BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 me p. 26-31
  • Ki enpòtans non Jewova gen pou ou?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki enpòtans non Jewova gen pou ou?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • “YON PÈP POU NON L”
  • “NOU SE TEMWEN M”
  • ENPÒTANS NON JEWOVA GEN POU NOU
  • Rezon ki fè non Jewova gen anpil enpòtans pou Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • “Fè louwanj pou non Jewova”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • “Chwazi nou menm [...] kiyès n ap sèvi”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 me p. 26-31

ATIK ETID 23

KANTIK 2 Non ou se Jewova

Ki enpòtans non Jewova gen pou ou?

“Men sa Jewova di: ‘Nou se temwen m.’” — EZA. 43:10.

PWEN KLE

Sa nou kapab fè pou n montre non Jewova sen e pou n defann non l.

1-2. Sa k fè nou kapab di non Jewova gen enpòtans pou Jezi?

PA GEN anyen ki pi enpòtan pou Jezi pase non Jewova. Se Jezi ki plis fè konnen non Jewova. Jan nou te wè nan atik anvan an, Jezi te dispoze mouri pou non Jewova te ka vin sen (Mak 14:36; Ebre 10:​7-9). Apre Rèy mil an Jezi a, l ap dispoze remèt Papa l tout otorite li genyen paske li vle Jewova jwenn tout glwa a (1 Kor. 15:​26-28). Epitou, lanmou Jezi gen pou non Bondye aprann nou anpil bagay sou relasyon li gen ak Papa l. Se sèten sa montre jan l renmen Sila a ki pote non sa a.

2 Jezi te vin sou tè a nan non Papa l (Jan 5:43; 12:13). Li te fè disip li yo konnen non Papa l (Jan 17:​6, 26). Lè Jezi t ap anseye moun yo e l t ap fè mirak, li te toujou fè konnen aklè se nan non Jewova li rive fè tout bagay sa yo (Jan 10:25). Dayè, Jezi te mande Jewova pou L voye je sou disip li yo ‘poutèt non L’. (Jan 17:11.) Donk, si non Jewova gen tout enpòtans sa a pou Jezi, ki jan yon moun ka di li se yon vrè kretyen epi pou l pa konnen non Papa Jezi oswa pou l pa itilize l?

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Antanke kretyen k ap fè efò pou n suiv tras Jezi, non Papa l gen anpil enpòtans pou nou (1 Pyè 2:21). Nan atik sa a, nou pral wè jan non Jewova fè moun konnen kiyès k ap preche “bon nouvèl [...] konsènan Wayòm nan”. (Mat. 24:14.) Epitou, nou pral wè jan non Jewova ta dwe enpòtan pou nou chak.

“YON PÈP POU NON L”

4. a) Ki sa Jezi te di disip li yo anvan l te retounen nan syèl? b) Ki kesyon sa fè n poze?

4 Men sa Jezi te di disip li yo yon ti tan anvan l retounen nan syèl la: “Nou pral gen pisans lè lespri sen vin sou nou, e nou pral sèvi m temwen nan Jerizalèm, nan tout Jide ak nan Samari, rive jis nan zòn ki pi lwen sou tè a.” (Tra. 1:8). Donk, yo t ap gen pou yo preche bon nouvèl la toupatou, se pa ann Izrayèl sèlman. Rive yon lè, moun nan tout nasyon t ap gen posiblite pou yo vin disip Jezi (Mat. 28:​19, 20). Men sa Jezi te di: “Nou pral sèvi m temwen.” Èske moun sa yo ki t ap vin disip Jezi t ap sèlman bay temwayaj sou li oswa èske yo t ap bezwen aprann konnen Jewova epi bay temwayaj sou li tou? Istwa ki nan Travay chapit 15 lan ede n jwenn repons kesyon sa a.

5. Ki jan apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm te montre jan l enpòtan pou moun konnen non Jewova? (Gade foto a tou.)

5 Nan ane 49 epòk nou an, apot yo ak ansyen yo nan Jerizalèm te reyini pou yo te pale konsènan ki sa moun lòt nasyon ki pa t sikonsi yo te bezwen fè pou yo te ka aksepte yo antanke kretyen. Lè reyinyon an t apral fini, men sa Jak, frè Jezi bò kot manman, te di: “[Pyè] rakonte an detay kòman, pou premye fwa, Bondye te dirije atansyon l sou nasyon yo pou l retire yon pèp pou non l nan mitan yo.” Konsènan ki non Jak t ap pale? Jak te fè referans ak yon pawòl pwofèt Amòs te di. Men sa l te di apre sa: “Dekwa pou moun ki rete yo ka chèche Jewova ak tout kè yo, ansanm ak moun nan tout nasyon yo, moun ki pote non m yo, se sa Jewova di.” (Tra. 15:​14-18). Nonsèlman moun sa yo ki te fèk vin disip t ap aprann konnen Jewova, men, yo t ap ‘pote non l’ tou. Sa vle di yo t ap fè lòt moun konn non Bondye e moun t ap konnen yo nan non sa a.

Jak k ap pale ak kèk nan apot ak ansyen nan Jerizalèm yo. De nan frè yo gen woulo ki ouvri nan men yo pandan y ap koute.

Nan premye syèk la, pandan kolèj santral la t ap fè yon reyinyon, mesye fidèl sa yo te rive byen konprann kretyen yo dwe yon pèp pou non Bondye. (Gade paragraf 5.)


6-7. a) Poukisa Jezi te vin sou tè a? b) Bay yon lòt rezon ki pi enpòtan ki fè Jezi te vin sou tè a.

6 Non Jezi vle di “Jewova se delivrans”, e se pa mwayen Jezi Jewova ap sove tout moun ki demontre yo gen lafwa. Jezi te vin sou tè a pou l bay lavi l pou lèzòm (Mat. 20:28). Lefètke l te peye ranson an, li fè l vin posib pou lèzòm sove e pou yo gen lavi ki pap janm fini an. — Jan 3:16.

7 Poukisa lèzòm te bezwen ranson an? Se akoz sa k te rive nan jaden Edenn nan. Jan n te wè nan atik anvan an, Adan ak Èv, premye paran nou yo, te fè rebèl ak Jewova e sa te fè yo pèdi posiblite pou yo viv pou toutan (Jen. 3:​6, 24). Sepandan, gen yon bagay ki pi enpòtan lontan pase delivrans lèzòm. Satan te bay gwo manti sou Jewova (Jen. 3:​4, 5). Donk, delivrans desandan Adan ak Èv yo te gen rapò ak yon pi gwo kesyon: non Jewova te bezwen vin sen. Lefètke Jezi te vini nan non Jewova e li te byen fè tout sa Jewova te vle l fè, li jwe yon wòl enpòtan nan fè non Jewova vin sen.

Ki jan yon moun ka di li se yon vrè kretyen epi pou l pa konnen non Papa Jezi oswa pou l pa itilize l?

8. Ki sa tout moun ki t ap vin kwè nan Jezi t ap bezwen rekonèt?

8 Tout moun ki t ap montre yo gen lafwa nan Jezi, kit yo te Juif kit yo te moun lòt nasyon, t ap bezwen rekonèt se grasa Jewova Dye, Papa Jezi, y ap jwenn delivrans (Jan 17:3). Epitou, menm jan ak Jezi, yo t ap pote non Jewova. E yo t ap bezwen rekonèt jan l enpòtan pou non sa a vin sen. Yo t ap bezwen fè sa pou yo ka sove (Tra. 2:​21, 22). Donk, tout disip Jezi ki fidèl yo te bezwen aprann konnen Jewova ak Jezi. Nou konprann rezon ki fè lè Jezi t ap fini priyè nou jwenn nan Jan chapit 17 la li te di pawòl ki vin annapre yo: “Mwen fè yo konnen non w e m ap fè konnen l, dekwa pou lanmou w gen pou mwen an ka nan yo e mwen menm pou m ann inyon avèk yo.” — Jan 17:26.

“NOU SE TEMWEN M”

9. Ki jan n ka montre non Jewova enpòtan pou nou?

9 Selon sa nou sot wè, tout vrè disip Jezi yo bezwen montre yo vrèman anvi wè non Jewova vin sen (Mat. 6:​9, 10). Yo dwe konsidere non Jewova kòm non ki pi enpòtan ki egziste. Yo bezwen montre sa nan fason y ap aji. Men, ki jan nou ka patisipe nan fè non Jewova vin sen oswa ki jan nou kapab montre sa Satan te di sou Jewova yo se manti?

10. Konsènan ki tribinal senbolik y ap pale nan Ezayi chapit 42 rive nan chapit 44? (Ezayi 43:9; 44:​7-9). (Gade foto a tou.)

10 Nan Ezayi chapit 42 rive nan chapit 44, nou aprann sa nou ka fè pou non Jewova vin sen. Nan chapit sa yo, yo pale konsènan yon tribinal senbolik kote Jewova ap mande moun ki pap adore l yo pou yo bay prèv dye y ap sèvi yo egziste toutbon. Menm jan ak lè y ap fè yon jijman nan tribinal, Jewova mande si gen temwen ki ka pwouve sa. Men pa gen youn ki kapab! — Li Ezayi 43:9; 44:​7-9.

Foto ki ansanm: Zanj k ap vole anlè tè a pandan gen frè ak sè toupatou sou tè a k ap patisipe nan fè non Jewova vin sen. 1. Yon mari ak madanm k ap bay temwayaj ak charyo. 2. Yon jèn sè k ap bay yon kamarad lekòl li yon kat jw.org. 3. Yon frè k ap bay yon mesye temwayaj pandan yo nan transpò piblik. 4. Polisye ki gen kagoul nan figi yo ki prale ak yon frè ki ak minòt nan men l. 5. Yon sè ki sou kabann lopital k ap fè yon doktè konnen li pap pran san.

Nou montre pa gen lòt Bondye apa Jewova nan pawòl nou ak nan fason n aji. (Gade paragraf 10-11.)


11. Jan sa parèt nan Ezayi 43:​10-12, ki sa Jewova fè pèp li a konnen?

11 Li Ezayi 43:​10-12. Men sa Jewova di anrapò ak pèp li a: “Nou se temwen m, e se mwen ki Bondye.” Jewova ap mande yo pou yo reponn kesyon ki vin annapre a: “Èske gen yon lòt Bondye apa mwen menm?” (Eza. 44:8). Donk, nou gen privilèj pou nou reponn kesyon sa a. Nan pawòl n ap di ak nan fason n ap aji, nou bay prèv se Jewova ki sèl vrè Dye a e non l pi enpòtan pase tout lòt non. Kèlkeswa presyon Satan ta fè sou nou, nou montre nan fason n ap viv nou vrèman renmen Jewova e nou fidèl avè l. Konsa, nou gen okazyon pou nou patisipe nan fè non Jewova vin sen.

12. Ki jan pwofesi nou jwenn nan Ezayi 40:​3, 5 lan te reyalize?

12 Ezayi te fè konnen tou gen yon moun ki t apral “prepare wout la pou Jewova”. (Eza. 40:3.) Ki jan pwofesi sa a te reyalize? Jan, ki te konn batize moun nan, te prepare chemen an pou Jezi ki te vini nan non Jewova e ki te pale nan non Jewova (Mat. 3:3; Mak 1:​2-4; Lik 3:​3-6). Men sa menm pwofesi sa a di: “Moun ap fè konnen glwa Jewova.” (Eza. 40:5). Kòman sa te reyalize? Lè Jezi te vin sou tè a, li te tèlman byen reprezante Jewova se kòmsi se Jewova ki te vin sou tè a (Jan 12:45). Donk, lè nou defann non Jewova oswa repitasyon l, nou suiv egzanp Jezi Kris.

13. Ki jan n ka suiv egzanp Jezi?

13 Menm jan ak Jezi, nou se Temwen Jewova. Nou pote non Jewova e nou fè moun nou rankontre yo konn bèl aksyon li fè yo. Sepandan, pou n ka fè sa byen, nou dwe fè moun konnen wòl enpòtan Jezi jwe nan fè non Jewova vin sen (Tra. 1:8). Pa gen moun ki te bay pi bèl temwayaj sou Jewova pase Jezi, e nou suiv egzanp li (Rev. 1:5). Men, ki enpòtans non Jewova ta dwe gen pou nou chak?

ENPÒTANS NON JEWOVA GEN POU NOU

14. Jan nou wè sa nan Sòm 105:​3, ki enpòtans non Jewova gen pou nou?

14 Nou fyè pou n fè konnen non Jewova. (Li Sòm 105:3.) Jewova kontan anpil lè n ap vante tèt nou dèske nou konnen non l (Jer. 9:​23, 24; 1 Kor. 1:31; 2 Kor. 10:17). “Vante tèt [nou] nan Jewova” vle di pou nou fyè dèske Jewova se Bondye nou. Nou konsidere se yon privilèj pou n onore non l e pou n defann repitasyon l. Nou pa dwe janm wont fè kòlèg travay nou, kondisip nou, vwazen nou ak lòt moun ankò konnen nou se Temwen Jewova! Dyab la vle nou sispann fè lòt moun konnen non Jewova (Jer. 11:21; Rev. 12:17). Anfèt, Satan ak fo pwofèt li yo vle fè moun bliye non Jewova (Jer. 23:​26, 27). Men, lefètke nou renmen non Jewova, nou vle fè louwanj pou Li “tout lajounen”. — Sòm 5:11; 89:16.

15. Ki sa met konfyans nou nan non Jewova vle di?

15 Nou kontinye met konfyans nou nan non Jewova (Jow. 2:32; Wom. 10:​13, 14). Met konfyans nou nan non Jewova se pa annik konnen non Bondye epi sèvi avè l. Sa mande pou n aprann konnen Bondye, aprann fè l konfyans epi aprann konte sou li pou l ede n e pou l gide n (Sòm 20:7; 99:6; 116:4; 145:18). Epitou, nou fè lòt moun konnen non Jewova ak kalite l yo. Nou ankouraje yo pou yo repanti e pou yo aji pou yo ka jwenn favè l. — Eza. 12:4; Tra. 2:​21, 38.

16. Ki jan n ka montre Satan se yon mantè?

16 Nou dispoze soufri pou non Jewova (Jak 5:​10, 11). Lè n ap soufri e nou kontinye ret fidèl ak Jewova, nou montre Satan se yon mantè. Nan epòk Jòb la, men akizasyon Satan te fè anrapò ak moun k ap sèvi Jewova: “Yon moun [...] ap bay tout sa l genyen pou l sove lavi l.” (Jòb 2:4). Satan te fè konnen moun t ap sèvi Jewova lè tout bagay ap mache byen pou yo sèlman, e yo t ap vire do bay Jewova lè yo jwenn pwoblèm. Lefètke Jòb te ret fidèl, li te montre se manti Satan t ap bay. Menm jan ak Jòb, nou gen privilèj pou n montre nou pap janm vire do bay Jewova kèlkeswa eprèv Satan ta fè n jwenn. Nou kapab gen bonjan konviksyon Jewova ap kontinye veye sou nou poutèt non l. — Jan 17:11.

17. Jan nou wè sa nan 1 Pyè 2:​12, ki fason ankò nou kapab fè non Jewova jwenn glwa?

17 Nou montre nou gen respè pou non Jewova (Pwo. 30:9; Jer. 7:​8-11). Etandone nou reprezante Jewova e nou pote non l, nou kapab swa fè louwanj pou non Jewova oswa sal non l. (Li 1 Pyè 2:12.) Se sa k fè nou vle fè tout sa n kapab pou nou fè louwanj pou Jewova nan pawòl nou ak nan fason n ap aji. Konsa, n ap fè non l jwenn glwa malgre nou enpafè.

18. Bay yon lòt fason nou ka montre non Jewova enpòtan pou nou. (Gade nòt la tou.)

18 Nou bay non Jewova plis enpòtans pase repitasyon nou (Sòm 138:2). Poukisa sa enpòtan anpil? Se paske, lè nou fè yon seri bagay ki fè Jewova plezi, gen moun ki ka pa renmen sa e ki ka pale n mala. Jezi te dispoze mouri yon fason ki imilyan, tankou yon kriminèl, pou l te ka onore non Jewova. Li te “meprize lawont”, sa vle di li pa t bay tèt li twòp pwoblèm pou fason lòt moun wè l (Ebre 12:​2-4). Sa k te pi enpòtan pou li se fè volonte Jewova. — Mat. 26:39.

19. Ki jan w konsidere non Jewova, e poukisa?

19 Nou fyè pou n fè konnen non Jewova e nou santi se yon onè pou yo rele nou Temwen Jewova. Se sa k fè nou aksepte yo meprize nou. Non Jewova pi enpòtan pou nou pase menm repitasyon pa nou. Kidonk, ann pran detèminasyon pou n kontinye fè louwanj pou non Jewova, menm lè Satan ap chèche dekouraje nou. Konsa, n ap montre non Jewova se bagay ki pi enpòtan pou nou, menm jan li enpòtan pou Jezi Kris.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Ki sa k montre non Jewova enpòtan pou vrè kretyen yo?

  • Nan ki tribinal senbolik n ap sèvi kòm Temwen jodi a?

  • Ki jan n ka montre non Jewova enpòtan pou nou?

KANTIK 10 Louwe Jewova, Bondye nou an!

a Lè twa zanmi Jòb yo te kòmanse akize l, menm li menm, yon moun ki te fidèl, te kòmanse panse twòp ak tèt li. Lè Jòb te pèdi pitit li yo ak tout sa l te posede, li “pa t peche, ni li pa t di Bondye fè anyen ki mal”. (Jòb 1:22; 2:10.) Sepandan, lè yo te akize l kòmkwa li te fè yon seri bagay mal, li te kòmanse di yon bann “vye pawòl”. Li te plis ap defann repitasyon l olye l te defann non Bondye. — Jòb 6:3; 13:​4, 5; 32:2; 34:5.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje