BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 oktòb p. 6-11
  • Jewova ‘fè kè n kontan anpil’

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Jewova ‘fè kè n kontan anpil’
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KIYÈS KI KA FÈ N GEN KÈ KONTAN TOUTBON?
  • PA KITE ANYEN FÈ N SISPANN GEN KÈ KONTAN
  • Fason pou n gen plis kè kontan nan travay fè disip la
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • W ap jwenn anpil kè kontan lè w bay
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Lajwa: Yon kalite Bondye ban nou
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 oktòb p. 6-11

ATIK ETID 40

KANTIK 111 Rezon pou n gen kè kontan

Jewova ‘fè kè n kontan anpil’

“ M ap parèt [...] devan Bondye ki fè kè m kontan anpil la.” — SÒM 43:4.

PWEN KLE

Nou pral wè sa k ka fè n sispann gen kè kontan ak sa n ka fè pou n vin gen kè kontan ankò si n te sispann gen kè kontan.

1-2. a) Ki jan anpil moun santi yo jodi a? b) Sou ki sa nou pral pale nan atik sa a?

ANPIL moun jodi a fè tout sa yo kapab pou yo gen kè kontan. Epoutan, malgre tout efò yo fè, yo pa rive gen kè kontan. Anpil nan yo santi yo manke yon bagay e yo tris. Gen sèvitè Jewova ki ka santi yo menm jan an tou. Piske n ap viv nan “dènye jou yo”, nou ka fè fas ak sitiyasyon ki “difisil pou [n] sipòte” oswa ki fè n tris. — 2 Tim. 3:1.

2 Nan atik sa a, nou pral pale sou yon seri bagay ki ka fè n sispann gen kè kontan e nou pral wè ki jan n ka vin gen kè kontan ankò si sa te rive n. Men toudabò, ann wè kiyès ki ka fè n gen kè kontan toutbon.

KIYÈS KI KA FÈ N GEN KÈ KONTAN TOUTBON?

3. Ki sa kreyasyon an aprann nou sou Jewova? (Gade foto yo tou.)

3 Jewova toujou gen kè kontan e li vle n gen kè kontan. Nou pa sezi wè kè kontan li genyen an parèt nan sa li kreye yo, pa egzanp, bèl planèt nou an, pakèt bèl koulè nou gen toutotou nou, fason bèt yo renmen jwe ak pakèt manje ki gen bon gou. Bondye renmen n toutbon e li vle n jwi lavi a!

Foto ki ansanm: Divès kalite bèt renmen jwe tou natirèlman. 1. Yon ti elefan k ap jwe nan dlo. 2. Ti pengwen k ap balanse kò yo pandan y ap mache nan nèj. 3. Ti kabrit k ap ponpe nan yon savann. 4. Dofen k ap vòltije nan dlo.

Ti elefan: Image © Romi Gamit/Shutterstock; ti pengwen: Vladimir Seliverstov/500px via Getty Images; ti kabrit: Rita Kochmarjova/stock.adobe.com; de dofen: georgeclerk/E+ via Getty Images

Lè n ap gade bèt yo k ap jwe, sa fè n sonje Jewova gen kè kontan. (Gade paragraf 3.)


4. a) Sa k fè Jewova toujou gen kè kontan malgre li wè soufrans ki gen nan monn nan? b) Ki sa Jewova fè pou nou? (Sòm 16:11).

4 Byenke Jewova se “Bondye ki gen kè kontan an”, li byen konnen tout traka ak soufrans ki gen nan monn nan (1 Tim. 1:11). Men, li pa kite sa anpeche l gen kè kontan. Li konnen tout soufrans la pou yon ti tan, e se li menm ki fikse yon dat pou yo disparèt. L ap andire avèk pasyans jiskaske jou a rive pou l elimine tout tristès ak tout soufrans nèt. Annatandan moman sa a rive, Jewova konprann sa n ap andire e li vle ede n. Ki jan l fè sa? Pou kòmanse, li fè n gen kè kontan. (Li Sòm 16:11.) Ann wè ki jan l te fè Jezi, Pitit Gason l lan, gen kè kontan.

5-6. Sa k fè Jezi gen kè kontan?

5 Apre Jewova, se Jezi ki gen plis kè kontan. Sa k fè sa? Ann wè de rezon. 1) “Li se pòtre Bondye envizib la” e li sanble ak Papa l nan tout sans (Kol. 1:15). 2) Se Jezi ki pase plis tan ak Papa l, Sila a ki bay kè kontan an.

6 Epitou, Jezi toujou kontan fè kèlkeswa sa Papa l mande l fè (Pwo. 8:​30, 31; Jan 8:29). Piske l te ret fidèl, li gen favè Jewova e li fè kè l kontan anpil. — Mat. 3:17.

7. Ki jan n ka vin gen kè kontan toutbon?

7 Nou menm tou nou kapab gen kè kontan toutbon lè n pwoche bò kote Jewova, Sila a ki ka fè n gen kè kontan an. Plis nou pran tan pou n aprann konnen Jewova e plis nou suiv egzanp li, se plis n ap gen kè kontan. N ap gen kè kontan tou lè n fè volonte Bondye e lè n konnen nou fè l plezia (Sòm 33:12). Men, e si n santi pafwa nou pa gen kè kontan oubyen nou toujou santi n pa gen kè kontan? Èske sa vle di nou pa fè Bondye plezi? Non! Nou enpafè, e pafwa nou konn ap soufri, nou konn tris e nou konn fè depresyon. Jewova konprann sa (Sòm 103:14). Ann wè yon seri bagay ki ka fè n sispann gen kè kontan ak sa n ka fè pou n vin gen kè kontan ankò.

Konte sou Jewova pou w ka gen kè kontan

Priye l pou w mande l lespri sen. Nou bezwen konte sou Jewova pou n ka gen lajwa paske lajwa fè pati fwi lespri a (Gal. 5:22). Grasa èd lespri sen Jewova, n ap ka “andire nèt e [n ap] pran pasyans ak kè kontan” menm lè n gen pwoblèm. — Kol. 1:11.

Bay adorasyon w ap ba li a premye plas nan lavi w. Chak jou, etidye Pawòl Bondye a ak piblikasyon nou yo. Pwofite tout okazyon w jwenn pou w pataje “bon nouvèl [k ap] pote kè kontan” an ak lòt moun (Lik 2:10). Se moun ki bay adorasyon Jewova a premye plas nan lavi yo ki gen plis kè kontan. — Sòm 65:4.

Obeyi l nan tout okazyon. Sonje lwa Jewova bay yo se pou byen w. Lè n obeyi Jewova sa pa fè n gen mwens libète, okontrè, sa fè n gen kè kontan. — Lik 11:28.

PA KITE ANYEN FÈ N SISPANN GEN KÈ KONTAN

8. Ki jan n ka santi n lè n gen pwoblèm?

8 Pwoblèm lavi a ka fè n sispann gen kè kontan. Èske y ap pèsekite w paske w ap sèvi Jewova? Èske w viktim katastwòf natirèl, oubyen èske w gen pwoblèm ekonomik, oswa w malad oubyen w granmoun? Li fasil pou n sispann gen kè kontan lè n ap fè fas ak pwoblèm sa yo, sitou lè n pa fin gen kontwòl yon sitiyasyon oswa nou pa gen kontwòl li menm. Labib gen rezon di: “Lè yon moun gen lapenn, sa fè l dekouraje.” (Pwo. 15:13). Men sa Babis, yon ansyen ki pèdi frè l ak toule de paran l yo nan espas katran, di: “Pafwa m te konn santi kè m ap rache paske m te vle pase plis tan ak paran m ak frè m nan anvan yo mouri, men m pa t kapab. Mwen te santi m poukò m e m te santi pèsonn pa t ka ede m.” Vrèmanvre, pwoblèm lavi a ka fè n santi n about e yo ka fè n dekouraje.

