ATIK ETID 39
KANTIK 54 “Men chemen an”
Moun ki “nan bon dispozisyon” yo ap koute
“Tout moun ki te nan bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an te vin kwè.” — TRA. 13:48.
PWEN KLE
Nan atik sa a, nou pral wè ki lè pou nou ofri moun yo yon etid Labib ak ki lè pou n envite yo vin asiste reyinyon nou yo.
1. Ki jan moun yo ka reyaji lè n nan travay predikasyon an? (Travay 13:47, 48; 16:14, 15).
ANPIL moun nan premye syèk la te aksepte verite a tousuit apre yo te fin preche yo. (Li Travay 13:47, 48; 16:14, 15.) Menm jan an tou jodi a, gen anpil moun ki kontan lè yo tande bon nouvèl la pou premye fwa. Menm moun ki montre yo pa enterese nan mesaj Wayòm nan okòmansman konn ouvri kè yo byen laj annapre pou yo aksepte l. Ki sa nou dwe fè lè nou jwenn moun ki nan “bon dispozisyon” yo lè n nan travay predikasyon an?
2. Nan ki sans travay preche ak fè disip la menm jan ak travay yon moun k ap fè jaden?
2 Ann pran yon egzanp. Nou kapab konpare travay preche ak fè disip la ak travay yon moun k ap fè jaden. Nan jaden an, gen kèk fwi k ap pare pou rekòlte anvan lòt. Moun k ap fè jaden an ap bezwen rekòlte fwi sa yo tousuit. Anmenmtan, l ap kontinye wouze lòt plant ki poko pare yo e l ap kontinye pran swen yo. Se menm jan an tou, lè nou jwenn yon moun ki pare pou aksepte mesaj nou an, nou vle kontinye ede l pou l vin yon disip Kris osito sa posib. Anmenmtan, nou kontinye ankouraje moun ki bezwen plis tan yo pou yo ka wè enpòtans mesaj y ap tande a genyen (Jan 4:35, 36). Bon konprann ap ede n chwazi pi bon fason pou n ede moun k ap koute n yo. Kounye a, ann wè ki sa nou bezwen fè nan premye konvèsasyon nou genyen ak moun ki pare pou koute yo pou n ka ede yo. Mete sou sa, nou pral wè fason nou kapab ede moun sa yo kontinye fè pwogrè.
LÈ MOUN YO PARE POU YO KOUTE
3. Ki sa nou dwe fè lè n jwenn moun ki enterese lè n nan travay predikasyon an? (1 Korentyen 9:26).
3 Lè nou jwenn moun ki enterese nan mesaj nou an, nou vle ede yo kòmanse mache sou wout ki mennen nan lavi a tousuit. Nan ka sa a, nou pa dwe pè ofri moun sa yo yon etid Labib epi envite yo vin asiste reyinyon nou yo depi nan premye konvèsasyon nou gen ak yo. — Li 1 Korentyen 9:26.
4. Rakonte yon eksperyans ki montre jan yon moun te pare pou l kòmanse yon etid Labib menm kote a.
4 Ofri yo yon etid. Gen kèk moun nou pale ak yo ki pare pou yo aksepte yon etid Labib menm kote a. Pa egzanp, yon jou jedi, gen yon jèn dam nan peyi Kanada ki te pwoche yon charyo e l te pran bwochi Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an. Sè ki t ap fè charyo a te esplike l li kapab fè yon etid Labib gratis avè l tou. Jèn dam nan te enterese e youn te bay lòt nimewo telefòn yo. Pita nan menm jou a, jèn dam nan te voye yon mesaj tèks pou sè a konsènan etid la. Lè sè a te pwopoze jèn dam nan pou l vin vizite l nan wikenn nan, jèn dam nan te mande l: “Sa w panse si w ta vin demen? Mwen lib.” Vrèmanvre, yo te kòmanse etid la nan demen. Jèn dam nan te asiste premye reyinyon l nan menm wikenn nan e l te kontinye fè pwogrè byen vit.
5. Ki jan nou ka montre nou gen bon konprann lè n ap ofri yon moun yon etid Labib? (Gade foto yo tou.)
5 Natirèlman, nou pa atann pou tout moun menm jan ak jèn dam sa a e pou yo vle kòmanse yon etid Labib menm kote a. Gen kèk moun ki ka bezwen plis tan anvan yo vin enterese. Nou ka bezwen kòmanse yon konvèsasyon ak moun nan sou yon sijè ki enterese l. Epitou, si nou kontinye ret pozitif e nou montre nou enterese nan moun nan, nan yon tikras tan, petèt nou ka kòmanse yon etid Labib. Ki sa nou kapab di lè n ap ofri moun nan etid la? Ann wè ki sa kèk frè ak sè ki maton nan kòmanse etid Labib te di sou kesyon sa a.
Ki sa w te ka di moun ki parèt nan foto sa yo pou ede yo anvi fè yon etid Labib? (Gade paragraf 5.)a
6. Ki sa nou ta ka di yon moun ki enterese pou l ka kontinye konvèsasyon nou te genyen avè l la?
6 Pwoklamatè ak pyonye nou te poze kesyon sou pi bon fason pou n kòmanse etid Labib yo te fè konnen nan kèk peyi li pi bon pou n evite di yon seri mo oswa ekspresyon tankou “etid”, “kou biblik”, oswa “anseye w” lè n ap esplike yon moun fason nou fè yon etid Labib. Okontrè, yo panse li pi bon lè n sèvi ak yon seri mo oswa ekspresyon tankou “konvèsasyon”, “pale”, “dyalòg”, epi “aprann konnen Bib la”. Pou w kapab kontinye konvèsasyon an ansanm ak moun nan, ou ta kapab di l: “Sa bèl pou n wè jan Bib la reponn yon seri kesyon enpòtan nan lavi a”, oswa “Bib la se pa jis yon liv ki pale de Bondye, li kapab ede nou nan lavi nou chak jou”. Ou ta kapab di l tou: “Sa pa pran anpil tan, 10 oswa 15 minit sifi pou w kapab aprann yon bagay k ap itil ou.” Ou ta kapab di sa san w pa sèvi ak yon seri mo oswa ekspresyon tankou “randevou” oswa “chak semèn”, sa ki ta ka fè moun nan panse li gen yon angajman avè w.
7. Ki lè kèk moun te rann yo kont yo jwenn laverite? (1 Korentyen 14:23-25).
7 Envite yo nan reyinyon. Sanble nan epòk apot Pòl la, gen kèk moun ki te rann yo kont yo jwenn laverite lè yo te asiste premye reyinyon yo. (Li 1 Korentyen 14:23-25.) Byen souvan, se menm bagay la tou jodi a. Pifò moun ki nouvo yo fè pwogrè pi vit lè yo kòmanse asiste reyinyon nou yo. Ki lè nou dwe envite yo? Nan liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an, gen yon envitasyon yo fè yo nan leson 10 la, men, nou pa oblije ret tann jiskaske nou rive nan leson sa a nan etid la. Depi nan premye konvèsasyon an, ou kapab envite moun nan vin asiste reyinyon wikenn nan. Petèt ou ka ba li tèm diskou piblik la oswa pale avè l sou yon pwen ki parèt nan etid Toudegad pou semèn nan.
8. Ki sa nou kapab di yon moun lè n ap envite l nan reyinyon nou yo? (Ezayi 54:13).
8 Lè w ap envite yon moun ki enterese nan reyinyon, esplike l reyinyon nou yo pa fèt menm jan ak lòt sèvis petèt li konn asiste nan lòt relijyon yo. Men sa yon etidyan Labib te mande moun ki t ap fè etid avè l la premye fwa l te asiste yon etid Toudegad: “Èske kondiktè a konn non tout moun yo?” Sè a te esplike l nou tout ap fè efò pou nou konnen non tout moun ki nan kongregasyon an menm jan nou konnen non tout moun ki nan fanmi nou. Etidyan an te wè se pa t menm bagay ditou ak sa ki te konn fèt nan legliz li a. Menm jan an tou, moun ki nouvo yo pa konnen objektif reyinyon nou yo. (Li Ezayi 54:13.) Nou reyini pou n adore Jewova, pou n aprann nan men l e pou n ankouraje youn lòt (Ebre 2:12; 10:24, 25). Se sa k fè, reyinyon nou yo fèt yon fason ki gen lòd e k ap itil moun yo, epi nou pa fè seremoni ladan yo (1 Kor. 14:40). Anplis de sa, yo fè kote nou reyini yo yon fason ki senp e ki fasil pou moun aprann. Epitou, nou pa janm fè pwopagann pou okenn pati politik paske nou pa mele nan politik, nitou nou pa patisipe nan okenn mach oswa deba sou yon seri pwoblèm oswa sijè pèsonèl. L ap bon pou n montre etidyan an videyo ki gen tit Ki sa yo fè nan yon Sal Wayòm? nan anvan l vin nan reyinyon an. Konsa, l ap konnen ki sa l pral wè.
9-10. Lè n envite yon moun vin asiste yon reyinyon, ki sa nou ka di l pou l ka gen asirans nou pap fè presyon sou li pou l konvèti oswa pou l patisipe nan reyinyon an? (Gade foto a tou.)
9 Gen kèk moun ki renka pou yo vin asiste reyinyon nou yo paske yo pè pou yo pa tou konvèti yo. Fè moun nan konnen nou kontan lè gen moun ki vin vizite nou e nou pa fè presyon sou yo pou yo konvèti oswa pou yo patisipe nan reyinyon nou yo. Nou kontan lè gen fanmi ki vin asiste reyinyon nou yo tou, sa gen ladan l timoun piti yo. Nan reyinyon nou yo, timoun yo pa resevwa yon fòmasyon apa. Okontrè, paran yo chita ansanm ak pitit yo e yo aprann ansanm. Konsa, paran yo konnen ak kiyès timoun yo ye e ki sa y ap anseye yo (Det. 31:12). Nou pa fè lakòlèt, ni nou pa pase anvlòp pou moun met lajan kòm ofrann. Olye de sa, nou suiv lòd Jezi te bay la ki di: “Se gratis nou te resevwa, se gratis pou nou bay.” (Mat. 10:8). Anplis de sa, ou kapab fè moun nan konnen li pa bezwen gen rad ki koute anpil kòb pou l ka vin asiste reyinyon an. Se pa aparans moun Bondye ap gade, men se sa ki nan kè yo. — 1 Sam. 16:7.
10 Si moun nan vin asiste reyinyon an, fè tout sa w kapab pou l santi l alèz. Fè l fè konesans ak ansyen yo ansanm ak lòt pwoklamatè yo. Si l santi l alèz, petèt l ap plis anvi retounen ankò. Pandan reyinyon an, si l pa gen yon bib, suiv avè l nan bib pa w la, epi ede l konprann sa oratè a ap di a ak fason nou etidye ansanm.
Plis yon moun asiste reyinyon yo san pèdi tan se plis l ap vin pwòch Jewova pi vit. (Gade paragraf 9-10.)
LÈ W AP KÒMANSE YON ETID
11. Ki jan w ka montre w respekte tan ak orè moun k ap koute w yo?
11 Ki sa w dwe sonje lè w ap fè etid ak yon moun? Respekte tan ak orè moun nan. Pa egzanp, si w pran randevou ak yon moun, rive alè, menmsi an jeneral, moun nan zòn nan pa respekte lè. Mete sou sa, li ka bon pou w pa pran anpil tan nan premye etid la. Gen kèk frè ak sè ki gen eksperyans ki fè konnen li bon pou w pa pran anpil tan nan premye etid la menmsi moun nan enterese. Epi, pa pale anpil. Kite moun nan di sa l panse. — Pwo. 10:19.
12. Ki objektif nou dwe genyen depi nan kòmansman etid la?
12 Depi nan kòmansman etid la, objektif ou se ede moun nan aprann konnen Jewova ak Jezi epi pou l aprann renmen yo. Ou kapab fè sa lè w atire atansyon l sou Pawòl Bondye a olye w atire atansyon l sou ou menm oswa sou konesans ou gen nan Bib la (Tra. 10:25, 26). Apot Pòl kite yon bon egzanp nan sans sa a. Lè l t ap anseye moun yo, li te baze ansèyman l lan sou Jezi Kris, Sila a Jewova te voye pou ede nou aprann konnen l epi aprann renmen l lan (1 Kor. 2:1, 2). Epitou, Pòl te montre jan li enpòtan pou nou ede nouvo yo devlope bèl kalite, yon seri kalite nou ta kapab konpare ak lò, ajan ak pyè ki gen anpil valè (1 Kor. 3:11-15). Pami kalite sa yo ki gen anpil valè nou te ka site lafwa, sajès, bon konprann ak lakrentif pou Jewova (Sòm 19:9, 10; Pwo. 3:13-15; 1 Pyè 1:7). Imite fason Pòl te konn anseye a lè w ede etidyan w yo vin gen yon lafwa ki solid ansanm ak yon relasyon pèsonèl ak Papa yo ki nan syèl la ki renmen yo. — 2 Kor. 1:24.
13. Ki jan nou ka montre n gen pasyans e n rezonab lè n ap ede moun ki enterese yo? (2 Korentyen 10:4, 5). (Gade foto a tou.)
13 Ou ka imite fason Jezi anseye a lè w montre w gen pasyans e w rezonab. Evite poze moun nan kesyon k ap fè l santi l malalèz. Si sa nesesè, pase sou pwen li pa byen konprann yo epi retounen sou yo annapre. Pa fòse moun nan aksepte yon ansèyman si l poko pare pou sa. Okontrè, ba li tan pou verite a ka pran rasin nan kè l (Jan 16:12; Kol. 2:6, 7). Bib la konpare fo ansèyman ak yon seri bagay ki byen anrasinen nou bezwen ranvèse. (Li 2 Korentyen 10:4, 5.) Li ka pa fasil pou yon etidyan sispann kwè nan yon bagay li gen lontan depi l kwè ladan l. Se sa k fè, nou bezwen ede etidyan an vin gen yon relasyon solid ak Jewova anvan. Annapre, l ap pi fasil pou li pou l rejte yon seri kwayans li genyen ki te byen anrasinen. — Sòm 91:9.
Bay etidyan an tan pou laverite pran rasin nan kè l. (Gade paragraf 13.)
LÈ NOUVO YO VIN ASISTE REYINYON
14. Ki jan nou dwe aji ak nouvo yo lè yo vin asiste reyinyon nou yo?
14 Jewova vle nou aji ak tout moun avèk lanmou kèlkeswa kote yo soti, kilti yo oswa kantite lajan yo genyen (Jak 2:1-4, 9). Kidonk, ki jan nou ka montre nouvo yo nou renmen yo lè yo vin asiste reyinyon nou yo?
15-16. Ki jan nou ka ede nouvo yo santi yo alèz lè yo vin nan reyinyon nou yo?
15 Gen kèk moun ki vin asiste reyinyon nou yo jis paske yo vle wè ki jan nou fè reyinyon yo oswa paske gen yon moun k ap viv nan yon lòt zòn ki te ankouraje yo vini. Se sa k fè, nou pa dwe renka pou n abòde moun sa yo lè yo vin nan reyinyon nou yo. Mete yo alèz san nou pa fè yo santi yo malalèz. Envite yo chita bò kote w. Suiv avèk yo nan bib ou ak nan lòt piblikasyon ou genyen, oswa ba yo pwòp piblikasyon pa yo. Mete sou sa, ou ka reflechi sou lòt fason ou ka fè yo santi yo alèz tou. Yon lè, gen yon mesye ki t al vizite yon Sal Wayòm ki te di frè ki te akeyi l la li te santi l jennen paske l pa t abiye bwòdè menm jan ak lòt moun yo. Frè a te mete mesye a alèz e l te esplike l Temwen Jewova yo se moun menm jan ak tout moun. Pi devan, mesye sa a te fè pwogrè jiskaske l vin batize, e li pa t jan bliye fason frè a te aji avè l. Sepandan, gen yon prekosyon nou dwe pran: Lè n ap pale ak moun ki vin vizite nou yo anvan oswa apre yon reyinyon, montre nou enterese nan yo san nou pa antre nan afè pèsonèl yo. — 1 Pyè 4:15.
16 Nou kapab fè moun ki vin vizite nou yo santi yo alèz tou lè nou pale avèk respè konsènan moun ki pa Temwen Jewova yo oswa konsènan kwayans yo nan konvèsasyon nou, nan kòmantè nou ak nan patisipasyon nou. Evite di mo ak ekspresyon ki ka blese yo oswa ki ka fè yo pa anvi retounen (Tit 2:8; 3:2). Pa egzanp, nou pa dwe janm pale yon fason ki montre nou pa respekte moun ki pa gen menm kwayans ak nou (2 Kor. 6:3). Nan sans sa a, frè k ap fè diskou piblik yo sitou bezwen fè anpil atansyon. Yo kapab montre tou y ap panse ak moun ki pa Temwen Jewova ki nan oditwa a lè yo esplike mo oswa ekspresyon yo pap konprann.
17. Lè n nan travay predikasyon an, ki objektif nou genyen lè nou jwenn moun ki nan “bon dispozisyon” yo?
17 Tank jou ap pase se tank travay preche ak fè disip la ap vin pi ijan, e nou kontinye jwenn moun ki nan “bon dispozisyon pou yo resevwa lavi ki pap janm fini an”. (Tra. 13:48.) Lè nou jwenn moun sa yo, nou pa dwe renka ofri yo yon etid Labib oswa envite yo nan reyinyon nou yo. Lè n fè sa, nou kapab ede moun sa yo fè premye pa “ki mennen nan lavi a”. — Mat. 7:14.
KANTIK 64 Annou patisipe nan rekòt la ak kè kontan
a ESPLIKASYON SOU FOTO: De frè k ap pale ak yon militè ki pran retrèt li pandan l chita devan lakay li; de sè k ap bay yon manman ki okipe anpil yon temwayaj tou kout.