FASON N ITILIZE OFRANN NOU YO
Fason sa ki anplis la kouvri sa k manke a
1YE OKTÒB 2020
Temwen Jewova yo mennen aktivite relijye yo e yo pote èd bay moun nan plis pase 200 peyi. Men, se sèlman 35 nan peyi sa yo ki kapab kouvri depans ki nesesè yo avèk ofrann yo resevwa nan peyi a. Ki jan nou rive kouvri depans nou yo nan peyi kote moun yo pa gen anpil mwayen?
Kolèj santral Temwen Jewova yo egzamine sa frè ak sè n yo nan lemonnantye bezwen pou yo adore Jewova e pou yo preche bon nouvèl la. Yo byen planifye fason pou yo pi byen itilize ofrann yo. Si gen yon filyal ki resevwa plis ofrann pase sa yo bezwen pou kouvri depans yo, filyal sa a mete sa ki anplis la disponib pou lòt filyal ki pa gen anpil mwayen. Dispozisyon sa a pèmèt yo suiv egzanp kretyen nan premye syèk la ki te ede youn lòt “pou bagay yo vin egal”. (2 Korentyen 8:14.) Yo te sèvi ak sa yo te gen anplis pou ede lòt kretyen parèy yo ki te nan bezwen.
Ki santiman frè ak sè yo genyen lè yo resevwa sa lòt filyal ki gen anplis voye pou yo? Pa egzanp, nan peyi Tanzani, kote pifò moun nan popilasyon an ap viv ak mwens pase de dola ameriken pa jou, yo te sèvi ak ofrann sa yo pou renove Sal Wayòm kote kongregasyon Mafinga a reyini. Men sa frè ak sè yo nan kongregasyon an fè konnen: “Depi lè nou fin renove Sal Wayòm nou an, nou gen plis moun ki asiste reyinyon yo! Nou gen anpil rekonesans pou òganizasyon Jewova a e pou frè ak sè n yo ki toupatou nan monn nan ki renmen bay, se grasa yo nou gen yon bèl lokal konsa pou n adore Jewova.”
Akoz pandemi kowonaviris la, gen nan frè ak sè n yo nan peyi Srilanka ki pa gen ase manje pou yo manje. Imara Fernando ak pitit gason l lan, Enosh, pami moun sa yo. Men, grasa ofrann ki soti nan lòt peyi, yo rive jwenn èd yo bezwen. Men sa yo te ekri sou yon ti kat yo te fè: “Nou di frè ak sè nou yo mèsi anpil pou lanmou yo demontre pou nou nan peryòd difisil sa a. Nou vrèman kontan lefètke n fè pati fanmi sa a e nou kontinye priye Jewova pou l ede tout frè ak sè n yo nan dènye jou sa yo.”
Imara ak Enosh Fernando
Kèlkeswa kote frè ak sè nou yo ye sou tè a, yo renmen pataje sa yo genyen. Pa egzanp, Enosh te fè yon ti bwat kontribisyon pou l mete lajan pou l ede fanmi ki nan bezwen. Guadalupe Álvarez, yon sè k ap viv nan peyi Meksik, renmen bay tou. L ap viv nan yon zòn kote pifò moun pa touche salè minimòm nan, oswa yo pa gen yon travay pou yo rantre yon ti kòb regilyèman. Aktout sa, li bay sa l kapab. Men sa l ekri: “Mwen remèsye Jewova anpil pou bonte l ak lanmou fidèl li demontre. Mwen konnen ofrann mwen yo ap ajoute avèk lòt ofrann, konsa l ap itil frè ak sè m yo ki nan bezwen.”
Filyal ki voye lajan pou lòt peyi yo ki nan bezwen kontan fè sa. Men sa Anthony Carvalho, yon manm Komite filyal Brezil la di: “Pandan plizyè ane, peyi nou te bezwen èd pou n kouvri depans nou yo. Grasa èd sa a, te vin gen anpil akwasman nan peyi a.” Kounye a, sitiyasyon nou chanje e nou gen privilèj pou n ede lòt peyi. Frè nou yo nan filyal la chèche wè fason yo ka ede travay predikasyon k ap fèt toupatou sou tè a, konsa yo aji antanke disip Jezi.”
Ki pi bon fason Temwen Jewova yo kapab ede frè ak sè yo ki nan bezwen? Se pa lè yo voye kòb dirèkteman bay filyal lòt peyi, men se lè yo fè ofrann pou soutni travay mondyal la. Yo kapab fè sa lè yo mete lajan nan bwat ofrann ki nan Sal Wayòm yo pou soutni travay mondyal la oswa sou donate.jw.org. Nou di nou mèsi anpil pou ofrann nou yo.