BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwhf atik 31
  • Fason pou evite gen jalouzi nan maryaj nou

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Fason pou evite gen jalouzi nan maryaj nou
  • Èd pou fanmi
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa jalouzi ye?
  • Ki sa k lakòz jalouzi san rezon?
  • Ki jan w ka kontwole jalouzi w?
  • Frè Jozèf yo jalou Jozèf
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • “Se pou tout moun onore maryaj”
    “Rete nan lanmou Bondye”
  • Sa w ka fè pou w pa divòse pandan w fin granmoun
    Èd pou fanmi
  • Fason pou n kite travay nan plas li
    Èd pou fanmi
Gade plis
Èd pou fanmi
ijwhf atik 31
Yon madanm ki fache k ap gade mari l k ap pale ak yon fi nan yon ti fèt.

ÈD POU FANMI | MARYAJ

Fason pou evite gen jalouzi nan maryaj nou

De moun pa kapab gen kè kontan nan maryaj yo si youn pa gen konfyans nan lòt. Donk, ki sa n ka fè pou n evite gen jalouzi san rezon?

Nan atik sa a

  • Ki sa jalouzi ye?

  • Ki sa k lakòz jalouzi san rezon?

  • Ki jan w ka kontwole jalouzi w?

  • Si moun ou marye avè l la jalou

  • Gid pou ede n pale sou sijè a

Ki sa jalouzi ye?

Mo “jalouzi” a kapab gen plizyè sans. Nan atik sa a, mo jalouzi a fè referans ak santiman nou genyen lè n panse yon moun enterese nan konjwen nou oswa nou panse konjwen nou enterese nan yon lòt moun. Nou kapab santi maryaj nou an danje. Si se sa vre, nan ka sa a li nòmal pou n fè jalouzi. Rezon an se paske maryaj se relasyon ki pi sere ki genyen ant de moun, e de moun ki marye ta dwe fè tout sa yo kapab pou pwoteje relasyon sa a.

Prensip biblik: “Yo pa de ankò, men yo se yon sèl chè. […] Sa Bondye mete anba menm jouk, pinga lòm separe l.” — Matye 19:6.

“Si gen yon bagay ki reprezante yon danje pou maryaj ou, jalouzi kapab tankou yon aparèy ki pou detekte dife k ap fè nou konnen gen danje e k ap pouse nou aji.” — Benjamin.

Men, jalouzi san rezon an, se sispèk yon moun sispèk yon bagay oswa li pè, alòske pa gen okenn rezon pou sa. Lanmou ki sensè ap pwoteje nou kont kalite jalouzi sa a ki kapab fè nou mal (1 Korentyen 13:4, 7). Men sa Dr. Robert L. Leahy te ekri: “Lè yon moun [jalou san rezon], li kapab fè yon seri aksyon ki mete relasyon an an danje, alòske li panse se pwoteje l ap pwoteje relasyon sa a.”a

Ki sa k lakòz jalouzi san rezon?

Petèt si w te marye anvan sa epi moun nan te trayi w, sa ka fè w vin gen tandans fè jalouzi san rezon. Oswa petèt, maryaj paran w pa t mache akoz youn ladan yo pa t fidèl e w pè pou menm bagay la pa rive nan maryaj ou.

“Papa m te twonpe manman m lè m te piti, sa te vin fè l difisil pou m fè moun konfyans. Sa gen move efè sou mwen nan domèn emosyonèl paske sa fè l difisil pafwa pou m fè mari m konfyans.” — Melissa.

Yon lòt bagay ki ka koz sa: Si w gen tandans pa kwè nan tèt ou, li ka fasil pou w konsidere yon lòt moun kòm yon danje pou maryaj ou. Ou kapab menm kòmanse kwè mari w oswa madanm ou ap kite w pou l pran yon lòt moun.

“Gen yon zanmi mari m ki te mande l pou l fè pati kòtèj maryaj li, sa t ap vle di li t ap gen yon fi ki t ap demwazèl donè ki t ap akonpaye l. Mwen pa t alèz ak ide sa a. Li te oblije di zanmi l lan non.” — Naomi.

Koutim anrapò ak maryaj pa menm selon zòn yo, donk, kretyen yo dwe kite se prensip ki nan Bib la ki gide yo. Men, èske Naomi te montre l rezonab nan sitiyasyon sa a? Lè l ap panse ak sa, li rekonèt li pa t gen okenn rezon pou l jalou. Li di: “Mwen pa t gen konfyans nan tèt mwen nan moman an. Mwen te panse mari m t ap konpare m ak lòt fi, men se nan tèt mwen pwoblèm nan te ye.”

Kèlkeswa sa ki lakòz ou jalou san rezon, sa kapab fè w pa gen konfyans nan moun ou marye avè l la e w ka menm akize l kòmkwa l ap twonpe w. E lè w ap viv nan yon maryaj kote pa gen konfyans, nonsèlman sa pa bon pou maryaj la men tou, sa ka gen move efè sou sante w.

Prensip biblik: “Jalouzi tankou yon kansè.” — Pwovèb 14:30, Tradiksyon fasil pou li (Easy-to-Read Version).

Ki jan w ka kontwole jalouzi w?

Ranfòse konfyans ou. Olye w chita ap chèche siy ki montre konjwen w pa fidèl, reflechi sou diferan bagay li te fè ki ba w prèv ou kapab fè l konfyans.

“Mwen panse ak bèl kalite mari m genyen yo. Si l demontre enterè nan yon moun, se paske li enterese nan moun sensèman, se pa paske li gen move entansyon. Mwen toujou ap raple tèt mwen se pa paske maryaj paran m pa t mache ki vle di maryaj pa m pap mache tou.” — Melissa.

Menm madanm nan k ap gade foto maryaj li e ki kontan. Li gen yon bib ki ouvri devan l.

Prensip biblik: “Lanmou […] kwè tout bagay.” — 1 Korentyen 13:4, 7.

Pa annik kwè sa w panse yo. Men sa Dr. Leahy, nou te site pi wo a, ekri: “Souvan, lè nou panse yon bagay, nou kwè li se laverite. Nou tèlman kwè sa, se kòmsi se prèv nou genyen. Men, se pa paske nou kwè yon bagay ki fè l se laverite e konviksyon nou se pa yon prèv vre.”b

“Lè nou analize yon sitiyasyon epi nou kòmanse tire konklizyon, sa ka vin kreye yon pwoblèm ki pa t egziste.” — Nadine.

Prensip biblik: “Se pou tout moun konnen nou kòm moun ki rezonab.” — Filipyen 4:5.

Pale sou sa k enkyete w. Kèlkeswa sa ki lakòz ou fè jalouzi a, pale ak moun ou marye avè l la sou sa k enkyete w yo, konsa nou toude kapab fikse limit ki rezonab sou fason pou n aji.

“Lè n ap pale sou bagay sa yo, met nan tèt ou mari w oswa madanm ou pa gen entansyon blese w e li menm tou l ap eseye pran bon desizyon. Met nan tèt ou li gen bon entansyon. Petèt ou twò sansib e w atann twòp bagay. Oswa petèt mari w oswa madanm ou pa menm rann li kont li pa ba w atansyon w bezwen.” — Ciara.

Madanm nan ki chita deyò ak mari l e k ap di mari a jan l santi l.

Prensip biblik: “Se pou chak moun kontinye chèche, non pa pwòp avantaj pa l, men avantaj pa lòt moun.” — 1 Korentyen 10:24.

a b Dapre liv The Jealousy Cure.

Si moun ou marye avè l la jalou

Pa kouri panse moun ou marye avèk li a pa pa gen rezon pou l fè jalouzi. Men pito, eseye ede l chèche sa ki lakòz li santi l jalou a. Bib la di mari yo pou yo aji ak madanm yo “yon fason ki montre yo konprann yo”. (1 Pyè 3:7, The Word — New Century Version.) Natirèlman, menm prensip la bon pou madanm yo tou. Li pi enpòtan toujou pou n chèche konprann moun nou marye avèk li a sitou si yon moun te trayi l deja, oswa si pafwa li pa gen konfyans nan tèt li.

Egzamine tèt ou yon fason ki onèt tou. Èske fason w aji ak moun ki pa menm sèks avè w kòrèk, kit se an pèsòn kit se nan telefòn oswa sou Entènèt? Oswa èske w gen tandans pale oswa aji avèk yo yon fason ki montre w enterese nan yo yon fason ki pa kòrèk? Èske moun ou marye avèk li a t ap dakò avè w? Pran detèminasyon pou w pa ba l okenn rezon pou l gen dout ou renmen l e ou fidèl avè l.

Gid pou ede n pale sou sijè a

Si ou menm oswa moun ou marye avè l la jalou san rezon, petèt li ta bon pou w reponn kesyon sa yo poukont ou anvan. Apre sa, pale sou repons yo ak konjwen w nan yon bon moman. Men, sonje, se pou w ‘dispoze koute, pa prese pale’. — Jak 1:19.

  • Nan ki sitiyasyon li pi fasil pou w fè jalouzi?

  • Èske w santi fason konjwen w aji fè w fè jalouzi? Si se wi, nan ki sans?

  • Èske gen lòt koz ki fè w jalou, petèt èske yon moun te trayi konfyans ou deja?

  • Èske sa konjwen w ap fè sou Entènèt, sa gen ladan l tou fason l sèvi ak rezo sosyal yo, fè w santi w jalou tou?

  • Ki chanjman ou ta renmen konjwen w fè?

  • Ki jan w ka ba w konjwen w asirans ou renmen l e ou fidèl avè l?

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje