moun ki mal aji avè n. Men, nou ka reyisi fè sa grasa èd lespri Bondye. Apre Bib la fin ankouraje nou pou n gen “gwo afeksyon [...] youn pou lòt” e pou n “travay di”, li di: “Se pou lespri a chofe nou.” Yon moun lespri a “chofe” se yon moun ki gen anpil devouman e ki gen kè kontan paske lespri sen aji sou li. Donk, lespri Bondye kapab ede n montre gwo afeksyon youn pou lòt epi padone youn lòt san grate tèt. Se sa k fè nou sipliye Jewova ak tout kè n pou l ede n. — Lik 11:13.

“PA DWE GEN DIVIZYON NAN MITAN NOU”

13. Ki sa k ta ka fè gen divizyon nan mitan nou?

13 Nan kongregasyon an, n ap jwenn “tout kalite moun” ki soti divès kote (1 Tim. 2:​3, 4). Si n pa fè atansyon, diferans sa yo kapab fè gen divizyon nan mitan nou parapò ak sa nou chwazi fè, pa egzanp, fason n abiye, fason n fè cheve nou, kesyon sante ak detant n ap pran (Wom. 14:4; 1 Kor. 1:10). Lefètke “Bondye anseye nou pou youn renmen lòt”, nou dwe fè atansyon pou n pa eseye fòse lòt moun kwè se fason n wè bagay yo ki pi bon. — Flp. 2:3.

14. Ki sa nou dwe toujou fè efò pou nou fè, e poukisa?

14 Nou ka anpeche gen divizyon nan kongregasyon an tou lè n toujou fè efò pou n ankouraje lòt moun e pou n fòtifye yo (1 Tes. 5:11). Sa pa gen lontan, gen plizyè frè ak sè ki te inaktif oswa yo te retire nan kongregasyon yo ki retounen. Nou vrèman kontan akeyi yo (2 Kor. 2:8)! Remake sa k te rive yon sè ki te vin asiste reyinyon nan Sal Wayòm apre l te fin fè dizan inaktif. Men sa l di: “Tout moun te souri ban mwen e yo te ban m lanmen.” (Tra. 3:19). Ki efè bèl ti jès senp sa yo te gen sou li? Men sa l di: “Sa te fè m wè Jewova t ap ede m gen kè kontan ankò.” Lè n ankouraje tout moun, nou ka kite Kris sèvi avè n pou fòtifye moun “ki bouke e ki gen chay [y] ap pote”. — Mat. 11:​28, 29.

15. Bay yon lòt fason nou ka travay pou gen tèt ansanm nan mitan nou. (Gade foto a tou.)

15 Yon lòt fason nou ka travay pou gen tèt ansanm nan mitan nou se lè n veye sa n ap di. Men sa Jòb 12:11 di: “Èske zòrèy pa egzamine pawòl menm jan lang pran gou manje?” Menm jan yon moun ki konn fè manje ap toujou goute yon manje l ap fè pou l wè si l gou anvan l sèvi lòt moun li, li bon pou n byen reflechi ak sa nou pral di anvan nou di l (Sòm 141:3). Nou ta dwe gen objektif pou n toujou asire n sa nou pral di a ap “bon pou moun ki tande l yo”, l ap ankouraje yo e l ap fòtifye yo. — Efe. 4:29.

Yon frè k ap goute manje l ap kuit pou moun li envite anvan l sèvi yo li.

Reflechi ak sa w pral di anvan w di l. (Gade paragraf 15.)


16. Kiyès sitou ki dwe fè efò pou yo di pawòl k ap ankouraje moun?

16 Mari yo ak paran yo sitou dwe veye pou yo di pawòl k ap ankouraje moun (Kol. 3:​19, 21; Tit 2:4). Antanke bèje twoupo Jewova a, ansyen yo dwe yon sous ankourajman ak konsolasyon tou pou frè ak sè yo (Eza. 32:​1, 2; Gal. 6:1). Men sa yon pwovèb nan Bib la fè n sonje: “Lè yon moun di yon pawòl nan moman l dwe di l la, se pa ti bon sa bon!” — Pwo. 15:23.

“AJI AVÈK SENSERITE POU NOU MONTRE” NOU GEN LANMOU

17. Ki jan nou ka sèten lanmou nou gen pou frè n ak sè n yo sensè?

17 Apot Jan ankouraje nou pou n pa “renmen [youn] lòt nan bouch, ni ak bèl pawòl, men [...] pou nou aji avèk senserite pou nou montre sa”. (1 Jan 3:18.) Nou vle lanmou nou gen pou frè n ak sè n yo soti nan kè nou. Ki jan n ka rive fè sa? Plis nou pase tan ak frè n ak sè n yo, se plis n ap vin pi pwòch youn ak lòt, e lanmou nou gen youn pou lòt ap vin pi fò. Donk, chèche okazyon pou n pase tan ak lòt moun nan reyinyon yo ak nan travay predikasyon an. Pran tan pou n vizite frè ak sè yo. Lè n fè sa, nou montre “Bondye [ap] anseye nou pou youn renmen lòt”. (1 Tes. 4:9.) Epitou, n ap kontinye wè jan “sa bon e [jan] sa bay kè kontan lè frè abite ansanm e yo gen tèt ansanm”! — Sòm 133:1.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Poukisa lè n chèche vin pi pwòch youn ak lòt sa bon pou nou?

  • Ki jan n ka pran devan nan onore youn lòt?

  • Ki jan n ka travay pou gen tèt ansanm nan mitan nou?

KANTIK 90 Annou youn ankouraje lòt

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje