BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 105
  • Ki jan m ka rive venk timidite m nan?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka rive venk timidite m nan?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Aprann konnen sa ki fè w pè
  • Sa w ka fè
  • Ki sa m ka fè pou m amelyore kapasite pou m fè konvèsasyon?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki sa m ka fè si m santi m poukont mwen?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Èske w timid ?
    Ministè Wayòm nan — 2000
  • Poukisa m pè pale de kwayans mwen lekòl?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 105
Yon jèn fi ki chita poukont li nan yon ti fèt, li pap pale avèk okenn moun.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka rive venk timidite m nan?

Yon move nouvèl: Lè yon moun timid sa ka fè l rate opòtinite pou l fè bonjan zanmitay ak okazyon pou l fè kèk bèl eksperyans.

Yon bon nouvèl: Timidite pa toujou yon move bagay. Pa egzanp, li ka pèmèt ou reflechi anvan w pale e li ka fè w vin yon pi bon obsèvatè e yon moun ki konn byen koute.

Yon pi bon nouvèl: Menmsi w timid, sa pa vle di w ap toujou konsa, ou ka rive venk timidite w la. Atik sa a ap ede w wè jan w ka fè sa.

  • Aprann konnen sa ki fè w pè

  • Sa w ka fè

  • Sa lòt jèn di

Aprann konnen sa ki fè w pè

Timidite ka fè menm ide pou w pale avèk yon moun fasafas vin fè w pè anpil. Kòm konsekans, ou ka santi w izole, kòmsi w te yon kote ki fè nwa poukò w. Sa ka bay laperèz. Men, si w aprann konnen sa ki fè w pè, w ap vin rann ou kont ou pa gen rezon pou w pè. Ann pran twa egzanp:

  • Yon premye bagay ki ka lakòz laperèz: “M pa konn sa pou m di.”

    Sa ki verite: Moun ap plis sonje jan yo te santi yo lè yo te avè w olye yo sonje sa w te di. Ou ka venk timidite w la lè w chèche byen koute lè lòt moun ap pale, konsa w ap montre w vrèman enterese nan yo.

    Fè yon ti reflechi: Ki kalite zanmi ou menm ou prefere, yon moun ki toujou ap pale oswa yon moun ki pran san l pou l koute lòt moun?

  • Yon dezyèm bagay ki ka lakòz laperèz: “Lòt moun ap panse m raz.”

    Sa ki verite: Kit ou timid kit ou pa timid, lòt moun ap gen yon opinyon sou ou. Ou ka gen kontwòl sou timidite w la lè w chèche montre yo ki moun ou ye toutbonvre.

    Fè yon ti reflechi: Si w panse tout moun panse mal de ou, èske se pa ou menm ki jije yo yon fason ki enjis lè w panse yo pa renmen w?

  • Yon twazyèm bagay ki ka lakòz laperèz: “M ap santi m wont si m mal reponn.”

    Sa ki verite: Sa rive tout moun tanzantan. Ou ka venk timidite w la lè w chèche wè erè sa yo kòm yon opòtinite pou w montre lòt moun ou pa bay tèt ou twòp enpòtans.

    Fè yon ti reflechi: Èske w pa renmen pase tan ak moun ki admèt yo pa pafè?

Èske w te konnen? Gen kèk moun ki panse yo pa timid lefètke yo voye anpil mesaj tèks. Men, li pi fasil pou w fè yon vrè zanmi ak yon moun lè w pale avè l fasafas. Men sa yon sikològ e yon espè nan domèn teknoloji ki rele Sherry Turkle fè konnen: “Lè nou wè vizaj youn lòt e lè nou tande vwa youn lòt, se lè sa nou ka vrèman gen yon relasyon youn ak lòt.”a

Menm jèn fi a k ap pale avèk yon mari ak madanm li nan ti fèt la.

Yonfwa ou rive kontwole laperèz ou yo, ou ka vin rann ou kont konvèsasyon fasafas pa stresan jan w te panse sa anvan.

Sa w ka fè

  • Evite konpare tèt ou ak lòt moun. Ou pa oblije vin yon moun k ap atire atansyon sou li. Objektif ou se pou w vin mwens timid, konsa ou pap rate okazyon pou w fè bonjan zanmi ak opòtinite pou w fè bèl eksperyans.

    “Li pa nesesè pou w fè konvèsasyon ki long e li pa nesesè pou w mache pale avèk anpil moun oswa atire atansyon sou ou. Annik eseye fè konesans yon moun ou poko konnen oswa poze kèk kesyon byen senp.” — Alicia.

    Prensip Bib la bay: “Se pou chak moun egzamine sa l fè, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman, men se pa nan konparezon ak yon lòt moun.” — Galat 6:4.

  • Montre w se yon bon obsèvatè. Gade fason kèk moun ki pa timid rive fè konvèsasyon ak lòt moun. Ki sa yo fè ki byen mache? Ki sa yo fè ki pa byen mache? Ki teknik ou wè yo genyen ki byen mache ou menm ou ta renmen eseye tou?

    “Obsève moun ou wè ki pa gen pwoblèm fè zanmi epi aprann nan men yo. Gade fason yo aji ak sa yo di lè yo rankontre yon moun pou premye fwa.” — Aaron.

    Prensip Bib la bay: “Menm jan fè file fè, se konsa tou yon moun ka ede yon zanmi l vin pi bon.” — Pwovèb 27:17.

  • Poze kesyon. Souvan, moun renmen bay pwennvi yo sou yon sijè, donk lè w poze kesyon se yon bon fason pou w kòmanse yon konvèsasyon avèk yo. Epitou, lè w poze kesyon w ap atire mwens atansyon sou ou.

    “Lè w byen prepare w ap santi mwens strès. Ou ka menm prepare kèk sijè konvèsasyon oswa kèk kesyon anvan yon evènman, konsa w ap santi mwens strès lè w rankontre nouvo moun.” — Alana.

    Prensip Bib la bay: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen 2:4

a Selon liv Reclaiming Conversation.

Sa lòt jèn di

Kelsey.

“Kòmanse piti, petèt ak yon souri oswa yon ti ‘bonjou’ e w ap sezi wè jan lòt moun ap reyaji. Konsa, w ap santi w pi alèz pwochèn fwa ou gen pou w pale avèk yon lòt moun.” — Kelsey.

Robin.

“Yon fason oswa yon lòt, chak moun enteresan nan fason pa l e chak moun gen yon bagay lakay li ki gen valè li ka pataje avèk lòt moun. Si w pa pale avèk lòt moun, yo pap janm rive wè tout bèl kalite ou genyen lakay ou.” — Robin.

Veronica.

“Si w fè lòt moun santi yo alèz lè yo avè w, souvan y ap renmen w menmsi w timid. Yon bèl souri ap ede tou. Epitou, li bon pou w chèche wè bèl kalite lòt moun genyen.” — Veronica.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje