Ki sa Bib la di sou gè nikleyè?
Monn nan toujou ap fè fas ak menas pou gen yon gè nikleyè paske pisans mondyal yo kontinye ap ogmante kantite zam nikleyè yo genyen yo. Nòmalman, moun yo enkyete yo plis, paske tank gen plis zam nikleyè ki egziste, se tank gen plis posiblite pou gen yon gè nikleyè. Gen moun ki pè tou pou yon peyi pa ta itilize menm yon ti bonm nikleyè, paske sa ka debouche sou yon gè nikleyè ki ka detwi monn nan. Gen yon jounal ki fè konnen n ap viv ak “posiblite pou gen yon gè nikleyè ki eklate nenpòt lè”. — Bulletin of the Atomic Scientists
Èske gen posiblite pou gen yon gè nikleyè? Si se wi, èske tè a ap toujou la? Ki sa k kapab ede nou jere enkyetid sou posiblite pou gen yon gè nikleyè? Ki sa Bib la di?
Nan atik sa a
Ki jan pou ou jere enkyetid konsènan posiblite pou gen yon gè nikleyè?
Èske liv Revelasyon an ki nan Bib la pale sou yon gè nikleyè?
Èske Bib la anonse ap gen yon gè nikleyè?
Bib la pa pale egzakteman de gè nikleyè. Men, Bib la anonse konpòtman moun yo ak evènman yo kapab mennen nan yon gè nikleyè.
Ann konpare sa ki di nan vèsè ki annapre yo ak evènman k ap pase nan monn nan jodi a:
Vèsè biblik: Disip Jezi yo te mande l: “Ki lè bagay sa yo ap fèt, e ki siy k ap siy prezans ou e k ap siy fen sistèm nan?” Jezi te di: “Nasyon pral leve kont nasyon, e wayòm pral leve kont wayòm.” — Matye 24:3, 7.
Evènman k ap pase nan monn nan: Byen souvan, se plis peyi, sa gen ladan l peyi ki gen zam nikleyè oswa ki ka vin gen zam nikleyè, ki patisipe nan lagè.
“Nan ane ki sot pase yo, monn nan vin pi vyolan, vin gen plis gè k ap fèt.” — The Armed Conflict Location & Event Data Project.
Vèsè biblik: “Nan tan lafen an, wa sid la pral nan lit ak wa nò a.” — Dànyèl 11:40.
Evènman k ap pase nan monn nan: Jan Bib la te anonse, plizyè peyi ki nan kont youn ak lòt ak akolit yo ap goumen pou yo vin domine plis tèritwa. Menmsi gouvènman ki gen plis zam nikleyè yo pa fè lagè youn ak lòt dirèkteman, yo kontinye ap travay pou fè zam nikleyè yo genyen yo vin pi pisan e pi efikas.
“Pandan dis ane ki sot pase yo, konfli ant peyi yo kontinye ap ogmante pi plis e menm gen ka kote peyi ki gen gwo pouvwa yo ap soutni peyi k ap fè lagè yo.”— The Uppsala Conflict Data Program.
Vèsè biblik: “Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. Paske, moun yo [...] pap dispoze antann yo, y ap pale moun mal, y ap san metriz, y ap sovaj.” — 2 Timote 3:1-3.
Evènman k ap pase nan monn nan: Menm jan ak anpil moun jounen jodi a, souvan dirijan nan monn nan nan kont youn ak lòt. Olye yo rezoud pwoblèm yo nan lapè, yo pito sèvi ak pouvwa yo oswa yo fè menas. Aksyon sa yo fè gen plis posiblite pou gen yon gè nikleyè.
“Si yo pa chèche yon fason pou yo travay ansanm, ap gen plis lagè ki kapab touye plis moun.”— S. Saran ak J. Harman, World Economic Forum.
Èske Bondye ap pèmèt moun yo fè yon gè nikleyè?
Bib la pa di sa. Bib la di nan epòk pa nou an, “moun pral wè bagay k ap fè yo pè”. (Lik 21:11.) Pa egzanp, se sa k te rive lè yo te itilize bonm atomik nan Dezyèm gè mondyal. Bib la esplike poukisa Bondye te pèmèt gè sa yo. Pou w aprann plis, gade videyo ki gen tit: Poukisa Bondye pèmèt soufrans?
Èske tè a ap toujou la?
Wi. Menmsi lèzòm ta itilize zam nikleyè ankò, Bondye pap pèmèt sitiyasyon sa a rive nan pwen pou yo ta detwi tè a. Bib la pa sèlman di tè a pap janm detwi malgre menas ki genyen yo, men li fè nou konnen ap toujou gen moun sou li.
Gen kèk moun ki imajine, alavni, pral gen yon ti ponyen moun ki pral debat pou yo kontinye viv sou yon tè ki kontamine toupatou akoz lagè nikleyè. Men, Bib la fè nou konnen tout dega ki fèt sou tè a akoz lagè pral repare nèt.
Bondye vle pou nou viv ak kè kontan sou yon bèl tè
Kreyatè nou an fè tè a yon fason ki estrawòdinè pou l ka repare tèt li. E nou konnen, Bondye pral itilize pouvwa l pou l repare tè a. Lè sa a, tè a pral yon bèl kote pou lèzòm abite pou toutan. — Sòm 37:11, 29; Revelasyon 21:5.
Ki jan w ka fè fas ak enkyetid pou gen yon gè nikleyè?
Gen kèk moun ki pè akoz lide pou gen yon gè nikleyè ak konsekans li ka pote. Pwomès ak konsèy nou jwenn nan Bib la kapab ede moun sa yo rive fè fas ak santiman konsa epi vin gen mwens laperèz. Sa k fè nou di sa?
Bib la pwomèt yon bèl avni pou tè a ak pou moun k ap abite sou li. Lè nou vin gen esperans sa a, li ka “tankou yon lank batiman pou vi nou”, e sa ap ede nou gen mwens enkyetid (Ebre 6:19, nòt). Yon lòt bagay ki ka ede nou gen mwens enkyetid, se lè nou viv yon jou alafwa e nou pa ret ap konsantre sou sa ki ta ka rive alavni. Jan Jezi te di sa: “Chak jou gen kont traka pa l.” — Matye 6:34.
An reyalite, li enpòtan pou nou tout pran swen tèt nou pou n ka byen reflechi e rete kalm. Nou ka fè sa lè nou evite li, gade oubyen koute nouvèl ki ka ban nou strès, tankou konvèsasyon moun genyen sou dènyè nouvo zam nikleyè ki genyen yo, sa yo di ki pral rive oubyen opinyon moun genyen sou sijè sa a. Sa pa vle di nou fèmen je nou sou reyalite ki genyen an. Men pito, nou fè sa n kapab pou n pa ret ap konsantre sou evènman nou pa ka kontwole oubyen ki kapab pa janm rive.
Pran yon ti poz sou move nouvèl yo epi konsantre sou bon bagay ki gen nan lavi w.
Bib la bay yon espwa ki sèten konsènan yon pi bon avni
Plis n ap aprann sou pwomès Bondye yo, se plis n ap gen espwa, kè kontan ak lapè.
Èske Bib la anonse Amagedon pral yon gè nikleyè?
Gen moun ki panse Amagedon pral yon gè nikleyè sou tout tè a. Sandout yo imajine ki jan lavi a pral ye apre yon katastwòf konsa.
Sepandan, lè Bib la itilize mo “Amagedon” an, li fè referans ak lagè ki pral genyen ant “wa ki sou tout tè a”, oswa gouvènman lèzòm yo, ak Bondyea (Revelasyon 16:14, 16). Lagè Amagedon pa pral fèt pou l detwi tout sa l jwenn sou wout li san kontwòl menm jan yon bonm nikleyè t ap fè sa. Okontrè, nan lagè Amagedon an, Bondye pral detwi sèlman moun ki mechan yo, e apre n ap gen vrè lapè ak sekirite. — Sòm 37:9, 10; Ezayi 32:17, 18; Matye 6:10.
Ki sa Bib la di pou rezoud pwoblèm lagè a?
Jewovab pral montre pouvwa li genyen sou nasyon yo k ap fè lagè yo lè l mete fen ak lagè ak lè l detwi zam yo genyen yo. Li pral fè sa pa mwayen Wayòm li an, yon Wayòm ki nan syèl la ki pral pran kontwòl sou tout zafè lèzòm sou tè a. — Dànyèl 2:44.
Wayòm Bondye a pral anseye moun yo fason pou yo viv nan lapè ak tèt ansanm. Piske pral gen yon sèl gouvènman ki pral dirije tout tè a, pa pral gen kont ki konn egziste nan mitan nasyon yo ankò. Lèzòm pa pral aprann fè lagè menm ankò (Miche 4:1)! Ki rezilta sa pral bay? “Tout moun va viv ak kè poze anba tonèl rezen yo, anba pye fig frans yo. Pesonn p’ap chache yo kont.” — Miche 4:4, Bib la.
a Gade atik: “Ki sa lagè Amagedon an ye?”
b Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik: “Kiyès Jewova ye?”