ATIK ETID 38
KANTIK 120 Annou chèche vin dou menm jan ak Kris
Respekte lòt moun
“Respè pi bon pase ajan ak lò.” — PWO. 22:1.
PWEN KLE
Nou pral wè nan atik sa a rezon ki fè nou dwe respekte lòt moun ak fason nou kapab fè sa menm lè sa pa fasil.
1. Poukisa moun renmen lè lòt moun respekte yo? (Pwovèb 22:1.)
ÈSKE W renmen lè moun respekte w? Se sèten ou renmen sa. Tout moun bezwen santi lòt moun gen respè pou yo. Nou kontan lè lòt moun respekte nou. Se rezon sa a ki fè Bib la di: “Respè pi bon pase ajan ak lò.” — Li Pwovèb 22:1.
2-3. Poukisa li pa toujou fasil pou n respekte lòt moun, epi ki sa nou pral wè nan atik sa a?
2 Li pa toujou fasil pou n respekte lòt moun. Youn nan rezon ki fè sa se paske nou kapab wè defo ki gen lakay moun k ap viv toutotou n yo. Mete sou sa, n ap viv nan yon epòk kote gen anpil moun ki pa gen respè pou lòt moun. Men, nou dwe diferan nou menm. Poukisa? Se paske Jewova vle nou “onore tout kalite moun” oswa respekte yo. — 1 Pyè 2:17.
3 Nan atik sa a, nou pral wè sa sa vle di respekte lòt moun ak fason nou ka respekte 1) moun nan fanmi nou, 2) kwayan parèy nou yo, e 3) moun ki poko ap sèvi Jewova yo. Nou pral plis pale sou fason nou kapab demontre respè lè sa pa fasil.
KI SA RESPEKTE LÒT MOUN VLE DI?
4. Ki sa respekte lòt moun vle di?
4 Ki jan w t ap defini mo respè a? Nan kèk lang, mo “respè” a ak mo “onè” a mache youn ak lòt. Nan ki sans? Yo sitou itilize mo “respè” a lè y ap pale konsènan fason nou wè yon moun. Lè nou respekte lòt moun, nou wè yo merite atansyon nou ak konsiderasyon nou, petèt akoz kalite yo genyen, sa yo reyalize oswa pozisyon yo genyen. Yon lòt bò, yo sèvi ak mo “onè” a lè y ap pale konsènan fason nou trete yon moun. Lè nou onore lòt moun, nou trete yo yon fason ki fè yo santi yo gen valè, nou apresye yo e nou ba yo enpòtans. Natirèlman, onore yon moun toutbon se yon bagay ki soti nan kè. — Mat. 15:8.
5. Ki sa ki ka ede nou respekte lòt moun?
5 Jewova vle nou respekte lòt moun. Pa egzanp, li mande pou n respekte “otorite” yo (Wom. 13:1, 7). Men, kèk moun gendwa di: “M pa gen pwoblèm pou m respekte lòt moun, depi yo merite sa.” Èske se yon bon rezònman sa ye? Antanke sèvitè Jewova, nou konnen se pa fason moun yo aji senpleman ki fè nou respekte yo. Nou gen yon rezon ki pi enpòtan toujou: se lanmou nou gen pou Jewova ak anvi nou genyen pou nou fè l plezi. — Joz. 4:14; 1 Pyè 3:15.
6. Èske l posib pou w respekte yon moun ki pa respekte w? Esplike. (Gade foto a tou.)
6 Kèk moun gendwa ap mande tèt yo: ‘Èske l vrèman posib pou m respekte yon moun ki pa respekte m?’ Repons lan se wi. Ann egzamine kèk egzanp ki montre sa. Wa Sayil te imilye Jonatan, pitit gason l, devan tout moun (1 Sam. 20:30-34). Malgre sa, Jonatan te respekte Sayil, papa l, e l te kontinye soutni l nan lagè li t ap fè yo jiskaske Sayil te mouri (Egz. 20:12; 2 Sam. 1:23). Gran prèt Eli te akize Ana kòmkwa li te sou (1 Sam. 1:12-14). Men, Ana te pale ak Eli avèk respè, byenke tout moun ann Izrayèl te konnen Eli pa t korije pitit gason l yo ki te mechan, yon bagay li te dwe fè antanke papa e antanke gran prèt (1 Sam. 1:15-18; 2:22-24). Mete sou sa, mesye Atèn yo te manke Pòl dega lè yo te rele l “paladò”. (Tra. 17:18.) Malgre sa, Pòl te pale ak yo avèk respè (Tra. 17:22). Sa klè, gwo lanmou nou gen pou Jewova ak anvi nou genyen pou nou fè l plezi kapab pouse nou respekte lòt moun nonsèlman lè sa fasil, men tou, lè sa difisil. Kounye a, ann wè ki moun nou dwe respekte e poukisa?
Byenke papa Jonatan te imilye l, Jonatan te kontinye defann li e l te kontinye soutni l antanke wa. (Gade paragraf 6.)
RESPEKTE MOUN NAN FANMI NOU
7. Ki sa k ka fè l difisil pou n respekte moun nan fanmi nou?
7 Rezon ki fè sa difisil. Nou pase anpil tan ak moun nan fanmi nou. Sa fè nou vin konnen ni fòs yo ni feblès yo. Gen kèk moun ki kapab gen yon maladi ki fè l difisil pou nou pran swen yo, oswa yo gendwa ap soufri akoz yo gen anpil tètchaje. Gen lòt menm ki gendwa di nou oswa fè nou yon seri bagay ki fè nou mal. Gen moun, olye yo fè efò pou gen lapè nan fanmi yo, yo lakòz gen yon pakèt pwoblèm akoz yo pa respekte moun nan fanmi yo. Kòm konsekans, sa fè pa gen tèt ansanm nan fanmi yo. Menm jan maladi atrit ka anpeche diferan manm nan kò a travay ansanm, se menm jan an tou, lè pa gen respè nan yon fanmi sa fè pa gen tèt ansanm. Men, kontrèman ak maladi atrit la, yon maladi nou pa ka trete nèt, nou ka anpeche mank respè kraze relasyon ki gen nan fanmi nou.
8. Poukisa li enpòtan pou n respekte moun nan fanmi nou? (1 Timote 5:4, 8.)
8 Poukisa nou dwe respekte yo? (Li 1 Timote 5:4, 8.) Nan premye lèt Pòl te ekri Timote a, Pòl te pale sou fason youn dwe pran swen lòt nan fanmi an. Li te esplike pi gwo rezon nou genyen pou n onore moun nan fanmi nou se pa paske se yon devwa, men se paske nou gen “atachman pou Bondye”. Sa vle di, nou fè sa paske nou renmen Jewova e paske nou rann nou kont sa fè pati adorasyon n ap ba li a. Se Jewova ki kreye fanmi (Efe. 3:14, 15). Donk, lè nou onore yon moun nan fanmi nou, an reyalite se Jewova, Sila a ki kreye fanmi an, nou onore (1 Tim. 5:4). Ala yon gwo rezon nou genyen pou n respekte moun nan fanmi nou!
9. Ki jan yon mari ak yon madanm ka demontre respè youn pou lòt? (Gade foto yo tou.)
9 Fason nou ka fè sa. Yon mari onore madanm li lè l montre madanm li gen valè pou li, li fè sa ni lè yo poukont yo, ni lè yo ansanm ak lòt moun (Pwo. 31:28; 1 Pyè 3:7). Li pa janm ba l kou, li pa janm imilye l, ni li pa janm fè l santi li pa enpòtan. Men sa Ariela k ap viv nan peyi Ajantin di: “Lefètke madanm mwen malad, pafwa li di yon seri bagay ki fè m mal. Lè l fè sa, mwen fè efò pou m sonje sa l di yo se pa sa l santi toutbon. Lè sitiyasyon an vrèman difisil, mwen reflechi sou 1 Korentyen 13:5 ki ede m pou m kontinye pale avè l avèk respè e pou m pa an kòlè kont li.” (Pwo. 19:11). Yon madanm ki onore mari l pale an byen de li (Efe. 5:33). Li pa pase l nan rizib, li pa fè blag sou li, ni li pa ba l yon seri non pou imilye l paske l konnen si l ta fè sa sa t ap kraze maryaj li (Pwo. 14:1). Men sa yon sè k ap viv nan peyi Itali ki gen mari l ki toujou gen gwo strès di: “Pafwa, mwen santi mari m enkyete l twòp. Anvan sa, pawòl mwen ak fason m fè vizaj mwen te konn montre mwen pa gen respè pou li. Men, lè m pase tan avèk zanmi ki pale de lòt moun avèk respè, sa pouse m gen plis respè pou mari m.”
Lè nou respekte moun nan fanmi nou, nou onore Jewova ki se Chèf fanmi nou an. (Gade paragraf 9.)
10. Ki jan jèn yo ka montre yo respekte paran yo?
10 Ou menm jèn, se pou w respekte règ paran w mete pou fanmi an (Efe. 6:1-3). Pale ak paran w avèk respè (Egz. 21:17). Plis paran w ap granmoun, se plis y ap bezwen w ba yo atansyon. Fè tout sa w kapab pou w pran swen yo. Ann pran egzanp yon sè ki rele María ki gen papa l ki pa Temwen Jewova. Lè papa María te malad, li te aji yon fason ki te fè l difisil pou María pran swen l. Men sa María di: “Nonsèlman m te priye pou m te ka respekte papa m, men tou, pou m te kapab montre l sa. M te di tèt mwen si Jewova mande m pou m onore paran m, se sèten li kapab ban m fòs pou m fè sa. Rive yon lè, m te vin konprann papa m pa oblije chanje fason l aji pou m trete l avèk respè.” Lè nou onore moun nan fanmi nou malgre defo yo genyen, nou montre nou respekte Jewova, Sila a ki te kreye fanmi an.
RESPEKTE KWAYAN PARÈY NOU YO
11. Ki sa k ka fè l difisil pou n respekte kwayan parèy nou yo?
11 Rezon ki fè sa difisil. Se vre kwayan parèy nou yo viv ann amoni ak prensip ki nan Bib la, men pafwa, kèk nan yo ka aji avè n yon fason ki pa janti, yo ka mal jije nou oswa yo ka fè n fache. Si yon bagay fè n “gen dekwa pou [nou] plenyen” kont yon kwayan parèy nou, sa ka fè l difisil pou n kontinye respekte kwayan parèy nou an (Kol. 3:13). Ki sa ki kapab ede n nan ka sa?
12. Poukisa li enpòtan pou n respekte kwayan parèy nou yo? (2 Pyè 2:9-12.)
12 Poukisa nou dwe respekte yo? (Li 2 Pyè 2:9-12.) Nan dezyèm lèt Bondye te pouse Pyè ekri a, Pyè te pale konsènan kèk kretyen nan kongregasyon an nan premye syèk la ki te konn pale yon fason ki derespektan konsènan “moun ki onorab yo”, anpalan de ansyen yo. Ki jan zanj fidèl yo te reyaji lè yo te wè sa? Piske yo gen “respè pou Jewova”, yo pa di okenn pawòl derespektan sou moun sa yo. Èske n ka imajine sa? Zanj pafè sa yo te refize pale lèd konsènan mesye sa yo ki te awogan. Olye de sa, yo te kite sa nan men Jewova pou l jije yo e pou l reprimande yo. (Wom. 14:10-12; konpare ak Jid 9.) Nou ka aprann yon leson nan men zanj yo. Si n pa dwe derespekte menm moun ki opoze avè n yo, alewè pou moun ki kwayan parèy nou yo. Olye de sa, nou dwe “pran devan” nan onore yo (Wom. 12:10). Lè nou fè sa, nou montre nou respekte Jewova.
13-14. Ki jan nou kapab respekte moun nan kongregasyon an? Bay kèk egzanp. (Gade foto yo tou.)
13 Fason nou ka fè sa. Nou menm ansyen, fè tout efò n pou n anseye lòt moun avèk lanmou (Flm. 8, 9). Si w oblije konseye yon moun, fè sa avèk jantiyès, epi pa fè sa lè w fache. Nou menm sè yo, nou ka fè anpil bagay pou gen respè nan kongregasyon an e pou pwoteje respè sa a lè n refize fè tripotay oswa fè medizans (Tit 2:3-5). Nou tout kapab montre nou respekte ansyen yo nan kongregasyon an lè n kolabore avèk yo e lè n montre nou gen rekonesans pou travay di yo fè pou yo kondui reyinyon yo, pou yo pran latèt nan travay predikasyon an, e pou yo ede moun ki fè “fo pa” yo. — Gal. 6:1; 1 Tim. 5:17.
14 Gen yon sè ki rele Rocío ki te twouve l difisil pou l respekte yon ansyen ki te ba l yon konsèy. Men sa l di: “M te santi l pale avè m yon fason ki di. [...] Lè m lakay mwen, m te konn pale l mal. Byenke m te fè efò pou sa pa parèt, nan fon kè m, m te gen dout sou entansyon l e m pa t suiv konsèy li a.” Ki sa k te ede Rocío? Men sa l esplike: “Pandan m t ap fè lekti Labib, m te tonbe sou 1 Tesalonisyen 5:12, 13. Lè m te wè m pa t respekte frè sa a, konsyans mwen te kòmanse nui m. M te priye Jewova e m te fè rechèch nan piblikasyon nou yo pou m te kapab jwenn bonjan enfòmasyon ki t ap ede m chanje atitid mwen. Finalman, m te rann mwen kont se pa t frè a ki te pwoblèm nan, men, se ògèy m te gen lakay mwen. Kounye a, m vin konprann gen yon relasyon ant imilite ak kapasite pou m respekte lòt moun. M toujou bezwen amelyore, men, toutpandan m ap fè efò pou m respekte lòt moun, m santi m anpè ak Jewova.”
Nou tout kapab montre nou respekte ansyen yo nan kongregasyon an lè nou kolabore ak yo e lè nou montre nou gen rekonesans pou travay di y ap fè. (Gade paragraf 13-14.)
RESPEKTE MOUN KI POKO AP SÈVI JEWOVA YO
15. Ki sa k ka fè l difisil pou n respekte moun ki poko ap sèvi Jewova yo?
15 Rezon ki fè sa difisil. Byen souvan nou rankontre moun nan travay predikasyon an ki sanble pa gen okenn lanmou pou verite ki nan Bib la (Efe. 4:18). Gen kèk moun ki chwazi rete nan pa konnen yo akoz fason yo te leve. Gen kèk kòlèg travay oswa kèk kamarad lekòl ki ka malelve, e nou ka gen yon patwon oswa yon pwofesè ki pa apresye travay nou fè. Rive yon lè, nou ka vin gen mwens respè pou moun sa yo e nou ka sispann trete yo fason nou t ap renmen yo trete nou.
16. Poukisa li enpòtan pou n respekte moun ki poko ap sèvi Jewova yo? (1 Pyè 2:12; 3:15.)
16 Poukisa nou dwe respekte yo? Sonje Jewova ap suiv fason nou aji ak moun ki poko ap sèvi l yo. Apot Pyè te fè kretyen yo sonje bon konduit yo genyen kapab pouse kèk moun “bay Bondye glwa”. Se pou rezon sa a ki fè l te di yo lè y ap defann lafwa yo, yo dwe fè sa “avèk dousè e avèk gwo respè”. (Li 1 Pyè 2:12; 3:15.) Kit kretyen yo devan tribinal akoz lafwa yo, kit y ap defann kwayans yo nan yon konvèsasyon yo gen ak yon vwazen, yo dwe aji ak moun ki poko ap sèvi Jewova yo kòmsi yo te devan Bondye. Anfèt, Jewova ap gade nou e l ap koute sa nou di ak fason nou di l. Èske se pa yon bon rezon sa ye pou n respekte moun ki poko ap sèvi Jewova yo?
17. Ki jan nou ka montre nou respekte moun ki poko ap sèvi Jewova yo?
17 Fason nou ka fè sa. Lè n nan travay predikasyon an, nou pa dwe janm bay enpresyon nou meprize moun ki pa gen anpil konesans sou Bib la. Olye de sa, nou dwe wè moun yo antanke moun ki gen anpil valè pou Bondye e nou konsidere yo siperyè nou (Aje 2:7; Flp. 2:3). Si yon moun manke nou dega poutèt kwayans nou, fè anpil efò pou n pa aji menm jan avè l, tankou lè n evite di yon seri pawòl ki fè n parèt entèlijan, men ki rabese moun nan (1 Pyè 2:23). Si w di yon bagay ou regrèt, mande eskiz menm kote a. Ki jan w ka respekte moun ki nan travay ou? Se pou w travay di, epi eseye byen wè moun w ap travay avèk yo ak moun w ap travay pou yo (Tit 2:9, 10). Lè w se yon anplwaye ki onèt, ki dilijan e ki travay di, ou pap toujou fè moun plezi, men pa gen dout, w ap fè Bondye plezi. — Kol. 3:22, 23.
18. Poukisa li enpòtan pou n respekte lòt moun?
18 Nou gen anpil rezon pou n respekte lòt moun. Nou te wè lè n respekte moun nan fanmi nou, nou onore Jewova, ki se Chèf fanmi nou an. Menm jan an tou, lè n respekte frè ak sè yo, nou onore Papa nou ki nan syèl la. Epitou, lè nou respekte moun ki poko ap sèvi Jewova yo, nou fè l vin pi fasil pou yo onore Bondye nou an ki gran e pou yo ba l glwa. Menmsi gen moun ki pa janm respekte nou, li toujou enpòtan pou n respekte yo. Poukisa? Se paske Jewova ap beni nou. Men pwomès li fè: “M ap onore moun ki onore m.” — 1 Sam. 2:30.
KANTIK 129 N ap kontinye andire
a Gen kèk non yo chanje.