9. Ki sa k ka ede n vin gen kè kontan ankò? (Jeremi 29:​4-7, 10).

9 Ki sa k ka ede n vin gen kè kontan ankò? Nou ka vin gen kè kontan ankò si n sispann bay tèt nou pwoblèm pou yon seri bagay nou pa ka chanje e si n gen rekonesans. Monn nan vle fè konprann pou n gen kè kontan fò n pa ta gen okenn pwoblèm nan lavi nou. Men, se pa vre. Pa egzanp, Jewova te di Juif ki te ann egzil nan Babilòn yo pou yo aksepte sitiyasyon yo ladan l lan antanke prizonye nan yon peyi etranje e pou yo fè tout sa yo kapab pou yo adapte yo nan sitiyasyon difisil yo ye a. (Li Jeremi 29:​4-7, 10.) Ki leson nou aprann? Fè efò pou w aksepte sitiyasyon w, epi montre w gen rekonesans pou bon bagay ou gen nan lavi w. Sonje Jewova pap lage w. L ap ede w (Sòm 63:7; 146:5). Men sa Effie ki te vin paralize apre yon aksidan di: “Jewova, fanmi m ak frè ak sè nan kongregasyon an te ede m anpil e yo te ankouraje m anpil. Donk, mwen te santi m t ap vrèman engra si m te jis bay vag. Mwen vle montre mwen gen Jewova ak zanmi m yo rekonesans pou tout èd yo ban mwen.”

10. Poukisa nou ka gen kè kontan menm lè n gen pwoblèm?

10 Menm lè lavi n pa jan n ta renmen an oswa lè yon seri bagay grav rive nou oswa moun nan fanmi nou, nou ka toujou gen kè kontanb (Sòm 126:5). Sa k fè sa? Paske kè kontan nou genyen an pa depann de sitiyasyon nou. Men sa yon pyonye ki rele Maria di: “Lè w gen pwoblèm e w kontinye gen kè kontan, sa pa vle di se kache w ap kache sa w santi. Okontrè, sa vle di ou pa bliye pwomès Jewova fè yo. Papa nou an ap ede n pou n kontinye gen kè kontan.” Sonje, menmsi bagay yo difisil anpil jodi a, tout pwoblèm nou genyen yo pap la pou toutan. Yo gen pou yo disparèt. Talè konsa, yo pap la ankò. Menm tras yo nou pap wè.

11. Ki jan egzanp apot Pòl ankouraje w?

11 Ki sa k ka ede n si n ta kòmanse di tèt nou sa k fè n gen pwoblèm se paske n pa fè Jewova plezi? Si n santi n konsa, nou ka reflechi sou egzanp lòt sèvitè fidèl Jewova ki te nan sitiyasyon ki difisil anpil. Ann pran egzanp apot Pòl. Se Jezi menm ki te chwazi l pou l pot laverite “devan moun nasyon yo, devan wa e devan pitit Izrayèl yo”. (Tra. 9:15.) Ala yon gwo privilèj! Epoutan, lavi Pòl pa t fasil ditou (2 Kor. 11:​23-27). Lefètke Pòl te gen pwoblèm sou pwoblèm, èske sa vle di li pa t fè Jewova plezi? Se pa sa ditou! Okontrè, lefètke Pòl te gen andirans sa te montre Jewova te avè l (Wom. 5:​3-5). Kounye a, panse ak sitiyasyon pa w. Ou kontinye ret fidèl ak Jewova malgre tout eprèv ou jwenn. Donk, ou menm tou ou kapab gen asirans ou fè Jewova plezi.

12. Si n pa ka fè sa n ta renmen fè nan sèvis Jewova a, ki jan sa ka fè n sispann gen kè kontan?

12 Si n pa ka fè sa n ta renmen fè nan sèvis Jewova a, sa ka fè n sispann gen kè kontan (Pwo. 13:12). Lefètke nou renmen Jewova e nou genyen l rekonesans, sa pouse n chèche gen objektif nan sèvis li. Men, si sitiyasyon n pa pèmèt nou reyalize objektif nou genyen yo, nou ka vin dekouraje (Pwo. 17:22). Men sa yon pyonye ki rele Holly di: “Mwen te vle al nan Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan pou m al sèvi nan peyi etranje oswa pou m al travay sou chantye konstriksyon Ramapo. Men, sitiyasyon m te vin chanje e m pa t ka reyalize objektif mwen te genyen yo. Mwen te tris anpil. Sa vrèman dekourajan lè w ta renmen fè yon seri bagay e w pa kapab.” Anpil moun santi yo konsa.

13. Si sitiyasyon n pa pèmèt nou fè sa n ta renmen fè, ki objektif nou ka chèche genyen?

13 Ki sa k ka ede n vin gen kè kontan ankò? Sonje, Jewova pa egzijan. Li pap mande nou fè plis pase sa nou ka fè. Nou gen valè pou li, menmsi nou pa ka fè tout sa n ta renmen fè nan sèvis li. Jewova vle n rekonèt limit nou e li vle n ret fidèl (Miche 6:8; 1 Kor. 4:2). Sa k pi enpòtan pou li se moun nou ye pa anndan an, se pa sa nou fè. Èske l t ap rezonab pou n ap chèche fè plis pase sa nou ka fè alòske Jewova pa mande sac? Non! Donk, si sitiyasyon w pa pèmèt ou fè sa w ta renmen fè nan sèvis Jewova, eseye konsantre sou sa w ka fè. Èske w ta kapab bay kèk jèn fòmasyon oswa èske w ta kapab ankouraje moun ki granmoun yo? Èske w ka chèche ankouraje yon moun lè w ansanm avè l oswa lè w rele l nan telefòn oubyen lè w voye yon mesaj tèks pou li? Lè w chèche gen bèl objektif konsa, Jewova ap beni w, l ap fè w gen kè kontan! E sonje talè konsa, nou pral gen yon pil ak yon pakèt okazyon nan monn nouvo Jewova pwomèt la pou n sèvi l fason nou pa ka menm imajine! Men sa Holly nou te pale de li pi wo a di: “Lè m chita m ap reflechi, mwen di tèt mwen: ‘Mwen gen letènite devan m.’ Grasa èd Jewova, m ap kapab reyalize kèk nan objektif mwen genyen yo nan monn nouvo a.”

14. Ki lòt bagay ki ka fè n pa gen kè kontan?

14 Si chèche fè tèt nou plezi se sa k pi enpòtan pou nou, sa ka fè n sispann gen kè kontan. Gen moun ki sèvi ak rezo sosyal pou fè konnen n ap gen kè kontan toutbon e n ap gen satisfaksyon nan lavi nou lè n chèche fè tèt nou plezi. Yo fè konprann se bagay tankou detant, achte sa n vle ak vwayaje k ap fè n gen kè kontan toutbon. Pa gen anyen mal pou moun fè bagay sa yo. Jewova kreye n yon fason pou n apresye bèl bagay. Sepandan, anpil moun rann yo kont sa yo te panse ki t ap fè yo gen kè kontan an pa fè yo gen kè kontan vre. Men sa yon pyonye ki rele Eva di: “Lè se chèche fè tèt ou plezi ki pi enpòtan nan lavi w, ou pap janm satisfè.” Si chèche fè tèt nou plezi se sa k pi enpòtan pou nou, n ap santi n tris e n ap dekouraje.

15. Ki leson nou ka aprann nan eksperyans wa Salomon te fè?

15 Nou kapab aprann yon leson nan eksperyans wa Salomon te fè ki montre lè sa k pi enpòtan pou yon moun se chèche fè tèt li plezi, sa ka fè l soufri. Wa Salomon te eseye divès kalite bagay pou l wè si yo te kapab fè l gen kè kontan. Pa egzanp, li te konn manje bon manje, li te konn koute bèl mizik e l te konn achte tout kalite bon bagay ki te gen nan epòk li a. Men, bagay sa yo pa t fè l gen kè kontan toutbon. Men sa l te di: “Je pa bouke gade, zòrèy pa bouke tande.” (Ekl. 1:8; 2:​1-11). Sa moun yo panse k ap bay kè kontan toutbon an tankou fo lajan. Yo parèt gen valè, men yo pa ka fè moun gen kè kontan toutbon.

16. Lè n bay lòt moun, ki jan sa ka fè n vin gen kè kontan ankò? (Gade foto yo tou.)

16 Ki sa k ka ede n vin gen kè kontan ankò? Jezi te di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” (Tra. 20:35). Men sa yon ansyen ki rele Alekos di: “Mwen fè efò pou m fè yon seri bagay tou senp pou lòt moun. Plis mwen bay, se plis mwen pa panse ak tèt mwen, e sa fè m gen kè kontan.” Ki sa ou ka fè pou w ede lòt moun? Si w wè yon moun ap fè fas ak sitiyasyon difisil, eseye ankouraje l. Ou ka pa rive rezoud pwoblèm li, men w ka konsole l lè w pran tan pou w koute l, lè w mete w nan plas li, lè w montre ou gen konpasyon pou li e lè w fè l sonje pou l lage chay li sou Jewova (Sòm 55:22; 68:19). Epitou, ou ka fè l sonje Jewova pa abandone l (Sòm 37:28; Eza. 59:1). Ou ka menm fè yon seri bagay pou li, pa egzanp ou ka prepare manje pou li oswa fè yon ti flannen avè l. Ou ka envite l preche avè w, sa k ap fè l santi l byen. Kite Jewova itilize w pou w ankouraje lòt moun. Lè n plis panse ak lòt moun olye n plis panse ak tèt nou sa ap fè n gen kè kontan toutbon! — Pwo. 11:25.

Foto ki ansanm: 1. Yon sè ki chita poukont li nan yon ba pou l bwè yon ti kafe k ap gad kèk bagay nan telefòn li. Bò kote l la, gen plizyè sachè ki gen bagay li sot achte. 2. Li kontan vizite yon sè ki granmoun ki lakay li e l pot yon bouke flè pou li.

Olye w toujou ap panse ak sa w vle genyen, panse ak sa lòt moun bezwen. (Gade paragraf 16.)d


17. Ki sa n dwe fè pou n gen kè kontan toutbon? (Sòm 43:4).

17 N ap gen kè kontan toutbon si n kontinye pwoche bò kote Papa nou ki nan syèl la. Bib la ban nou asirans Jewova kapab ‘fè kè n kontan anpil’. (Li Sòm 43:4.) Donk, kèlkeswa pwoblèm nou jwenn nan lavi n, nou pa bezwen enkyete n oswa pè. Si Jewova se pi bon zanmi nou, li kapab ede n gen kè kontan pou toutan! — Sòm 144:15.

KI REPONS NOU TA BAY?

  • Poukisa Jewova ak Jezi gen kè kontan?

  • Ki sa k ka fè n sispann gen kè kontan?

  • Ki sa n kapab fè pou n vin gen kè kontan ankò?

KANTIK 155 Lajwa nètale

a Gade kare ki gen tit “Konte sou Jewova pou w ka gen kè kontan”.

b Pou w jwenn yon egzanp, gade entèvyou yo te fè ak Dennis ak Irina Christensen ki parèt nan ribrik Dènye enfòmasyon Kolèj santral la bay #5 (2023) ki sou jw.org.

c Pou w jwenn plis enfòmasyon, gade atik ki gen tit “Si w rezonab nan sa w ap atann de tèt ou, w ap gen lajwa” ki parèt nan Toudegad 15 jiyè 2008.

d ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon sè ki achte anpil bagay pou tèt li, men ki gen plis kè kontan lefètke li achte flè pou yon sè ki granmoun ki bezwen ankourajman.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje