ATIK ETID 41
KANTIK 108 Lanmou fidèl Bondye genyen an
Lanmou fidèl Bondye genyen an ap la pou toutan
“ Di Jewova mèsi paske li bon. Lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan.” — SÒM 136:1.
PWEN KLE
Lè n sonje Bib la aprann nou Jewova renmen n sa ka ede n konbat dekourajman lè n jwenn yon eprèv.
1-2. Antanke kretyen, lè w ap andire yon eprèv, ki jan w ka santi w?
IMAJINE yon bato ki pran nan yon gwo tanpèt, gwo lanm lanmè ap sakaje bato a. Si yon moun pa lage lank bato a nan lanmè, bato a pral nenpòt kote lanm lanmè yo pouse l ale. Lank lan ap ede bato a ret anplas pandan tanpèt la.
2 Lè w ap andire yon eprèv ki rèd anpil ou ka santi w menm jan ak bato sa a. Yon lè w ka santi w byen, yon lòt lè w ka pa santi w anfòm. Yon jou w ka gen konfyans Jewova renmen w e l ap ede w, epi nan demen ou ka ap mande tèt ou si l menm wè sa w ap andire (Sòm 10:1; 13:1). Petèt yon zanmi di w pawòl ki konsole w, e sa fè w santi w byen pandan yon tan (Pwo. 17:17; 25:11). Men apre sa, ou kòmanse vin gen dout ankò. Ou ka menm ap mande tèt ou si Jewova abandone w. Nan yon sans, ki jan w ka jete lank lè w ap fè fas ak yon eprèv? Ki jan w ka gen asirans epi kontinye gen asirans Jewova renmen w e l ap ede w?
3. Sòm 31:7 ak 136:1 pale de “lanmou fidèl”, ki sans ekspresyon sa a genyen, e poukisa nou ka di nan kesyon demontre lanmou fidèl, se Jewova ki bay pi bèl egzanp lan? (Gade foto a tou.)
3 Lè w nan eprèv, youn nan fason w ka vin stab menm jan ak yon bato ki jete lank se lè w sonje lanmou fidèl Jewova genyen an. (Li Sòm 31:7; 136:1.) Ekspresyon “lanmou fidèl” la bay ide yon moun ki atache ak yon lòt moun anpil e ki pap janm lage l. Nan kesyon demontre lanmou fidèl, se Jewova ki bay pi bèl egzanp lan. Anfèt Bib la fè konnen Jewova gen “anpil lanmou fidèl”. (Egz. 34:6, 7.) Epitou, Bib la di konsènan Jewova: “Paske, menm jan nou pa ka mezire distans ki gen ant syèl la ak tè a, se konsa tou nou pa ka mezire nan ki pwen Bondye gen yon lanmou ki fidèl pou moun ki gen lakrentif pou li yo.” (Sòm 103:11). Reflechi sou sa sa vle di: Jewova pa janm abandone sèvitè fidèl li yo! Pandan w ap fè fas ak yon eprèv ki rèd anpil, lè w sonje Jewova fidèl, sa ka fè w vin stab menm jan ak yon bato ki jete lank. — Sòm 23:4.
Menm jan lank yon bato anpeche lanm lanmè pote bato a ale lè gen yon gwo tanpèt, konfyans nou gen nan lanmou Jewova ap pèmèt nou rete stab lè n jwenn difikilte. (Gade paragraf 3.)
SONJE LANMOU JEWOVA GENYEN AN SE YON ANSÈYMAN ENPÒTAN KI NAN BIB LA
4. Bay egzanp kèk ansèyman enpòtan ki nan Bib la, epi esplike sa k fè l difisil pou yon moun fè n gen dout sou sa n te aprann yo.
4 Lè w nan eprèv, yon lòt fason w ka vin stab menm jan ak yon bato ki jete lank se lè w sonje lanmou Jewova genyen an se yon ansèyman enpòtan ki nan Bib la. Panse ak lè w te fèk kòmanse etidye Labib. Ou te aprann non Bondye se Jewova, Jezi se sèl Pitit Gason Bondye fè a, mò yo pa konn anyen e tè a pral vin yon paradi kote lèzòm pral viv pou toutan (Sòm 83:18; Ekl. 9:5; Jan 3:16; Rev. 21:3, 4). Yonfwa w te aksepte ansèyman sa yo, li te difisil pou yon moun fè w gen dout sou yo. Sa k fè sa? Paske w te vin konnen se nan Bib la ansèyman sa yo soti. Donk, ou kapab kwè Jewova renmen w e li wè lè w gen pwoblèm paske se youn nan premye bagay ou te aprann nan Bib la. Ann chèche wè plis bagay sou sa.
5. Esplike ki jan yon moun vire do bay fo ansèyman.
5 Lè w te fèk ap etidye Labib, ki sa k te ede w vire do bay fo ansèyman? Sandout, se lè w te konpare sa relijyon w lan te aprann ou ak sa Bib la anseye. Ann pran yon egzanp: Sipoze yon lè, ou te kwè Jezi se Bondye Toupisan an. Men, pandan w t ap etidye Labib, ou te mande tèt ou: ‘Èske ansèyman sa a se laverite?’ Lè w te fin egzamine prèv ou jwenn nan Bib la, ou te kapab di non. Epi, ou te rejte fo ansèyman ou te aprann yo, e w te vin aksepte verite ki nan Bib la ki fè konnen “se [Jezi] ki fèt an premye nan tout kreyasyon an”, li se “sèl Pitit Bondye fè a”. (Kol. 1:15; Jan 3:18.) An reyalite, fo ansèyman ka “byen anrasinen” lakay yon moun e l ka difisil pou l retire yo (2 Kor. 10:4, 5). Men, yonfwa w te rive fè sa, ou pa t retounen nan ansèyman ou te kite dèyè yo. — Flp. 3:13.
6. Poukisa w kapab gen konfyans ‘lanmou fidèl Jewova genyen an ap la pou toutan’?
6 Ou ka fè yon bagay menm jan an anrapò ak sa Bib la anseye sou lanmou Jewova. Lè w nan eprèv, si w kòmanse gen dout Jewova renmen w, mande tèt ou: ‘Èske fason m panse a bon?’ Lè w gen dout Jewova renmen w, reflechi sou pawòl nou jwenn nan Sòm 136:1, vèsè atik la baze sou li a, epi mande tèt ou: ‘Poukisa Jewova fè konnen lanmou li genyen an “fidèl”? Poukisa ekspresyon “lanmou fidèl li genyen an ap la pou toutan” an parèt 26 fwa nan sòm sa a?’ Jan nou sot wè sa, lanmou fidèl Jewova gen pou pèp li a se yon ansèyman enpòtan nou jwenn nan Bib la, menm jan ak lòt ansèyman ou te kontan aprann nan Pawòl Bondye a. Ide ki fè konnen ou pa gen valè pou Jewova oswa li pa renmen w lan se yon manti. Pa aksepte manti sa a menm jan w pa t ap janm aksepte nenpòt lòt fo ansèyman!
7. Ki vèsè konsa ki ban n asirans Jewova renmen n?
7 Gen anpil lòt vèsè nan Bib la ki ban n asirans Jewova renmen n. Pa egzanp, Jezi te di disip li yo: “Nou gen plis valè pase yon bann tikit.” (Mat. 10:31). Men sa Jewova li menm te di pèp li a: “M ap ba w fòs, wi, m ap ede w. Vrèmanvre, m ap kenbe w byen di ak men dwat mwen pou m mennen w nan chemen ki dwat la.” (Eza. 41:10). Remake jan pawòl sa yo klè. Jezi pa di: ‘Nou ka gen plis valè’, e Jewova pa di: ‘Petèt m ka ede w.’ Okontrè, Jezi di: “Nou gen plis valè”, e Jewova di: “M ap ede w.” Lè w ap fè fas ak yon eprèv, si pafwa w konn gen dout Jewova renmen w, vèsè sa yo pap jis fè w santi li renmen w, yo kapab ede w gen konviksyon li renmen w. Vèsè konsa se bonjan prèv ki montre sa. Si w priye Jewova sou dout ou genyen yo e w medite sou vèsè sa yo, w ap kapab di menm pawòl nou jwenn nan 1 Jan 4:16 ki di: “Nou vin konnen Bondye gen lanmou pou nou, e nou kwè sa.”a
8. Ki sa w ka fè si pafwa w gen dout Jewova renmen w?
8 Ki sa w ka fè si pafwa w santi ou toujou gen dout Jewova renmen w? Konpare sa w santi a ak sa w konnen sou Jewova. Ou pa dwe fè santiman w genyen yo plis konfyans pase prèv ou genyen yo. Bib la ban nou bonjan prèv Jewova renmen nou. Si w pa kwè Jewova renmen w, se meprize w ap meprize kalite ki pi enpòtan li genyen an, anpalan de lanmou. — 1 Jan 4:8.
REFLECHI SOU JAN JEWOVA “GEN AFEKSYON POU NOU”
9-10. Konsènan ki sa Jezi t ap pale lè l te di: “Papa a li menm gen afeksyon pou nou”, jan sa parèt nan Jan 16:26, 27? (Gade foto a tou.)
9 Nou ka aprann plis bagay sou lanmou Jewova lè n reflechi sou pawòl Jezi te di disip li yo. Men sa l te di: “Papa a li menm gen afeksyon pou nou.” (Li Jan 16:26, 27.) Jezi pa t di pawòl sa yo jis pou l fè disip li yo plezi. Anfèt, vèsè ki vin anvan yo montre nan moman sa a se pa t sitou konsènan fason disip li yo santi yo li t ap pale. Okontrè, li te plis ap pale konsènan yon lòt bagay, anpalan de lapriyè.
10 Jezi te fèk sot di disip li yo yo dwe priye nan non l, men li pa t di yo se li menm pou yo priye (Jan 16:23, 24). Li te enpòtan pou yo konn sa. Apre Jezi fin resisite, disip li yo te ka gen tandans priye l. Dayè, Jezi te vin zanmi yo. Yo te ka panse piske Jezi renmen yo anpil li t ap vle koute priyè yo fè e li t ap mande Papa l ede yo. Men, Jezi te di yo pa ta dwe panse konsa. Poukisa? Paske li te di yo: “Papa a li menm gen afeksyon pou nou.” Donk, Jewova tèlman renmen nou, se li menm pèsonèlman ki koute priyè nou. Verite sa a se youn nan ansèyman enpòtan nou te aprann anrapò ak lapriyè. Reflechi sou sa sa vle di pou ou. Grasa etid ou te fè nan Bib la, ou te vin konnen Jezi e w te vin renmen l (Jan 14:21). Men, menm jan ak disip yo nan premye syèk la, ou kapab priye Bondye san pwoblèm paske w konnen “li [...] gen afeksyon pou nou”. Chak fwa w priye Jewova, ou montre w gen lafwa nan pawòl sa yo. — 1 Jan 5:14.
Ou ka priye Jewova avèk konfyans, piske w konnen li “gen afeksyon pou nou”. (Gade paragraf 9-10.)b
REZON KI KA FÈ N GEN DOUT JEWOVA RENMEN NOU
11. Poukisa Satan t ap kontan si n ta gen dout Jewova renmen n?
11 Ki sa k ka fè n gen dout Jewova renmen n? Ou ta ka di se Satan, e t ap gen verite nan sa w di a. Dyab la “ap chèche devore” nou, e l t ap kontan si n ta gen dout Jewova renmen n (1 Pyè 5:8). Dayè, lanmou Jewova genyen an pouse l bay ranson an, yon bagay Satan ta renmen nou santi nou pa bon ase pou n benefisye l (Ebre 2:9). Men, kiyès ki t ap kontan si n ta gen dout Jewova renmen n? Se Satan ki t ap kontan. E kiyès ki t ap kontan si n ta sispann sèvi Jewova lè n jwenn eprèv? Se Satan ki t ap kontan. Satan ap chèche fè n panse Jewova pa renmen n. Men, se pa vre. Se Satan Jewova pa renmen. Epoutan, youn nan pi gwo “manèv” Satan itilize, se chèche fè n santi se nou menm Jewova pa renmen e li pa bezwen (Efe. 6:11). Lè n rann nou kont sa Dyab la, ènmi nou an, ap chèche fè, nou kapab pran plis detèminasyon pou n “opoze [avè l]”. — Jak 4:7.
12-13. Lefètke nou enpafè, ki jan sa ka fè n gen dout Jewova renmen nou?
12 Gen yon lòt bagay ki ka fè n gen dout Jewova renmen n. Ki sa l ye? Se peche nou eritye a (Sòm 51:5; Wom. 5:12). Peche met distans ant lèzòm ak Kreyatè yo a. Epitou, li gen move efè sou panse yo, sou kè yo ak sou kò yo.
13 Peche aji sou santiman nou. Li lakòz nou santi n koupab, nou gen tètchaje, nou santi n pa vo anyen e nou wont. Nou kapab santi n konsa lè n fè yon peche. Men, nou ka gen santiman sa yo tou paske nou toujou sonje nou se pechè, alòske se pa konsa Bondye te vle n ye lè l te kreye nou (Wom. 8:20, 21). Menm jan yon machin ki gen yon kawotchou l plat pa ka woule byen, se menm jan an tou, enpèfeksyon fè n pa kapab jan Jewova te kreye n pou n ye a. Donk, nou pa sezi si pafwa nou konn ap mande tèt nou èske Jewova renmen n toutbon. Si sa rive, nou bezwen sonje Jewova se “Bondye ki gran an, [li] menm ki merite pou moun gen lakrentif pou [li], ki respekte alyans [li] fè, ki montre [li] gen lanmou ki fidèl pou moun ki renmen [l] e ki obeyi kòmandman [l]”. — Ney. 1:5.
14. Lè n reflechi sou ranson an, ki sa k ka ede n pou n pa panse Jewova pap janm ka renmen n? (Women 5:8). (Gade kare ki gen tit “Veye kò nou ak ‘pouvwa peche genyen pou l twonpe moun’”.)
14 Se vre pafwa nou ka santi n pa merite pou Jewova renmen n. Lè n byen gade, nou pa merite sa vre. E se sa k fè lanmou li gen pou nou an vrèman espesyal. Pa gen anyen nou ka fè pou n merite pou Jewova renmen n. Aktout sa, ranson an kouvri peche nou, e se paske Jewova renmen n ki fè l te pran dispozisyon sa a (1 Jan 4:10). Epitou, sonje Jezi te vin sove moun ki pechè, li pa t vin sove moun ki pafè. (Li Women 5:8.) Pa gen youn nan nou ki ka fè tout bagay byen nèt, e Jewova pa atann pou n fè sa. Lè n konprann lefètke nou se pechè sa kapab fè n gen dout Jewova renmen n, nou ka vin pi detèmine toujou pou n pa kite sa rive. — Wom. 7:24, 25.
CHWAZI RET FIDÈL
15-16. Si n ret fidèl ak Jewova, ki asirans nou kapab genyen, e sa k fè n ka di sa? (2 Samyèl 22:26).
15 Jewova ta renmen n fè bon chwa a, sa vle di pou n “rete atache” avè l (Det. 30:19, 20). Si n fè sa, nou kapab gen asirans l ap ret fidèl avè n. (Li 2 Samyèl 22:26.) Toutotan nou ret fidèl ak Jewova, nou kapab konte sou li pou l ede n fè fas ak kèlkeswa sa k ta rive nan lavi nou.
16 Jan nou sot wè sa, lè n jwenn eprèv, nou gen anpil rezon pou n rete stab menm jan ak yon bato ki jete lank. Nou konnen Jewova renmen n e l ap ede n. Se sa Labib anseye. Si sa ta rive nou vin gen dout Jewova renmen n, nou ka reflechi sou sa nou konnen ki laverite olye n ret ap reflechi sou sa n santi ki laverite. Ann kontinye gen konfyans lanmou fidèl Jewova genyen an ap la pou toutan, jan Bib la fè konn sa.
KANTIK 159 Bay Jewova glwa
a N ap jwenn lòt egzanp nan Detewonòm 31:8, Sòm 94:14 ak Ezayi 49:15.
b ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap priye Jewova pou ede l pou l ka pran swen madanm li ki malad, pou l byen jere kòb li genyen e pou l aprann pitit fi l renmen Jewova.