Ki jan nou ka pote èd pa nou ?
1 Souvan, lè Temwen Jewova yo tande gen yon dezas ki rive yon kote nan monn nan, yo konn poze kesyon sa a : “ Ki jan nou ka pote èd pa nou ? ” Jan Travay 11:27-30 montre sa, kretyen yo nan premye syèk la te pote èd bay frè yo ki t ap viv nan Jide paske te gen yon grangou nan zòn nan.
2 Nan tan modèn yo, lwa entèn òganizasyon nou an pèmèt li sèvi ak lajan li resevwa pou l fè zèv e pou l pote èd imanitè bay moun k ap soufri anba dezas swa lèzòm swa lanati lakòz, e pou l pote èd nan lòt moman, lè sa nesesè.
3 Pa egzanp, ane pase, anpil frè te fè ofrann pou yo ede moun ki te viktim anba tsunami an, yon katastwòf ki te rive nan zòn Sid Azi. Nou rekonesan anpil pou fason frè yo te reponn ak tout kè yo lè yo te fè ofrann pou fon sekou òganizasyon an. Sepandan, lè gen ofrann ki fèt espesyalman pou yon katastwòf kèlkonk, lalwa nan sèten peyi konn mande pou se sèlman nan objektif yo te fè ofrann nan e sèlman nan yon peryòd byen presi yo dwe sèvi avèk ofrann yo, kit frè yo te fin resevwa èd lokal ki nesesè, kit yo pa t fin resevwa èd sa yo.
4 Pakonsekan, lè n ap fè ofrann pou èd imanitè ak operasyon sekou, li ta bon pou nou bay ofrann sa yo pou travay mondyal la. Fon pou travay mondyal la sèvi ni pou pote sekou ni pou reponn ak bezwen espirityèl fanmi nou fòme antanke kretyen an. Si, pou yon rezon kèlkonk, yon moun vle fè yon ofrann apa pou operasyon sekou, ki pa pou travay mondyal la, nou ka toujou aksepte l e nou ka sèvi avè l nenpòt kote yon operasyon sekou ta nesesè. Sepandan, li t ap pi bon si jan de ofrann sa yo fèt san nou pa presize ki kote e nan ki fason nou ka sèvi avèk yo.
5 Lè nou fè ofrann yo prensipalman pou travay mondyal la, sa pèmèt plis fon vin disponib pou tout aspè travay Wayòm nan, olye pou fon sa yo rezève sèlman pou pote sekou ki ta ka nesesè alavni. Sa ann amoni ak ide nou jwenn nan Efezyen 4:16, ki montre nou travay ansanm pou nou bay sa ki nesesè “ pou kwasans kò a, pou l bati tèt li nan lanmou ”.