BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwhf atik 32
  • Lè yon timoun vle touye tèt li

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lè yon timoun vle touye tèt li
  • Èd pou fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa paran yo ta dwe enkyete konsènan timoun k ap touye tèt yo?
  • Kòman w ap fè konnen si pitit ou an danje?
  • E si pitit ou anvi touye tèt li?
  • Ede pitit ou sipòte lapenn li genyen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Apendis: Kesyon paran yo konn poze
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Mwen vle mouri — Èske Bib la ka ede m lè m anvi touye tèt mwen?
    Repons Bib la bay
  • Paran, ede pitit ou vin gen yon lafwa solid
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
Gade plis
Èd pou fanmi
ijwhf atik 32
Yon tifi ki adolesan k ap gade atè, sanzespwa.

ÈD POU FANMI | FASON POU N LEVE TIMOUN YO

Lè yon timoun vle touye tèt li

Nan dènye ane sa yo, nan kèk peyi, kantite adolesan ki touye tèt yo vin pi plis lontan. Ki sa k fè sa? Èske pitit ou an danje?

Nan atik sa a

  • Poukisa paran yo ta dwe enkyete konsènan timoun k ap touye tèt yo?

  • Kòman w ap fè konnen si pitit ou an danje?

  • E si pitit ou anvi touye tèt li?

Poukisa paran yo ta dwe enkyete konsènan timoun k ap touye tèt yo?

Soti ane 2009 pou rive ane 2019, nan peyi Etazini, gen 40 pousan plis timoun nan lekòl segondè ki te gen sentòm depresyon. Kantite timoun ki touye tèt yo ogmante anpil tou pandan peryòd sa a.a

“Jounen jodi a, timoun yo ap fè fas ak yon seri pwoblèm timoun lòt jenerasyon yo pa t konn jwenn. […] E pwoblèm sa yo gen gwo konsekans sou sante mantal yo.” — Vivek H. Murthy, U.S. Surgeon General.

Prensip biblik: “Lè yon moun dekouraje nèt, sa fè l pèdi fòs.” — Pwovèb 17:22.

Kòman w ap fè konnen si pitit ou an danje?

Egzamine pwen ki annapre yo.

  • Sitiyasyon. Èske sa pa gen lontan depi pitit ou te fè fas ak yon sitiyasyon difisil? Petèt gen moun ki pa t aksepte l? Èske l te nan yon relasyon ki kraze, li te jwenn yon echèk kèlkonk oswa gen yon moun li te renmen ki mouri? Si se sa, èske petèt sitiyasyon sa a gen plis efè sou li pase sa w panse?

  • Konpòtman. Èske pitit ou a sispann wè zanmi l oswa fanmi l? Oubyen li pa demontre enterè nan yon seri aktivite li te renmen anvan? Èske li bay kèk bagay li renmen anpil?

  • Pawòl. Èske pitit ou pale sou lanmò oswa li di yon seri bagay tankou: “Sa t ap pi bon si m te mouri”? Èske li di pawòl tankou li pa vle yon chay pou ou?

    Natirèlman, gen kèk pawòl se kapab jis “vye pawòl”. (Jòb 6:3.) Men, gen kèk lòt se kapab yon fason timoun nan ap mande èd. Donk, kèlkeswa sa pitit ou di ki ta fè konprann li ta vle mouri, pran sa an konsiderasyon.

Eseye sa: Pale ak pitit ou. Ou ka mande l dirèkteman: “Èske w konn panse touye tèt ou?” Lè w di sa, se pa sa k ap mete lide a nan tèt pitit ou.

Si timoun nan ta di li te deja panse touye tèt li, ou ta ka mande l: “Èske w konn panse ak ki lè oswa ki jan w vle fè sa?” Selon repons li bay, sa ap ede w wè jis nan ki pwen pou w aji vit.

“Antanke paran, nou ka pa vle poze pitit nou yon seri kesyon paske nou pè sa yo pral di. Men, si sa yo di yo se konsa yo santi yo, nan ka sa a, li pi bon pou nou konnen egzakteman sa yo panse ?” — Sandra.

Prensip biblik: “Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.” — Pwovèb 20:5, Bib la.

E si pitit ou anvi touye tèt li?

  • Avèk pasyans, chèche konn sa pitit ou panse. Pou kòmanse, felisite l paske l di w sa l panse. Apre sa, ou ka di l: “Mwen ta renmen konprann ki sa k ap trakase w. Di m ak ki sa w ap fè fas nan moman an” oswa “Èske w ka esplike m ki jan w santi w?”

    Yon manman k ap konsole pitit fi l ki dezespere.

    Koute repons timoun nan ap bay la avèk pasyans. Pinga w minimize santiman l oswa ou kouri ba l solisyon.

    Prensip biblik: “[Ou] dwe dispoze koute, [ou] pa dwe prese pale, ni prese fè kòlè.” — Jak 1:19.

  • Ede pitit ou gen yon plan pou pwoteje l. Ede pitit ou idantifye pwen ki annapre yo epi ekri yo:

    Siy. Ki sitiyasyon ki konn lakòz li gen panse sa yo, oswa ki panse ki konn vin nan tèt li anvan l gen panse pou l touye tèt li?

    Aktivite. Ki aktivite ki plis kapab ede l redui strès li epi ede l panse yon lòt jan?

    Èd. Èske pitit ou a gen moun li kapab mande èd lè l bezwen? Pami moun sa yo se kapab ou menm, yon lòt granmoun li fè konfyans, yon pwofesyonèl nan sante mantal oswa yon enstitisyon ki fòme pou ede moun ki konn panse touye tèt yo.

    De paran k ap koute pitit fi yo, pandan pitit la ap esplike jan l santi l.

    Fè yon plan pou pwoteje pitit ou.

    Yon anpoul.

    Konsèy: Retire tout bagay ki kapab reprezante yon danje nan kay la, sa gen ladan l medikaman doktè preskri, oswa mete yo yon kote li pa fasil pou moun jwenn.

    Prensip biblik: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” — Pwovèb 21:5.

  • Rete vijilan. Kontinye pale ak pitit ou pou w konn ki jan l santi l, menmsi timoun parèt pi byen.

    “Lè pitit gason m nan te di m li pa t panse touye tèt li ankò, mwen te panse pwoblèm nan te rezoud. Se yon gwo erè m te fè. Moun nan kapab vin fè fas ak yon lòt sitiyasyon ki vin fè l anvi touye tèt li ankò, e sa ka rive sanzatann.” — Daniel.

    Yon manman k ap gade nan retwovizè machin li e ki wè jan figi pitit li tris.

    Ede pitit ou ki adolesan konprann yon verite enpòtan anrapò ak santiman, sèke yo pa la pou lontan. Men sa yon liv (The Whole-Brain Child) di anrapò ak santiman: “Yo menm jan ak [move] tan. Lè lapli ap tonbe, lapli a reyèl. Li pa t ap fè sans pou n ret kanpe anba lapli a epi pou n fè kòmsi l pap fè lapli. Men l pa t ap fè sans tou pou n ta panse solèy la pap janm leve ankò.”

  • Bay pitit ou asirans: Di pitit ou ou renmen l e fè l konnen li ka konte sou èd ou. Ou ka di l: “M ap fè tout sa k posib pou m ede w fè fas ak sitiyasyon sa a.”

    Prensip biblik: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

a Pifò moun ki soufri depresyon pa touye tèt yo. Men, anpil nan moun ki touye tèt yo te soufri depresyon nan moman yo touye tèt yo.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje