BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 74
  • Ki jan m ka evite krake?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka evite krake?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Rezon ki fè sa rive
  • Poukisa sijè sa a enpòtan?
  • Sa w ka fè
  • Kèk modèl prezantasyon
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Ki jan mwen ka jere tan m?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Poukisa m dwe pran swen sante m?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Ki jan m ka reyisi lekòl menm lè se lakay mwen m suiv kou yo?
    Kesyon jèn yo konn poze
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 74
Yon jèn gason ki santi teknoloji, spò, detant ak devwa pou lekòl li soti pou anvayi l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka evite krake?

Èske w sou wout pou w krake? Si se wi, atik sa a kapab ede w!

  • Rezon ki fè sa rive

  • Poukisa sijè sa a enpòtan?

  • Sa w ka fè

  • Sa lòt jèn di

Rezon ki fè sa rive

  • Twòp bagay pou w fè. Men sa yon jèn fi ki rele Julie di: “Nan tout domèn nan lavi a, tout moun ap di w se pou w vin pi bon, se pou w kontinye amelyore w, se pou w gen pi gwo objektif epi jwenn pi bon rezilta. Sa vrèman difisil pou w toujou anba presyon konsa!”

  • Teknoloji. Avèk telefòn entèlijan yo, tablèt yo, ak lòt aparèy elektwonik yo, nou sanse konekte e disponib prèske 24 sou 24 e se yon sitiyasyon ki ka fè n strese, e rive yon lè nou kapab krake.

  • Manke dòmi. Men sa yon jèn dam ki rele Miranda di: “Akoz lekòl, travay ak detant, anpil jèn leve bonè e yo dòmi ta, se kòmsi yo pa gen lòt solisyon. ” Byen souvan, sa lakòz moun krake.

Poukisa sijè sa a enpòtan?

Labib pale an byen de moun ki dilijan (Pwovèb 6:6-8; Women 12:11). Men li pa ankouraje moun travay jiskaske yo vin lakòz yo gen pwoblèm, tankou pwoblèm sante.

“Gen yon lè, m te remake m te pase tout yon jounen san manje paske m te twò konsantre sou tout sa m te gen pou m fè. Mwen rann mwen kont li pa bon pou m kouri aksepte tout travay yo ban m fè, si sa ap mete byennèt mwen an danje.” — Ashley.

Bib la gen rezon di: “Yon chen ki vivan pi bon pase yon lyon ki mouri.” (Eklezyas 9:4). Lè w fòse tèt ou fè anpil bagay, sa ka fè w panse ou gen menm fòs ak yon lyon, omwen pou yon ti tan. Men, travay jiskaske w krake kapab gen gwo konsekans sou sante w.

Sa w ka fè

  • Aprann di non. Bib la di: “Se moun ki konn limit yo ki gen sajès.” (Pwovèb 11:2). Moun ki gen imilite konn limit yo, e yo pa aksepte pran plis responsablite pase sa yo kapab jere.

    “Yon moun ki pa konn di non se youn nan premye moun ki kapab krake, paske l vle fè tout travay yo ba l fè. Sa montre li pa konn limit li. Donk, yon lè kanmenm, l ap krake.” — Jordan.

  • Pran ase repo. Bib la di: “Li pi bon pou yon moun pran yon ti repo olye l plede ap travay di e li kontinye ap kouri dèyè van.” (Eklezyas 4:6). Yo di lè yon moun dòmi se manje li bay sèvo l, men pifò adolesan pa dòmi 8 oswa dis èdtan lannuit, kantite tan kò yo bezwen an.

    “Lè m te konn gen anpil travay pou m fè, m te konn gen tandans pa dòmi ase. Men pafwa, se inèdtan mwen te rete san dòmi an mwen te bezwen pou m te ka pi efikas e pou m pi kontan nan demen.” — Brooklyn.

  • Byen planifye. Bib la di: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” (Pwovèb 21:5). Lè w aprann jere tan w ak aktivite w ap fè, se yon bagay k ap itil ou pandan tout vi w.

    “Ou ka evite anpil strès lè w itilize yon kanè pou w planifye. Paske, lè w gen yon pwogram devan je w, l ap pi fasil pou w wè ki kote ou bezwen fè ajisteman pou w pa krake.” — Vanessa.

Sa lòt jèn di

Gianna

“Gen kèk moun ki krake paske y ap eseye fè plis lajan. Men, nan 1 Timote 6:8 nou aprann pou n kontante n ak sa ki vrèman nesesè nan lavi a. Sa raple n enpòtans pou n mennen yon vi ki senp e pou n pa pase tan ap travay di pou bagay nou pa menm bezwen.” — Gianna.

Waylon

“Lefètke mwen pwograme sa m gen pou m fè chak semèn, sa ede m anpil anpil. Lè m potko gen pwogram, mwen te konn gen tandans di wi pou tout bagay, alòske m pa t ka rive fè yo. Sa te lakòz mwen strese e m pa t ka rive fè anpil bagay.” — Waylon.

Kara

“Ou ka panse ou dwe aksepte tout envitasyon yo fè w, e si w pa fè sa kè w pap kontan. Men, mwen vin rann mwen kont se lekontrè. W ap pi kontan e w ap mwen fatige lè w gen ase tan pou tèt ou.” — Kara.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje