BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 7/00 p. 4
  • Èske w timid ?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske w timid ?
  • Ministè Wayòm nan — 2000
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan m ka rive venk timidite m nan?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Jewova ap ba w fòs
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • 2 Timote 1:7—“Lespri sen Bondye ban nou an pa fè nou lach”
    Esplikasyon sou kèk vèsè
  • “Ou pa bezwen pè”
    Ministè Wayòm nan — 2010
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2000
km 7/00 p. 4

Èske w timid ?

1 Nou pa etone lè nou wè yon timoun kache dèyè manman l oswa papa l pou li vòlè je gade n. Timidite se bagay ki natirèl lakay timoun piti. E gen anpil moun, menm lè yo vin granmoun, ki toujou rete timid. Se konsa yo ye. Ki sa pou w fè si timidite sòti pou l anpeche w patisipe nan ministè a kòmsadwa ?

2 Konbat timidite a : Li enpòtan pou w konsantre atansyon w sou “ moun [ou] ye anndan kè a ”. (1 Pyè 3:4.) Ranfòse lanmou w pou Jewova ak pwochen w. Ou dwe klè sou sa : lè nou akonpli misyon nou genyen pou nou preche a, se youn nan pi bon fason nou kapab demontre nou gen yon lanmou ki pa gade sou enterè. Kenbe yon bon pwogram etid pèsonèl epi toujou asiste reyinyon. Priye Jewova pou l ede w. Fè sa regilyèman, avèk presizyon. Si w kwè nan li toutbon, sa va ede w pran konfyans, e sa va ede w jwenn “ plis kouraj toujou pou [w] pale Pawòl Bondye a san krent ”. — Fil. 1:14.

3 Konbat tout santiman ki fè w kwè ou pa alawotè. Sanble Timote te dwe fè sa li menm tou. Pòl te ankouraje Timote pou li pa t kite “ pèsonn meprize jenès ” li, e li te raple l “ Bondye pa t ban nou yon lespri lachte, men li te ban nou yon lespri ki bay pisans. ” ​(1 Tim. 4:12 ; 2 Tim. 1:7). Jewova te sèvi ak Timote nan bon ti mamit, e li va sèvi avè w tou, si w fè efò e si w mete tout konfyans ou nan li. — Sòm 56:11.

4 Gen yon sè ki te timid anpil, e sa te fè l pè mari l ki te opoze. Sè a te reflechi sou Matye 10:37, e sa te ede l. Pèseverans li te fè bagay yo vin pi fasil pou li nan ministè a e, rive yon lè, mari l, manman l, frè l yo, yo tout te asepte laverite !

5 Preparasyon se kle : W ap pran konfyans plis toujou lè w byen prepare pou predikasyon. Chwazi yon prezantasyon senp nan liv Comment raisonner a oswa nan kèk ansyen Ministè Wayòm. Byen konprann li, epi repete l. Olye pou w ap bay tèt ou pwoblèm pou granmesi, rete pozitif. Ou kapab jwenn kouraj lè w travay ansanm avèk lòt frè ak sè. Pa bliye : anpil nan moun ou pral rankontre nan predikasyon yo timid menm jan avè w. Se tout moun ki bezwen tande mesaj Wayòm nan.

6 Si w timid, pa pèdi espwa. Depi w ap fè efò, Jewova ap ede w vin efikas kòm pwoklamatè bon nouvèl la. E se lè sa a w ap jwenn kè kontan nan ministè w. — Pwo. 10:22.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje